Ansky Hilaire fèt yon 22 jiyè 1995 nan vil Leyogàn, li se yon ekriven, powèt epi redaktè. Li te dekouvri pasyon li pou ekriti ak pwezi depi li te tou piti, e li kontinye ap epate moun ak bèl kout plim.
Ansky Hilaire etidye Syans Jiridik nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) nan Inivèsite Leta ayiti a (UEH). Li te itilize sa li aprann nan lekòl la pou eksplore pi fon nan ekriti ak pwezi, e li te toujou angaje nan reflechi sou sijè sosyal ki enpòtan.
Ansky Hilaire pibliye plizyè rekèy pwezi ak woman ki te pèmèt li jwenn rekonesans nasyonal ak entènasyonal. Li te pibliye Kan n ale, yon rekèy pwezi kolektif ki soti nan atelye PIKLIZ an 2018. Atravè travay sa yo, li montre l gen yon kapasite pou reflechi sou mond lan ak sou pwòp sosyete l.
Pami liv li yo, nou jwenn Lakou Zando li pibliye nan lane 2020, ak Les Fêlures et cinq autres poèmes li pibliye an 2022. Se 2 travay sa yo ki fè l vin plis remakab nan literati Ayisyèn nan . Li te ekri tou La convergence de l’amour, yon woman otowòde ki soti an 2018, ak Le Condamné li soti an 2021, ki te fè anpil enpak tou.
Li te resevwa plizyè pri pou travay literè li. An 2020, li te gànyan Prix de la littérature Palmes Magazine. Li te seleksyone pou Prix René Depeste an 2024 ak Prix Jean Metellus la tou, sa ki montre enpak li nan literati entènasyonal la.
Ansky Hilaire se yon ekriven ak powèt Ayisyen ki pa sèlman sèvi ak mo pou kreye, men ki itilize ekriti li pou fè refleksyon sou sosyete a. Li angaje nan kritik sosyal ak rechèch sou reyalite Ayiti, e travay li yo kontinye fè yon gwo enpak sou literati Ayisyen an ak entènasyonal.
Li se tou yon Rapè ki gen anpil pasyon pou mizik, se sa ki ba l tout kilti laj sa pou l opine sou kèlkeswa sijè a ki gen rapò ak mizik.
Li se youn nan pèsonalite piblik ki trè prezan sou
facebook ak enfliyan. Li itil anpil nan kominote nou an,li se yon moun ki vrèman enpòtan. Li gen yon Medya li mete sou pye ladann, li mete limyè sou plizyè Atis ak pèsonalite piblik k ap fè on gwo travay nan kominote ayisyèn nan.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine