RITZAMARUM ZETRENNE YON JOUNALIS AVIZE AK YON GWO KILTI JENERAL

Ritzamarum Zetrenne se yon jounalis, redaktè ak prezantatè ki soti Tigwav. Li fè anpil enpak nan medya ayisyen an. Avèk yon vwa ki trè enpozan, yon plim ki trè enteresan Ritzamarum kapte atansyon ak enpresyone anpil moun ki ap tande l epi li atik li.

Se nan moman Zétrenne t ap fè etid li, yon pwofesè jeyoloji l te dekouvri ke li gen kapasite  nan kominikasyon, li te dekouvri ke l gen vwa radyo epi li te tou mete l travay nan radyo Echo 2000 inter. Depi lò Zetrenne kòmanse ap fè anpil pale de li nan koze prezantasyon ak animasyon nan radyo. Li te kòmanse anime yon emisyon ki rele Priorité-Culture, kote li te bay enfòmasyon sou kilti ak lòt sijè enpòtan pou sosyete a.

An 2015 li pral  fè premye eksperyans li nan koze ekri Atik, lè li te kòmanse travay nan jounal  Lenational . Pandan tan sa a, Zétrenne te toujou ap travay pou reyalize rèv li, ki se  travay nan Radio France Internationale (RFI). Ebyen Nan lane 2021 Zétrenne ta pral reyalize   gran rèv sa, lè li te seleksyone pou anime emisyon kiltirèl Koze Kilti sou RFI an Ayiti. Li te pote yon nouvo fòma nan emisyon an, kote li te ajoute segman tankou revizyon nouvèl kiltirèl, repòtaj chak semèn ak sekans ki mete an valè fanm nan sektè kiltirèl  Ayisyen an. Anba direksyon li, Koze Kilti te vin pi dinamik, pandan li te kenbe esans kilti Ayisyen an.

Zetrenne fè on pati nan etid li nan Fakilte Syans Imèn Malgre li te resevwa admisyon nan Fakilte Dwa ak nan lekòll Nòmal Siperyè, Zétrenne te fè chwa pou kontinye etid li nan Fakilte Syans Imèn pou l te ka  konsantre l sou kominikasyon plis. Li te fini etid li nan université lille
kote li te jwenn yon Master 2 nan “management des Medias” , yon fòmasyon ki te pèmèt li devlope kapasite li plis nan jere medya ak konprann pi byen fonksyònman endistri medya a.

Ritzamarum Zétrenne se yon jounalis ak prezantatè ki fè anpil pwogrè nan karyè li pandan dènye ane sa yo. Li se yon figi enpòtan nan medyasyon kilti Ayisyen an, e li enpresyone anpil moun ak kapasite li pou enfòme, edike. Li ede anpil jèn ki gen talan jwenn viziblite atravè platfòm li yo. Se yon moun ki vrèman enpòtan pou sosyete nou an.

 

 

ANSKY HILAIRE YON EKRIVEN KI PA EKRI AN VEN KOUT PLIM LI TOUJOU ITIL

 


Ansky Hilaire fèt yon 22 jiyè 1995 nan vil Leyogàn, li se yon ekriven, powèt epi redaktè. Li te dekouvri pasyon li pou ekriti ak pwezi depi li te tou piti, e li kontinye ap epate moun ak bèl kout plim.

 

 

Ansky Hilaire etidye Syans Jiridik nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) nan Inivèsite Leta ayiti a (UEH). Li te itilize sa li aprann nan lekòl la pou eksplore pi fon nan ekriti ak pwezi, e li te toujou angaje nan reflechi sou sijè sosyal ki enpòtan.

 

 

Ansky Hilaire pibliye plizyè rekèy pwezi ak woman ki te pèmèt li jwenn rekonesans nasyonal ak entènasyonal. Li te pibliye Kan n ale, yon rekèy pwezi kolektif ki soti nan atelye PIKLIZ an 2018. Atravè travay sa yo, li montre l gen yon kapasite pou reflechi sou mond lan ak sou pwòp sosyete l.
Pami liv li yo, nou jwenn Lakou Zando li pibliye nan lane 2020, ak Les Fêlures et cinq autres poèmes li pibliye an 2022. Se 2 travay sa yo ki fè l vin plis remakab nan literati Ayisyèn nan . Li te ekri tou La convergence de l’amour, yon woman otowòde ki soti an 2018, ak Le Condamné li soti an 2021, ki te fè anpil enpak tou.

 

 

Li te resevwa plizyè pri pou travay literè li. An 2020, li te gànyan Prix de la littérature Palmes Magazine. Li te seleksyone pou Prix René Depeste an 2024 ak Prix Jean Metellus la tou, sa ki montre enpak li nan literati entènasyonal la.

 

 

Ansky Hilaire se yon ekriven ak powèt Ayisyen ki pa sèlman sèvi ak mo pou kreye, men ki itilize ekriti li pou fè refleksyon sou sosyete a. Li angaje nan kritik sosyal ak rechèch sou reyalite Ayiti, e travay li yo kontinye fè yon gwo enpak sou literati Ayisyen an ak entènasyonal.
Li se tou yon Rapè ki gen anpil pasyon pou mizik, se sa ki ba l tout kilti laj sa pou l opine sou kèlkeswa sijè a ki gen rapò ak mizik.
Li se youn nan pèsonalite piblik ki trè prezan sou
facebook ak enfliyan. Li itil anpil nan kominote nou an,li se yon moun ki vrèman enpòtan. Li gen yon Medya li mete sou pye ladann, li mete limyè sou plizyè Atis ak pèsonalite piblik k ap fè on gwo travay nan kominote ayisyèn nan.

 

 

SAMY-GEE YON ATIS KI METE LAJWA NAN KÈ MELOMÀN YO CHAK FWA LI AP CHANTE SOU SÈN

Vicière Samuel, ki gen pou Non sèn Samy-GEE se yon atis ki  fèt yon   17 dawout 1988 nan yon zòn ki rele Kòt-de-Fè, li grandi Pòtoprens. Li se yon chantè, konpozitè, aranjè epi mizisyen.

Samy-Gee te dekouvri talan li, lè l te gen 5 ane. Li te kòmanse chante nan koral legliz li, kote li te devlope kapasite li nan mizik. An 2008, li te kòmanse chante pwofesyonèl, depi lè sa a, li pa janm sispann travay sou karyè mizikal li. Atis ki enspire Samy-Gee pou l antre  nan mizik se Reginald Cangé, li te fè anpil enpak sou Samy, pou fason li chante, jan li delivre sou sèn.

Mizik Ki Fè anpil moun  Konnen Samy-GEE  se yon mizik ki rele “Chofè Moto”, ke l te fè an kolaborasyon ak yon jèn rapè ki rele T-RIB mizik sa a te jwe anpil nan peyi a, e li te pèmèt li jwenn plis vizibilite nan endistri mizikal Ayisyen an. Se  yon mizik li te fè pou valorize chofè moto yo, e li te gen yon mesaj sosyal ki fò ladann. Li te jwenn enspirasyon mizik sa a, aprè li te wè kòman fenomèn sa a te popilè epi li te chwazi sa kòm yon sijè pou l fè on mizik. Li te vle fè konnen tou ke sa a se yon metye ki pote anpil opòtinite pou jèn Ayisyen yo. Yon lòt fason anpil moun te dekouvri l, se aprè patisipasyon l 2 fwa nan Noël Caraïbes”. An 2019, li te rive Vis Champyon e an 2023, li te Champyon. Sa a te yon gwo etap nan karyè li, kote li te montre kapasite li kòm yon atis ki gen anpil potansyèl sitou lè l ap jwe sou sèn.

Li pa limite tèt li nan yon sèl estil mizik, paske li gen yon chan de konpetans trè divèsifye. Li chante mizik sosyal, mizik lanmou ak mizik ki gen mesaj kiltirèl ak sosyal ki enpòtan pou peyi a.

Jiska prezan, Samy-Gee  sòti plis pase 10 mizik melanje ak kèk kanaval, e li kontinye ap travay sou nouvo pwojè mizikal. Malgre li poko sòti yon albòm oswa yon EP, atis la pa sispann ap travay sou karyè li e gen anpil bèl plan plan pou lavni.

Anplis de mizik, Samy-Gee se yon antreprenè. Li envesti nan sektè transpò moto a, kote li chèche kreye opòtinite pou lòt moun. Epitou, li patisipe nan lòt biznis, sa ki montre angajman li nan devlopman ekonomik kominote a.

 

 

JONAS CHARLES YON JOUNALIS KI BAY ANPIL JÈN TALAN BOURAD

Jonas Charles se yon jounalis ki fèt Dikini, yon zòn nan Kafou, se youn nan jèn jounalis, ki bay plis jèn talan viziblite atravè platfòm li yo an Ayiti. Li fèt yon 30 avril 1997,  li grandi  Miragwàn, se la li te devlope yon pasyon pou kominikasyon depi nan jèn laj li.

Jonas te dekouvri ke li te ka fè jounalis, se atravè legliz kote li te mache, kote li te enplike l nan anpil aktivite nan legliz la. Li te toujou ap pran lapawòl nan legliz la, pou pale ak pataje enfòmasyon ak fidèl yo. Se la li te reyalize ke jounalis te yon  Metye li ka fè epi li te tou pran wout la.

Jonas etidye Jounalis nan @ifjhaiti , kote li te jwenn fòmasyon pwofesyonèl ki te ede l devlope kapasite li nan jounalis. Sa a te pèmèt li amelyore konesans li nan domèn medya ak aprann teknik jounalis ki nesesè pou reyisi nan endistri a.

Karyè li kòm jounalis kòmanse nan lane 2019, nan Radio Télé Détente Créole, yon Medya nan Fon dè nèg, nan depatman nip.  Aprè kèk ane, yon zanmi l te kontakte l, e ta pral pèmèt li entegre Gwoup Pacific, paske zanmi an te wè potansyèl li gen lakay li. Se lè sa Jonas te jwenn opòtinite pou li prezante emisyon Viv Ayiti, epi l te tou fè pati ekip la. Sa a se te yon gwo etap nan karyè li, kote li te kòmanse jwenn plis vizibilite nan  medya Ayisyen an.

Jonas se yon Jounalis Polivalan, li pa sèlman yon jounalis kiltirèl, men tou li se yon jounalis ki gen kapasite nan plizyè domèn nan jounalis. Li se yon jounalis espòtif,  kiltirèl ak politik epi li prezante jounal tou.

Li prezante plizyè emisyon sou Radio Tele Pacific, tankou :
Viv Ayiti ki pase 9è AM pou 11è AM,
Enpresyon Kise on emisyon politik ki pase a 11è nan aswè pou minwi, Stade Pacific yon emisyon espòtif ki pase a 5è15 PM pou 6è PM epi yon
Jounal Fransè ki fèt chak samdi a 7è AM pou 8è AM, kote li prezante nouvèl nan lang franse.

Li se yon jounalis ki toujou angaje l nan mete an valè jèn talan ki  nan diferan domèn, espesyalman kilti. Youn nan kalite ki fè Jonas Charles inik, se kapasite pou li dekouvri jèn talan nan plizyè sektè. Li pran tan pou ankadre yo, ba yo espas epi ede yo grandi nan karyè yo. Platfòm li yo sèvi kòm yon avni pou jèn sa yo.

 

 

 

VALBEN YON CHANTÈ KI GEN ANPIL LANMOU POU MÒD

Valdory Valcin, anpil moun konnen sou non Valben se yon chantè, pent, ak manm gwoup mizikal Alezi. Li gen 29 ane, li fèt Delma.

Li te kòmanse chante  legliz, nan koral depi l tou piti, se la li te dekouvri talan li genyen pou l chante. Depi lè sa a, mizik te tounen yon pati enpòtan nan lavi li.

li chante tout estil mizik, men li santi li pi alèz nan konpa ak R&B, kote li ka eksprime pi byen tout emosyon ak santiman li.

Anpil moun te dekouvri Valben nan lane 2023 avèk avèk yon mizik li ki te rele “Lanmou Sa”, yon mizik ki pale sou santiman li ak eksperyans li nan lanmou. Mizik sa te pèmèt li jwenn apresiyasyon ak admirasyon anpil moun.

 

 

Atis la te patisipe nan plizyè konkou mizik, men sa ki te make yon gwo etap nan karyè li se patisipasyon li nan yon konkou ke Institut Français t ap òganize, ladann li te chanpyon, e se la Manzè ki se chantez gwoup Boukman Eksperyans lan, te dekouvri talan Valben. Manzè te sezi ak kapasite vwa Valben, sa ki te pèmèt li entegre l nan  gwoup lan. Se nan moman sa a Valben te kòmanse jwenn yon pi gwo vizibilite nan endistri mizikal la.

Aprè eksperyans sa a, Valben te kòmanse travay ak gwoup  Alezi,  kote li te pote nouvo enèji ak kreyativite. Li se yon atis ki renmen inove, e li gen yon lanmou pwofon pou mòd, sa ki fè l toujou ap chèche nouvo fason pou eksprime tèt li, swa nan mizik oswa nan estil pèsonèl li.

Li kolabore deja ak plizyè atis entènasyonal e li kontinye ap travay pi plis pou ale pi lwen. Li gen on bèl vwa ekstraòdinè ki atire anpil moun.

 

 

BOBBY LAST ONE AP EPATE NOU AK BÈL MIZIK DEPI LONTAN

Laurent Nelson tout moun konnen sou non Bobby Last One, se yon  atis ki soti Jakmèl, ki fèt yon 17 septanm 1987. Li se yon chantè, rapè,  yon atis polivalan ki gen anpil talan.

Se yon  atis k ap frape depi on bon bout tan  nan endistri mizikal Ayisyen an. Li epate anpil moun ak vwa li, vayb li lè l ap chante, emosyon li degaje, fason l ekri tèks mizik li yo.

Bobby te dekouvri talan li nan mizik depi li te gen 9 ane,  an 1996. Li te kòmanse chante nan legliz kote li te patisipe nan plizyè koral Menm jan ak  anpil atis. Se legliz  li te devlope kapasite l plis nan chante.

Li te kòmanse chante pwofesyonèlman an 1999,  li te kreye premye gwoup mizikal li an 2001. Se nan ane sa yo anpil moun ta pral kòmanse wè Talan k lakay li.

Youn nan mizik ki te pèmèt Bobby Last One fè anpil moun konnen li se “M PATI M PADI MOUN SI MANZÈ SON CHAT”. Mizik sa a a, te pèmèt li jwenn plis vizibilite nan HMI la.

 

Bobby te enspire pa anpil atis nan endistri mizikal la tankou B.O.P, F-NER, MONEY MIC ak FULLBASS. Se atis sa  yo ki te enfliyanse li plis pou l antre nan koze mizik. Li te aprann anpil nan chante  mizik yo e sa te ede l devlope pwòp estil li.

Se yon Atis polivalan ki fè  Rap, Reggae ak Dancehall. Bobby te kòmanse karyè l ak rap, men  nan mitan karyè li, li te vin fè  reggae ak dancehall. Daprè sa l di,  Li santi li pi alèz nan estil sa yo, men li toujou kontinye fè ni Rap, ni Reggae, ni Dancehall. Li konnen kijan pou l adapte l ak diferan ritm ak melodi, e sa se yon bagay ki fè l inik nan HMI la.

Yon anekdot enteresan nan karyè Bobby se lè moun te panse ke se Roody Roodboy ki te fè mizik “M M PATI M PA DI MOUN SI MANZÈ S ON CHAT”. Li di ke sa pa t twò chokan pou li, paske li te kontan pou yo tande vwa li. Se vwa li yo t ap  tande k ap chante, se pa vwa Roody Roodboy.

Andeyò mizik, Bobby se yon antreprenè li gen yon pasyon pou pentire. Li epate anpil moun nan kelkeswa domèn li ye, e li kontinye ap devlope karyè li nan diferan sektè. Li se yon atis ki gen anpil talan, e li toujou ap chèche nouvo fason pou ekspoze kapasite li.

https://www.instagram.com/p/DEada5EvRqC/?igsh=YTVrYnRtODlwYWl4

 

Kiyès Cherubin Esau ye ?

Cherubin Esau se yon jèn jounalis, animatè ak prezantatè kiltirèl ki kòmanse depi l tou piti nan koze radyo.

Li fèt nan yon fanmi kretyèn, nan dat 14 septanm 1998, nan komin Dèlma epi li leve nan komin kwadèboukè. Li etidye Kominikasyon nan ECOMTEL epi Jounalis nan IFJ.

Cherubin ta pral dekouvri ke li gen talan pou l  prezante nan radyo, apre yon direktè lekòl li te pwopoze l pou anime yon fèt Filozòf. Se la li te dekouvri gwo talan sa li te genyen. Apre bèl eksperyans sa a ki te yon reyisit pou Cherubin, menm direktè lekòl la te pwopoze li pou li antre nan yon lekòl jounalis.

Premye eksperyans li nan radyo kòmanse nan lane 2018 nan yon radyo lokal ki nan anviwònman kote li ap viv. Apre sa, li pral entegre Radyo Sodec FM nan lane 2019, kote li te kòmanse epate moun ak kapasite li genyen pou fè entèvyou, anime ak prezante emisyon kiltirèl. Li pral travay nan de lòt radyo tankou : Model FM ak Radyo 10. Li te kontinye ap bay  gwo enpresyon nan radyo sa yo ak orijinalite li epi atitid li.

Anpil moun te dekouvri kokennchenn jounalis sa a lè li te entegre Radyo Storm TV ak gwo emisyon odyo-vizyèl li a, ki rele “Real Talk Show 509”. Cherubin parèt avèk tout fòs li; li pa eseye pran plas pèsòn. Li itilize mikwo li pou mete limyè sou anpil jèn atis ki ap fè yon travay pozitif nan sektè kiltirèl la.

Jounen jodi a, si w ap chèche yon jounalis avize, ki respekte anpil prensip nan domèn jounalis la, ki prezante byen, epi ki gen yon gran kilti jeneral, ou ka pran Cherubin san kè sote. 

Li se yon jounalis ki  enpresyone anpil moun ak pèfòmans li. Cherubin pran kòm modèl anpil lejann nan domèn radyo ak televizyon tankou Carel Pedre, Guy Wewe, Claudy Ciar, Wendel Theodor ak Bregard Anderson.

Lè Cherubin ap fè entèvyou ak yon pèsonalite, li pasyan, li mete envite a alèz, li ba li espas pou vann tèt li epi pou li di ak tout frankte sa ki fè l byen oswa mal.