Sinema Ayisyen an ap viv yon revolisyon gras a teknoloji a ki avanse ak itilizasyon rezo sosyo. Lontan, pou yon moun te reyalize yon fim, sa te mande anpil resous ak ekipman chè. Men, jounen jodi a, tout sa chanje. Teknoloji a vin rann li pi fasil pou nenpòt moun ki gen pasyon pou sinema pran kèk imaj epi pibliye kontni yo sou rezo sosyo, espesyalman sou YouTube. Se nan fason sa nou fè konesans ak Ritchy Mix Fòkè, yon jèn reyalizatè epi DJ ki gen yon gwo pasyon pou sinema.
Ritchy Mix Fòkè, fèt yon 11 mas 2002 nan komin Kwadèboukè, vrè non li se Steeve Despeines. Li te kòmanse nan mond sinema a nan Lane 2018, lè li te reyalize premye seri li ki rele Timoun 2000, ki te fè anpil bri nan endistri a. Atravè seri sa, anpil moun te dekouvri talan li kòm yon reyalizatè. E Timoun 2000 te touche anpil kè e li te pèmèt Ritchy Mix vin pi popilè nan sinema Ayisyen an.
Yon DJ ki Tounen Yon Reyalizatè
Avan li te antre nan mond sinema a, Ritchy Mix te yon DJ ki te fè non li nan kominote Kwadèboukè. Li te kolabore ak youn nan DJ ki pi popilè nan zòn nan, DJ Swagg. Sepandan, yon jou pandan li t ap soti jwe nan yon pwogram, bandi te kidnape l, e sa te fòse li ralanti sou aktivite DJ a. Sa a te yon pwen depa pou li, paske li te pran desizyon pou l konsantre l plis sou sinema, sa ki te pouse l lanse pwòp prodiksyon li, Ritchy Mix Production.
Kreye Pwòp Prodiksyon Li
Ritchy Mix te fè eksperyans avèk anpil aktè ak atis, men apre anpil defi ak eksperyans, li deside lanse pwòp pwodiksyon li. Li te gen moman difisil kote kèk moun nan staf li te vire do ba li, men sa pa t janm sispann li. Li te toujou kenbe tèt li fò e se sa ki fè li rive kote li ye jodi a. Li se tou yon Aktè li jwe nan Li Domine m yon feyton ke Maestro Kerwill te reyalize ki te fè anpil bri nan peyi a. Li te jwe ankò nan Secret Du Mariage yon Feyton Fednaelle François te fè. Nou ka di jounen jodi a Li se Youn nan Moun k ap pibliye feyton sou YouTube nan peyi a, ki gen plis moun ki ap gade l.
Enspirzsyon l soti nan MAESTRO KERWILL
Youn nan moun ki enpòtan anpil nan karyè li, e ki te ede li devlope kapasite li nan sinema, se MK. Ritchy Mix gen anpil respè pou MK, ki se youn nan pi gwo modèl li. Li te aprann anpil nan men MK, e sa te pèmèt li amelyore kapasite li nan reyalizasyon ak direksyon sinema. Li travay tou ak anpil moun ki deja gen non nan endistri a, tankou Lion, Fednaelle, Youslande, ak Malpougra.
Pi Gwo Esplwa Ak Rèv Ritchy Mix
Pi gwo eksplwa Ritchy Mix nan sinema se te lè li te kòmanse ak pwodiksyon pa li, sa ki te pèmèt li vin plis konsyan de kapasite li. Malgre anpil difikilte, li pa janm lage. Sinema se sa ki fè l viv, se li ki mete lajan nan pòch li epi pouse l pousuiv rèv li. Li pèmèt li grandi ak kontinye avanse.
Ritchy Mix Fòkè gen anpil pwojè nan wout, epi li toujou ap travay di pou li rive pi lwen. Li gen anpil rèv pou avni karyè li e li kwè ke li kapab fè gwo bagay nan sinema Ayisyen an. Li se yon jèn ki mete pasyon li nan tout sa l ap fè, e nou ka sèten ke li ap fè anpil pale de li nan endistri a nan ane k ap vini yo.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine