Kanaval se yon tradisyon ke anpil Ayisyen pa janm negosye. Nan moman sa a, moun nan diferan domèn fè anpil kòb, sitou bò kote atis nou yo. Epòk sa pote anpil bèl opòtinite, e se nan moman sa anpil atis pwouve kapasite yo plis, sa ki pèmèt gran piblik la fè konesans ak yo atravè mereng kanavalès yo sou pakou a. Si yon atis soti yon bèl kanaval epi li fè yon gwo hit nan yon ane, li ka tou di ke rès ane a ap bèl nan men l paske nan epòk sa, nou souvan dekouvri anpil atis nan HMI la.
Sa fè plizyè ane depi pèp Ayisyen an pa t ka danse kanaval akoz pwoblèm ensekirite ki te grav anpil. Pèp la te gen yon nostalji, yo te anvi danse. Ebyen, Ministè Kilti a te anonse ke pou ane 2025 lan, kanaval la ap fèt nan vil Fòlibète.
Aprè anons sa a, plizyè atis ak gwoup mizikal te pran chemen estidyo pou yo kapab mete deyò mereng kanavalès yo. Pami yo, nou jwenn Mr. Blue Haiti, yon jèn atis k ap milite depi kèk ane nan HMI la, ki mete deyò premye mereng kanavalès li.
“Nou Pèdi” se tit Mr. Blue chwazi avèk anpil atansyon. Selon Mr. Blue Haiti, kanaval sa a se yon referans a sa peyi a te pèdi pandan tan lontan. Kanaval “Nou Pèdi”, premye kanaval solo Mr. Blue Haiti, li se yon omaj a tout tradisyon nou pèdi yo.
Kanaval ayisyen an se pa sèlman yon selebrasyon mizikal, men se yon moman pou sonje, selebre eritaj epi reflechi sou sa nou ye kòm nasyon. Se nan kad sa, atis la, Mr. Blue Haiti, vrè non li se Moise Marcel Junior, soti premye kanaval solo li: “Nou Pèdi”. Tit sa a li pa t chwazi l o aza; li pote yon chay emosyonèl ki rann omaj a tout sa peyi a te pèdi pandan tan lontan, soti nan tradisyon kiltirèl, eritaj, e menm lespri kolektif ki te fè nasyon an inik. Mr. Blue Haiti pa sèlman ap selebre kanaval la, men li sezi yon opòtinite pou pote yon mesaj fò sou enpòtans sa yo ki te fè peyi a inik ak sa ki ka toujou genyen valè. Tit “Nou Pèdi” pa sèlman pale de yon mank, li se yon apèl pou rekonstwi sa peyi a te genyen, e li se yon plededwaye pou restorasyon nan tout sa nou te pèdi pandan tan difisil yo.
“Nou Pèdi” se yon tit ki sòti nan kè Mr. Blue Haiti, yon atis ki santi anpil kè sote sou sa peyi a te ye nan tan lontan, e ki pa ka fèmen je sou jan n ap inyore yon seri tradisyon ki te fè fyète nou kòm pèp. Kanaval sa a se pa sèlman yon selebrasyon mizikal, men se yon apèl fò pou refleksyon sou jan anpil bagay nan kilti nou ap disparèt. Mr. Blue Haiti eksplike, “Pou janm wè peyi a pèdi tout sa li te posede kòm tradisyon ak eritaj. Mwen te di, si m ap fè yon kanaval, se tit sa sèlman m te ka bay. E menm si m te bay yon lòt tit, li toujou t ap sanble avèk tit ‘Nou Pèdi’ a.” Li se yon fason pou fè sonje tout sa ki te fè peyi a inik e ki sòti nan tradisyon nou yo. Li se yon refleksyon sou sa nou te genyen, sa nou pèdi, ak sa nou dwe kontinye prezève.
Se premye fwa Mr. Blue Haiti pwopoze yon kanaval solo, e sa gen anpil siyifikasyon pou li. Li soti nan yon anviwònman kote li te toujou renmen tande kanaval, men li te deside ke ane sa a ta dwe moman pou li pwouve tèt li kòm yon atis endepandan. Nan pwen sa a, li te deside mete sou pye yon kanaval pou tout moun wè ke li kapab pote yon nouvo valè nan tradisyon kanaval la.
Malgre sitiyasyon peyi a ak mank de sipò finansye, Mr. Blue Haiti te fè kanaval la poukont li. “Non, mwen pa jwenn sipò antrepriz; tout bagay fèt a fòs mwen,” li fè konnen. Sa se yon temwanyaj de detèminasyon, paske li te vle fè yon kanaval ki pou make istwa, yon kanaval ki pote yon mesaj fò. Se yon kanaval ki sòti dirèkteman nan kè li, nan pasyon li ak nan sa li kwè kòm yon misyon pou prezève sa peyi a te ye anvan tout bagay te kòmanse vin lèd konsa nan peyi a.
Mr. Blue Haiti te toujou renmen tande kanaval ki te deja fèt yo, men li pa t pran sa k te deja fèt kòm yon modèl. “Non, mwen pa t enspire pa okenn atis oswa gwoup. Mwen pa t tande okenn kanaval jiskaske mwen ka fè yon bagay ki inik, yon kanaval ki soti nan kè mwen e ki pote pwòp mesaj mwen.” Sa ki te enpòtan pou li se pa sèlman pote bèl mesaj nan mizik la, men tou sa li te vle di ak kanaval sa a. Li te montre anpil moun kapasite li kòm yon atis pou l fè on kanaval, e malgre difikilte yo, li te montre ke li ka fè yon kanaval avèk fòs pèsonèl li ak talan l. Kanaval li a gen yon vayb ki vrèman bèl e li akonpanye l ak yon bèl videyo tou.
Mr. Blue Haiti se yon enjenyè son ak beat maker, li fè konnen ke se pa li ki fè enstrimantal kanaval la, men se li menm ki travay dirèkteman nan miksaj la. “Se pa mwen ki fè enstrimantal kanaval la, men se mwen ki mixer kanaval la,” li di.
Nou Pèdi sèvi kòm yon kanaval ki renouvle, ki onore tradisyon nou yo epi ki pèmèt tout moun sonje sa ki te bon nan peyi a. Mr. Blue Haiti montre ke, malgre tout defi ak obstak, toujou genyen espwa – yon dezi pou rann sa yo te pèdi tounen nan lavi ak nan tradisyon. Se yon apèl fò pou tout Ayisyen, pou nou pa janm bliye sa ki fè nou inik kòm pèp, e pou n kontinye lite pou sa nou kwè.
“Nou Pèdi” se yon kanaval ki pwouve ke atis yo toujou gen kapasite pou pote chanjman, menm nan pi gwo defi.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine
Leave a Reply