Pami tout pwodiktè ak bitmekè ki pèmèt atis ayisyen yo sonnen byen nan mizik yo, nou jwenn Milot Joseph, yon jèn pwodiktè ki gen yon touch eksepsyonèl. Youn nan pwodiktè ou ka fè konfyans san rezèv, pou w kreye yon mizik konplè ak yon kalite remakab.
Milot fèt yon 12 septanm 1996, li grandi nan yon anviwònman kote mizik te toujou prezan. Li se yon jèn pwodiktè ak chantè, ki pote yon kontribisyon inik sou anpil bèl mizik ki ap soti nan HMI la. Kòm yon pwofesyonèl, li travay ak jèn Atis epi sa ki deja byen etabli nan endistri a, sa ki fè travay li toujou fè gwo enpak.
Li kòmanse nan koze fè beat nan lane 2019, depi lè sa a, anpil moun te kòmanse dekouvri gwo talan sa a. Milot travay avèk anpil atis popilè nan HMI la, e mizik li pwodui yo, fanatik yo toujou byen akeyi yo. Mizik li pwodui yo se sa k ap fè moun danse, se sa k ap fè kè moun kontan epi se sa k ap byen sonnen ak bèl koral epi beat ki ladann yo.
Èske w te konnen li te fè koral nan mizik “Kriye” Kenny Haiti a ? Sa se jis yon egzanp nan bèl travay li nan mond mizik la. Li travay tou ak anpil lòt atis tankou Mebel Brun, D-Perfect, Franco Love, Steevy.A, Wid Music ak anpil lòt atis nan sektè evanjelik la. Li gen yon touch ekstraòdinè pou melanje diferan estil mizikal, sa ki fè mizik li yo toujou inik.
Milot pa sèlman yon pwodiktè, men se yon vizyonè. Li travay an kolaborasyon avèk Salil Lirah nan pwodiksyon li an, e ansanm yo kreye mizik ki rete nan memwa moun. Se li ki dèyè anpil bèl mizik ke anpil moun renmen nan HMI la.
Anpil fwa, nou tande mizik yo, nou renmen beat yo, melodi a, koral la, men nou pa toujou konnen kiyès ki fè tout sa yo. Li se youn nan moun sa yo ki fè mizik ayisyen an bèl ak tout pasyon li mete nan chak pwodiksyon li.
Milot ap kontinye travay di pou pote inovasyon nan sektè a. Se pou l kontinye travay sa a, pou pwodui mizik ki pote espwa, ki enfliyanse e ki konekte tout moun nan tout kwen peyi a. san dout li se yon pwodiktè ki gen yon avni briyan devan li.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine