Ak yon pakou vrèman rich ak eksperyans, Angy Francygy Desravines fè non li sonnen byen nan zòrèy tout moun. Pami tout fanm ki nan medya, li se youn k ap milite depi plizyè ane pou byennèt sektè kiltirèl la. Ak yon vwa chaje ak cham, yon louk trè atirant li mete anpwent li nan medya ayisyen an.
Angy Desravines se yon jounalis, prezantatris epi fotograf. Li fèt yon premye Desanm 1992 nan sant vil Pòtoprens, li grandi nan yon katye ki rele Ruelles Villefranc nan Carrefour-Feuilles. Li fè etid primè li nan Centre Anne-Marie Javouhey epi li fè etid segondè li nan lekòl Immaculé de Marie ak Kolèj Les Normaliens Réunis. Li etidye dwa nan Faculté de droit et des sciences économiques des Gonaïves epi jounalis nan ISNAC.
A 19 lane, li fè premye eksperyans li sou sèn kòm animatris, e se lè sa a li di tèt li ke li dwe fè karyè nan jounalis. Avèk anpil lanmou epi pasyon, Angy Desravines rive trase wout li pou l kreye yon show televize nan lane 2020 ki vrèman bèl, ki pote non Angy Desravines Avè w.
Pakou li nan medya kòmanse nan Radyo Megastar an 2013 kòm prezantatris, se la anpil moun ta pral dekouvri bèl fanm kreyòl sa. Apre sa, li pase nan Radyo Espaces FM pou anime yon bèl emisyon ki te pote non Espas Vakans. Li te pase nan Radyo Storm TV kote li te prezante yon emisyon ki rele Event Lakay. Tou swit, li ta pral entegre gwoup Radyo Éclair, presizeman sou TVA Chaîne 30..
Grandi nan yon fanmi monoparantal, Angy Desravines rive enpoze l. Li se yon fanm ki trè kreyatif, chaje ak kapasite entèlektyèl epi talan. Depi nan jèn laj li, li te toujou ap patisipe nan plizyè aktivite sosyal ak kiltirèl. Li te konn jwe nan pyès teyat, li te konn danse tou. Sa pwouve ke depi lontan Angy ap travay sou tèt li epi egzèse talan li.
Li se youn pami fanm ki nan medya ayisyen an ki pi konplè. Li metrize anpil bagay nan miltimedya, li prezante byen, li gen sans de responsabilite, li disipline e li gen anpil lanmou pou sa l ap fè. Se tout sa yo ki fè fyète fanm vanyan sa, fanm endepandant sa. Jodi a, Angy Desravines Avè w vin youn nan pi bèl Show televize ladann anpil pèsonalite pase pou vann tèt yo epi reponn bèl kesyon Angy yo.
Angy se yon modèl ke anpil jèn fi k ap grandi ta dwe suiv epi pran pakou li kòm bousòl pou reyalize rèv yo.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine