Angy Francygy Desravines youn nan pi bèl vwa feminin medya ayisyen an genyen

Ak yon pakou vrèman rich ak eksperyans, Angy Francygy Desravines fè non li sonnen byen nan zòrèy tout moun. Pami tout fanm ki nan medya, li se youn k ap milite depi plizyè ane pou byennèt sektè kiltirèl la. Ak yon vwa chaje ak cham,  yon louk trè atirant li mete anpwent li nan medya ayisyen an.

Angy Desravines se yon jounalis, prezantatris epi fotograf. Li fèt yon premye  Desanm 1992 nan sant vil Pòtoprens, li grandi nan yon katye ki rele Ruelles Villefranc nan Carrefour-Feuilles. Li fè etid primè li nan Centre Anne-Marie Javouhey epi li fè etid segondè li nan lekòl Immaculé de Marie ak Kolèj Les Normaliens Réunis. Li etidye dwa nan Faculté de droit et des sciences économiques des Gonaïves epi jounalis nan ISNAC.

A 19 lane, li fè premye eksperyans li sou sèn kòm animatris, e se lè sa a li di tèt li ke li dwe fè karyè nan jounalis. Avèk anpil lanmou epi pasyon, Angy Desravines rive trase wout li pou l kreye yon show televize nan lane 2020 ki vrèman bèl, ki pote non Angy Desravines Avè w.

Pakou li nan medya kòmanse nan Radyo Megastar an 2013 kòm prezantatris, se la anpil moun ta pral dekouvri bèl fanm kreyòl sa. Apre sa, li pase nan Radyo Espaces FM pou anime yon bèl emisyon ki te pote non Espas Vakans. Li te pase nan Radyo Storm TV kote li te prezante yon emisyon ki rele Event Lakay. Tou swit, li ta pral entegre gwoup Radyo Éclair, presizeman sou TVA Chaîne 30..

Grandi nan yon fanmi monoparantal, Angy Desravines rive enpoze l. Li se yon fanm ki trè kreyatif, chaje ak kapasite entèlektyèl epi talan. Depi nan jèn laj li, li te toujou ap patisipe nan plizyè aktivite sosyal ak kiltirèl. Li te konn jwe nan pyès teyat, li te konn danse tou. Sa pwouve ke depi lontan Angy ap travay sou tèt li epi egzèse talan li.

Li se youn pami fanm ki nan medya ayisyen an ki pi konplè. Li metrize anpil bagay nan miltimedya, li prezante byen, li gen sans de responsabilite, li disipline e li gen anpil lanmou pou sa l ap fè. Se tout sa yo ki fè fyète fanm vanyan sa, fanm endepandant sa. Jodi a, Angy Desravines Avè w vin youn nan pi bèl Show televize ladann anpil pèsonalite  pase pou vann tèt yo epi reponn bèl kesyon Angy yo.

Angy se yon modèl ke anpil jèn fi k ap grandi ta dwe suiv epi pran pakou li kòm bousòl pou reyalize rèv yo.

 

 

TOU O ZANTIY YON NOUVO EP KRESH ANONSE POU AVRIL 2025

Tou O zantiy yon nouvo EP Kresh Prevwa soti nan mwa avril 2025 ki ap gen sou li 6 mizik, plis yon bonis track.
Dancehall music ak sonorite modèn se estil sa yo ki ap domine sou EP sa. Mizik yo prezante yon melanj de estil ki enspire pa mouvman Dancehall pandan y ap entegre yon son ki nouvo, sa ki fè mizik yo pral plis atire jèn ki nan ven ak trantèn yo.

Kresh chwazi non Tou O Zantiy a paske li gen anpil siyifikasyon. Pou li sa reprezante yon angajman nan defann kilti ayisyen an, franse ak karayibeyen an nan tout aspè, espesyalman lè li pale de Kreyòl. Kresh vle defann lang lan atravè Dancehall, e li kwè ke sa a se yon fason pou pote enèji pozitif nan peyi Dayiti epi fè Dancehall ayisyen an fè plis bri entènasyonalman. Li konsidere Tou O Zantiy kòm yon batay pou sa k ap viv nan vilaj yo, moun ki pa gen aksè fasil nan kapital la, men ki renmen Dancehall e ki sèvi ak li pou bay fòs.

Mesaj Kresh vle bay atravè EP sa se lanmou, koneksyon ant moun e pou bay lavi bon enèji. Li vle mete aksan sou lanati, lanmou moun ak moun, e defann koz sa ki pi  fèb yo, espesyalman pou bay black women yo lanmou ak sipò yo merite. Kresh ajoute yon ti touche espesyal, “Tell ’em seh waguann ti mal,” pou bay yon vibe pozitif nan mizik li yo.

Kresh kolabore ak anpil jèn talan nan EP sa, ki sòti nan Dancehall Family. Nou ap jwenn Chosen, Leidea, Myster-Z Greatman, Pitit Madanm nan, MCM, ak Tito Beatz. EP a benefisye de travay plizyè moun. Kòm grafis DJBest se te yon moun ki pote kontribisyon enpòtan nan aspè vizyèl la, pandan François Laurentz Vhansky, Badjo Clermont ak Bouzi Tcherry Snerlin (Kresh) te jwe yon wòl enpòtan nan direksyon atistik la. Li  gen plizyè pwodiktè ki travay sou li, tankou:

Tito Beatz
– Chosen
– BF
– Dhavaldy
– Horby
– Polo Guitar 

Ki mizik ou pi rennmen sou EP a ?

Kresh pataje ke chak mizik sou EP a gen yon enèji inik e se yon bagay ki touche l nan diferan fason. Li di:

– “Bonjou Soley” se mizik ki soti nan kè li, li konsidere l kòm nanm li, paske mizik sa a ap pote limyè e se yon envitasyon pou chanje peyi a.
– “Single Mada” se yon mizik ki rakonte istwa yon manman ki ap leve pitit san papa, yon mesaj pou defann fanmi monoparantal, ki gen pwoblèm yo.
– “Lejand” se yon lòt mizik kote Kresh onore moun k ap bay fòs, li salye lidegid yo ak karaktè yo ki kontinye enspire li sou wout li.

Majorite nan tèks yo se li menm ki ekri yo epi l jwenn sipò Mister9 ak kèk lòt atis sa ki montre angajman li nan pwojè a e kijan li santi sa li ap kreye.

Pwodiksyon EP a pa t pran twòp tan nan studio, paske li te deja planifye l pandan l ap travay sou pwojè album Mouin Ev3’w ki ta pral sòti nan Oktòb 2024. Li ajoute ke travay sou EP a te fèt pandan yon pwosesis ki pi detaye ki gen ladan analiz ak estrikti byen defini. Sa te pèmèt li kreye yon pwojè ki byen balanse anvan l lanse Tou O Zantiy.

Èske li te fasil ou difisi l pou w pwodui chak grenn mizik ?

Kresh konfime ke pwodiksyon an te fasil anpil paske li te konn sa l ap fè e li te gen yon ekip ki te pote enèji pozitif. Sepandan, li mansyone ke anpil difikilte ap vini nan lavi yon atis. Gen moman lè atis yo fè fas ak soufrans ak difikilte finansye, epi Kresh pataje eksperyans li sou sa, sou kijan li te nan moman difisil kote li menm te oblije viv nan kondisyon ki pa t fasil. Li remèsye tout moun ki te ede l atravè vwayaj sa a e li priye pou yo.

Avèk anpil pasyon, travay di ak lanmou, Tou O Zantiy rive fèt. EP sa a se pral yon nouvo etap nan karyè Kresh ki pral  pote nouvo vayb nan mizik Dancehall la. Li anonse l pou mwa Avril k ap vini la rete branche.

 

 

 

MORGAN BEAT JÈN PWODIKTÈ KI PWODUI DÈNYE HIT FANTOM NAN SA W KO WÈ

MorganBeat, yon non ki kòmanse jwenn anpil popilarite nan HMI la nan sa ki gen rapò ak pwodiksyon mizik. Vrè non li se Marvens Pouloute, Li soti Pòtoprens, li gen 35 lane, Li se yon desinatè epi li Se yon achitèk.

MorganBeat kòmanse nan Koze fè beat nan Lane 2010. Sa vle di li gen plis pase 10 lane nan endistri mizik la depi ap pwodui, li gen anpil eksperyans nan sa li ap fè a. Li travay avèk anpil Jèn Talan, Men se aprè l fin pwodui yon kokennchen mizik pou Fantom ki fè anpil moun dekouvri l.

Kijan li rankontre ak Fantom?MorganBeat te fè premye rankont li ak Fantom pandan yon festival rap ki te fèt nan Sendomeng an 2022. Se apre festival sa a ke Mad-S te mennen l nan Studio Tapajè Record la, kote yo te kòmanse kolabore sou albòm Yo Hype la. Se te yon moman kle nan karyè li, paske li te gen opòtinite pou l te kontribye nan yon pwojè ki te atire anpil atansyon. Fantom tèlman renmen touch Morgan aprè l fin pwodui gwo Hit sa ki se Sa w ko wè ak diferan bèl enstrimantal sou Albòm Yo Hype la ak Albòm Tololo a.

Fantom te menm deklare aprè Zaktouch ki se yon Beatmaker li te renmem anpil, ki te pwodui plizyè hit pou li, Morgan se beatmaker ki fè l pi byen.

Lè MorganBeat te tande ke youn nan beat li te pwodui tounen yon hit, li te santi l fyè anpil. Li pataje ke li pa t sezi paske depi nan estidyo a, li te santi gen yon bagay espesyal nan mizik la. Li konnen li gen lòt pwodwi l ki mache tou deja, men li te toujou swete pou travay li yo touche plis moun.

Pandan ke MorganBeat se yon pwodiktè mizik ak yon beatmaker, li pa sèlman limite nan sa. Li te ajoute ke li gen yon lòt pasyon ki se desen. Li se yon achitèk de pwofesyon, yon aspè ki montre kapasite li pou l kreye nan diferan domèn.

Ki pi gwo rèv Morgan ?

Pi gwo rèv li, li te eksplike ke li deja ap viv rèv li kòm yon pwodiktè mizik. Sepandan, li toujou ap travay pou l vin youn nan pi gwo pwodiktè yo. Li swete atenn yon nivo kote tout moun nan endistri a ap tande travay li epi fè yon gwo enpak nan mond mizik la.

Pami tout estil beat li konn fè, MorganBeat pi alèz nan Hip-Hop. Se nan estil sa li santi l pi konfòtab e li ka eksprime tout kreyativite li. Li se yon jèn nan pwodiksyon mizik Ayisyen an, li ap kontinye kreye son ki inik ki ka konekte l ak jenerasyon jodi a.

 

 

PÈRE MARCEL YON JÈN KOMEDYEN KI FÈ ENPAK SOU TOUT KOUCH MOUN AK VIDEYO L YO

Delson Carrenand, tout moun konnen sou non Père Marcel, se yon jèn komedyen ki gen 22 lane. Li soti Ti Gwav, li ap fè anpil bri sou rezo sosyal yo.

Marcel kòmanse nan domèn komedi a nan lane 2020, kote li te kòmanse mete ti videyo sou TikTok. Men, nan premye moman yo, videyo li yo pa t vrèman viral, paske li te plis konsantre sou etid li. Nan kòmansman ane 2023, pandan l t ap boukle ak etid klasik li, li te lage yon nouvo videyo sou TikTok ki te kòmanse atire anpil atansyon. Videyo sa a te rele Istwa Juliana renmen ak Palatou.

Depi lè jèn komedyen an fin vin viral, li pa janm sispann fè kè moun kontan ak bèl videyo li yo. Fason li dekri lavi a, kapasite li pou li chita nan estil granmoun nan, fè anpil moun tonbe damou videyo li yo. Vwa li, jan li mache, makiyaj li ak tout mès li bay nan videyo l yo, marye ansanm pou fè moun toujou swaf pou gade kontni li yo.

Youn nan lòt avantaj li genyen, sè ke li gen yon ekip solid avèk li, tankou frè li ak sè li, yo chak pote yon bagay diferan ki fè videyo l yo gen gwo siksè. Madan Majistra, Juliana ak anpil lòt komedyen ki fè pati ekip sa a fè travay li yo vin pi bèl.

Marcel se youn nan gwo komedyen jenerasyon sa a e li travay anpil pou sa. Ti Gwav mèt kontan paske yo gen Marcel ki ap fè fyète yo.

 

 

 

RV LAUTURE YON MIZISYEN PWOFESYONÈL KI GEN ANPIL LANMOU POU KILTI LAKAY LI

RV Lauture se yon chantè, konpozitè epi bitmekè ki soti Jakmèl. Li etidye mizik nan ENARTS e li se tou yon aranjè ak yon pwofesè mizik.

Li se yon mizisyen pwofesyonèl ki gen anpil eksperyans nan mond mizik la. Li te soti premye mizik li nan lane 2017, ki te rele Où vas le monde. Nan menm ane a, li te lanse yon lòt mizik ki te rele Balonnen, yon kolaborasyon avèk youn nan gwo atis Rasin yo, Samba Zao epi Teaga.

Mizik ki ta pral fè anpil moun dekouvri RV Lauture se te yon kanaval ki soti nan lane 2019, ki te rele Vanyan. Kanaval sa a te fè pati Platfòm Plezi Kanaval la. Genyen lòt moun ki ta pral dekouvri l atravè yon cover’li te fè sou yon mizik Youssoupha, ke li te rele Vodou Gospel.

 

 

Toujou nan ane 2019, li te lage yon lòt mizik ki rele Bwakayiman, yon kolaborasyon ak yon lòt gwo atis, ki se Steeve Valcourt.

Atis la te soti plizyè lòt bèl single ki deja disponib sou tout platfòm streaming yo. Nou envite w al tande atis sa a epi konsome mizik li yo, paske yo ap nouri nanm ou.

RV Lauture chante plizyè estil mizik, men Rasin se sa li santi l pi alèz ladan l. Mizik li yo gen nanm, yo fè nou pi pwòch kilti nou, yo fè nou santi n fò. RV kontinye ap travay san kanpe e li se youn nan moun ki enpòtan anpil pou peyi a.

 

 

HERBY FL PA JANM SISPANN CHAME MELOMÀN YO AK BÈL MELODI

Herby Fontal, ke anpil moun konnen sou non Herby FL, se yon chantè, pwodiktè epi videyomekè ki soti nan Pòtoprens. Li gen 26 lane e li ap chante depi li tou piti.

Herby se yon jèn atis ki gen anpil talan. Li fè anpil bèl mizik lanmou ki fè gwo enpak pozitif sou jèn yo. Lè li ap chante, ou ta ka kwè se li menm ki kreye Koze chante a, paske li fè li avèk jistès epi li pote bèl melodi. Jèn medam sou TikTok yo pa negosye Herby FL paske yo santi se de reyalite yo li ap pale nan chak mizik li soti.

Atis la ap chante pwofesyonèlman depi 2013. Jiska kounye a, li deja soti 5 mizik, ladan yo anpil ki te vin trè viral sou TikTok. Youn nan mizik ki te pèmèt anpil moun dekouvri jèn atis sa a se Promise. Mizik sa a te fè anpil moun tonbe damou atis la, e sou TikTok  anpil moun te fè anpil challenge sou li. Promise te rive jwenn plis pase yon milyon moun ki gade l sou YouTube.

 

 

Aprè gwo siksè sa a, Herby te lage yon lòt mizik ki rele M ap toujou love ou. Kèk mwa apre, li te fè yon kokennchenn kolaborasyon avèk Salil Lira ki te gen pou tit Ala bèl. Mizik sa a fè anpil fanatik kontan paske li gen yon bèl melodi e li trè apresye. Apre sa, li te soti yon lòt mizik nan ane 2023, kise Pran ti kè m . li te chante l ansanm ak Ansito.

Pou ane 2024 la, nan mwa Septanm, li te lanse yon nouvo mizik an kolaborasyon ak Teddy Hashtagg ki rele M jalou. Nan mizik sa a, tou 2 atis yo pa neglije depoze vokal yo avèk bèl melodi ki soti nan kè yo.

Herby pa sèlman yon chantè, men li se yon videyomekè tou. Li ekri fim epi li travay ak lòt atis kòm pwodiktè. Li se yon atis ki gen anpil potansyèl, e li kontinye ap kreye bèl mizik pou jèn yo.

 

 

 

MAXCY CÉANT YON JÈN FOTOGRAF EPI JOUNALIS KILTIRÈL KI AP FÈ ON TRAVAY REMAKAB NAN PEYIZAJ MEDYATIK AYISYEN AN

Maxcy Céant se yon jèn fotograf, jounalis kiltirèl epi reyalizatè Ayisyen ki gen yon pasyon san limit pou travay li. Li fèt Pòdepè yon 12 avril. Li  grandi nan yon anviwònman ki  ba li opòtinite pou devlope kapasite li nan plizyè domèn nan medya. Li etidye Sciences du Développement nan Inivèsite PAODES, kote li te aprann anpil sou sijè sosyal ak devlopman, konesans sa a ede l nan travay li kòm jounalis ak fotograf.

Maxcy Céant se fondatè ak jounalis nan Maxreports, yon medya li kreye pou pote enfòmasyon sou aktivite kiltirèl ak sosyal nan peyi a. Atravè Maxreports, li kouvri anpil evènman tankou bal, festival ak konferans pou laprès. Li se yon repòtè ak fotojounalis nan Gade Dodo, yon platfòm medya ki bay enfòmasyon sou aktivite ak aktyalite kiltirèl. Li se tou jounalis nan Aktyalite HMI, kote li fè rapò sou sa k ap pase nan HMI la akonpanye de  Billy Look ak Olfton Benoit . Li se yon fotojounalis ki te travay nan Media Levanjil , kote li te pran foto ak reyalize bèl montaj videyo ki te ede nan fè pwomosyon aktivite evanjelik yo. Li te travay tou kòm fotograf ak responsab miltimedya nan Chokarella , yon gwoup medya ki vrèman enpòtan nan peyi a. Maxcy te pote kontribisyon li nan MagHaïti , kote li te sèvi kòm fotojounalis.

Maxcy Céant pa sèlman yon fotograf ak jounalis, li se tou yon moun ki angaje nan devlopman jèn talan. Li toujou ap ankadre jèn ki gen potansyèl nan domèn medya, ofri yo espas pou yo eksprime tèt yo ak vann tèt yo. Li fè anpil bèl entèvyou ak jèn atis, mete yo an valè atravè platfòm li yo, e li toujou ap chèche mwayen pou ede yo grandi nan karyè yo. Èske w te konnen Max gen anpil pasyon pou Mizik ? Wi li se yon ansyen chantè kote li ekri ak chante plizyè bèl mizik lanmou lè l te pi jèn.

Maxcy jwe yon gwo wòl  nan HMI la (Haitian Music Industry). Li se youn nan jèn  jounalis ki enpòtan  nan endistri mizikal Ayisyen an.

Youn nan bagay ki pi enpòtan nan lavi Maxcy se fotografi. Li se yon fotograf ki gen anpil lanmou ak pasyon pou sa li fè, e li pa janm negosye sa. Li pran plezi nan kaptire moman enpòtan ak emosyon nan aktivite kiltirèl yo, li fè anpil bèl foto tou pou on pakèt gwo pèsonalite piblik atravè Maxfotografi .

 

 

DIMITRY CHARLES YOUN NAN PI GWO REDAKTÈ MEDYA AYISYEN AN GEN CHANS GENYEN

Dimitry Charles se yon jounalis, redaktè ak prezantatè Ayisyen ki soti nan Pòtoprens, Li fèt nan dat 4 dawout. Li se yon moun ki toujou ap chèche fè plis pou sosyete a atravè travay li nan medya. Dimitry te fè etid klasik li nan Lycée Anténor Firmin nan ane 2004 jiska 2011. Apre sa, li te pouswiv etid li nan Jounalis, kote li te kòmanse bati baz karyè li.

Li te kòmanse nan domèn jounalis kòm yon estajyè nan Chokarella an 2017, kote li te pran premye etap li nan mond medya a. Apre sa, li te travay kòm redaktè nan Presslakay kote li te kòmanse fè non li atravè atik li yo. Dimitry pa t rete la, li te kontinye ap grandi nan karyè li, li te travay nan Radyo Megastar kòm prezantatè jounal ak redaktè, li te fè pati ekip Coup D’Oeil TV a tou. Jodi a, Dimitry ap travay nan Juno7 kòm jounalis, redaktè ak prezantatè. Li se tou responsab relasyon medya nan Konbit San pou San.

Dimitry te kòmanse travay nan Juno7 an 2020, kote li te ekri yon bèl atik enpòtan sou “zonyon” nan lang kreyòl, atik sila te atire anpil atansyon. Depi lè sa a, li te kontinye ekri anpil bèl atik sou divès sijè ki gen rapò ak sosyete Ayiti, soti nan sante, edikasyon, kilti ak plis ankò.

Anpil moun konnen Dimitry Charles kòm yon jounalis ki gen kapasite pou li ekri sou sijè ki enterese moun. Avan l pale sou on sijè, li toujou bat pou l byen metrize l e chache plis enfòmasyon sou li. Li toujou bay bon jan enfòmason ki verifye. Li gen yon estil ekriti ki atire anpil lektè ak ti pawòl ki fè moun ri, pandan li ap bay enfòmasyon ki enpòtan ak itil. Li se yon jounalis ki pa sèlman ekri nouvèl, men li itilize vwa li pou ede sosyete a avanse.

Dimitry ekri sou anpil sijè ki gen enpòtans, tankou sante, kote li pote limyè sou pwoblèm ki bezwen plis atansyon, sou lekòl, legliz, e li toujou ap mete aksan sou travay pozitif anpil jèn atis. Chak ane, li ekri sou elèv ki fè bèl rezilta nan egzamen ofisyèl yo, e sa pèmèt anpil nan yo jwenn nouvo opòtinite. Dimitry se yon moun ki toujou ap bay jèn jounalis yo konsèy, edike yo e ankouraje yo pou yo kontinye fè sa y ap a pi byen.

Li pa sèlman yon bon jounalis, men Dimitry se yon bon konseye, yon bon lidè,  yon modèl pou anpil jèn Ayisyen.

 

 

PIBLIK J-PANESTY AK LI TOUJOU AN AMONI PATOU KOTE L AP PÈFÒME

Jethro Panerson Estiverne anpil moun konnen sou non J-Panesty, se yon chantè epi gitaris ki fèt yon 17 septanm, nan vil Pòtoprens.

J-Panesty kòmanse chante depi li tou piti legliz menm jan ak anpil atis. An 2018 li kòmanse chante pwofesyonèlman, pou lenstan li gen 6 mizik li mete deyò.

Mizik ki pral fè anpil moun dekouvri atis la s on mizik li te soti nan lane 2020 ki te rele “Map kenbe rèv mwen”.

Nan mizik sila li pote on motivasyon, on mesaj ankourajman pou sila ki gen yon rèv, yon detèminasyon.
Mizik sa depi w tande l, mesaj la paka pa rive sou ou, pou fason li chante, fason koral la ap byen depoze.

 

World music se estil mizik sa ke atis la fè men reggae se kè l, li gen anpil lanmou pou li. Tip de sijè li trete nan mizik li, se bagay ki pou fè w motive.

Mizik li se yon melanj de ritm mondyal ak mesaj ki touche moun, souvan ak tematik lanmou, espwa, ak devlopman pèsonèl. Atis la ap kontinye grandi nan endistri mizik la, e li montre yon kapasite pou fonn diferan estil ansanm, sa ki fè mizik li gen yon son inik.

An 2023, J-Panesty te soti yon EP ki rele Love And More. EP sa a gen yon melanj de mizik ki pote yon mesaj pozitif, e li pèmèt fanatik li yo konekte plis ak atis la atravè son li yo. Mizik sou EP sa a gen yon vayb ki fè moun danse, reflechi e santi emosyon pwofon. Li se yon atis ki toujou ap chèche amelyore epi ofri plis pou moun ki renmen mizik li.

J-Panesty se youn nan Atis ke anpil moun pran plezi tande ak gade lè l ap jwe layv, sitou nan pwogram akoustik yo. Li toujou bay meyè de li menm nan chak aktivite li pèfòme, se sa ki vin kreye lanmou ke Fanatik li yo genyen pou li a.

Li ak gita l toujou prezan tout kote pou mete lajwa nan kè melomàn yo. Lè w tande l k ap chante ou paka pa epate pou jan li gen jistès nan vwa l.

J-Panesty se youn nan jèn atis ki gen anpil potansyèl nan mizik. Avèk talan li, pasyon li pou mizik ak angajman li nan chante mizik ki touche kè moun.

 

 

MATO MUSIC YON ATIS POLIVALAN

Merzius Evenson ki gen pou non atis Mato Music, se yon atis  ki pote anpil enèji ak kreyativite nan mizik ayisyen an. Li soti Kenscoff, li se yon chantè, gitaris epi komedyen ki gen plis pase 20 lane eksperyans nan mizik.

Mato  kòmanse chante depi li te gen 8 lane. Li grandi nan legliz, depi li tou piti li Mayestro, li leve nan on anbyans mizikal kote li te jwe nan plizyè gwoup evanjelik tankou Vizyon Spirityèl, Revelasyon, Okes Benediksyon, ak Flamme Divine. Se la li te devlope talan li pou mizik, e sa te pèmèt li grandi kòm yon chantè ak yon mizisyen. Li te toujou angaje l nan koze legliz e li kontinye jwe mizik nan legliz jiska jounen jodi a.

Sa ki ta pral  fè anpil moun dekouvri Mato se patisipasyon li nan yon videyo BIC , kote li te jwe wòl yon Pastè, yon wòl enpòtan nan videyo mizik “Alelouya” a ladann li te atire atansyon on pakèt moun. Anpil moun te dekouvri l tou aprè patisipasyon l kòm mizisyen ak manm Jiri nan yon konkou Ministère Education National t ap òganize. Gen sila ki dekouvri Mato, nan mizik li te sòti ak  Revolve Haiti yo, kote li te chante  kòm lead Vokal.

 

Li kòmanse chante pwofesyonèlman depi plis pase 20 ane. Nan tout peryòd sa a, li te patisipe nan anpil pwojè mizikal e li te jwenn plis vizibilite ak kolaborasyon avèk gwoup BIC, kote li te fè pati ekip la kòm Mayestwo, basis ak koris. Li gen 17 lane depi l ap jwe Nan gwoup BIC. Mato se yon mizisyen polivalan ki jwe plizyè enstriman tankou gong, tanbou, batri, bas, gita ak kibòd. Li gen kapasite pou adapte l ak diferan gwoup ak estil mizikal.

Mato chante tout estil mizik, men sa ki plis pran kè li se mizik sosyal ak angaje. Se atravè mizik sa yo li pase fistrasyon li, mesaj li yo ak pale de sa ki pa bon k ap pase nan sosyete a.

 

Mato gen anviwon 10 mizik nan karyè li deja.
Nan ane 2024 la, nan mwa Mas Mato te soti yon EP ki rele Istwa m, ki gen 6 mizik sou li. EP sa a se yon etap enpòtan nan karyè li, li gen anpil bèl kolaborasyon ak lòt atis sou li. Anplis de sa, li deja gen yon albòm ki pare pou sòti an 2025, ki ap gen 16 mizik ak anpil  kolaborasyon avèk lòt Atis toujou. Prepare zòrèy ou, pou w kapab tann kokennchenn Albòm sa.