All posts by Marco Frantz Pierre

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine

CZA ofisyèl : yon rapè ki chaje ak vayb pote pou nou AIRBNB

Nou tout konnen nan HMI la chaje ak bèl Talan ke anpil moun pa t konnen ke Fantom mete limyè sou yo. Pami yo nou Jwenn Alain Valdonis anpil moun konnen sou non CZA ofisyèl ki se yon rapè epi Fotograf ki soti  Delma. Li te kòmanse karyè mizikal li nan lane 2017 avèk yon mizik ki te rele Manzè Touye M. Apre yon ti poz pou aprann plis sou mizik, li te retounen an 2024 avèk yon kolaborasyon sou album Tololo Fantom nan, sou yon mizik  ki rele apa li papa.

Anpil moun ta pral fè Konesans ak CZA lè Li te fè pati on gwoup mizikal Delma 83. Pou sa ki konsène etid, Li etidye fotografi ak jesyon depo, li abitye travay nan Sinema avèk anpil Gwo reyalizatè Ayisyen. CZA se yon Atis ki chaje ak Talan. Li pa sèlman yon Rapè men li se tou yon Reyalizatè, fotograf epi konpozitè.

Rankont li ak Fantom

Li te rankontre ak Fantom pandan li t ap travay kòm teknisyen sinematografi nan Clearshot Entertainment avèk Direktè Robinson Lauvince. Sa te pèmèt li devlope yon relasyon pwofesyonèl ak Fantom, papa l tou te zanmi ak Onorab la. lè  l vin konn sa, sa te vin yon lòt konsiderasyon pou li, ki fè Jodi a li se youn nan Atis ki fè Pati de Team Tapajè.

kote enpispirasyon AIRBNB a soti 

Mizik se yon zouti ki bay CZA anpil koneksyon enpòtan nan lavi li.
Enspirasyon Dènye mizik li an AIRBNB vini apre plizyè fwa li te pase tan nan yon Airbnb ak kèlke zanmi l. mizik Sila fè nou dekouvri tout bon ke CZA se yon Talan konfime, yon atis ki alèz sou tout estil enstrimantal.
moun ki pwodui mizik sa se MorganBeatzzz epi Vibe sa Drol  pote yon touch espesyal nan pwojè a.
CZA se youn nan Atis ki trè pwomèt e ki gen pou fè Gwo bagay nan HMI la paske l s on foul Talan.

CZA ap travay sou yon nouvo demo, e li espere ke piblik la ap renmen li. Li kontinye ap pouswiv rèv li nan mizik, avèk yon vizyon klè pou avni li.

Ritchy Mix Fòkè: Jèn Reyalizatè Ayisyen ki Ap Briye Nan Sinema

Sinema Ayisyen an ap viv yon revolisyon gras a teknoloji a ki avanse ak itilizasyon rezo sosyo. Lontan, pou yon moun te reyalize yon fim, sa te mande anpil resous ak ekipman chè. Men, jounen jodi a, tout sa chanje. Teknoloji a vin rann li pi fasil pou nenpòt moun ki gen pasyon pou sinema pran kèk imaj epi pibliye kontni yo sou rezo sosyo, espesyalman sou YouTube. Se nan fason sa  nou fè konesans ak Ritchy Mix Fòkè, yon jèn reyalizatè epi DJ ki gen yon gwo pasyon pou sinema.

Ritchy Mix Fòkè, fèt yon  11 mas 2002 nan komin Kwadèboukè, vrè non li se Steeve Despeines. Li te kòmanse nan mond sinema a nan Lane  2018, lè li  te reyalize premye seri li ki rele Timoun 2000, ki te fè anpil bri nan endistri a. Atravè seri sa, anpil moun te dekouvri talan li kòm yon reyalizatè. E Timoun 2000 te touche anpil kè e li te pèmèt Ritchy Mix vin pi popilè nan sinema Ayisyen an.

Yon DJ ki Tounen Yon Reyalizatè 

Avan li te antre nan mond sinema a, Ritchy Mix te yon DJ ki te fè non li nan kominote Kwadèboukè. Li te kolabore ak youn nan DJ ki pi popilè nan zòn nan, DJ Swagg. Sepandan, yon jou pandan li t ap soti  jwe nan yon pwogram, bandi te kidnape l, e sa te fòse li ralanti sou aktivite DJ a. Sa a te yon pwen depa pou li, paske li te pran desizyon pou l konsantre l plis sou sinema, sa ki te pouse l lanse pwòp prodiksyon li, Ritchy Mix Production.

Kreye Pwòp Prodiksyon Li

Ritchy Mix te fè eksperyans avèk anpil aktè ak atis, men apre anpil defi ak eksperyans, li deside lanse pwòp pwodiksyon li. Li te gen moman difisil kote kèk moun nan staf li te vire do ba li, men sa pa t janm sispann li. Li te toujou kenbe tèt li fò e se sa ki fè li rive kote li ye jodi a. Li se tou yon Aktè li jwe nan Li Domine m yon feyton ke Maestro Kerwill  te reyalize ki te fè anpil bri nan peyi a. Li te jwe ankò nan Secret Du Mariage yon Feyton Fednaelle François te fè. Nou ka di jounen jodi a Li se Youn nan Moun k ap pibliye feyton sou YouTube nan peyi a, ki gen plis moun ki ap gade l.

Enspirzsyon l soti nan MAESTRO KERWILL

Youn nan moun ki enpòtan anpil nan karyè li, e ki te ede li devlope kapasite li nan sinema, se MK. Ritchy Mix gen anpil respè pou MK, ki se youn nan pi gwo modèl li. Li te aprann anpil nan men MK, e sa te pèmèt li amelyore kapasite li nan reyalizasyon ak direksyon sinema. Li  travay tou ak anpil moun ki deja gen non nan endistri a, tankou Lion, Fednaelle, Youslande, ak Malpougra.

Pi Gwo Esplwa Ak Rèv Ritchy Mix

Pi gwo eksplwa Ritchy Mix nan sinema se te lè li te kòmanse ak pwodiksyon pa li, sa ki te pèmèt li vin plis konsyan de kapasite li. Malgre anpil difikilte, li pa janm lage. Sinema se sa ki fè l viv, se li ki mete lajan nan pòch li epi pouse l pousuiv rèv li. Li pèmèt li grandi ak kontinye avanse.

Ritchy Mix Fòkè gen anpil pwojè nan wout, epi li toujou ap travay di pou li rive pi lwen. Li gen anpil rèv pou avni karyè li e li kwè ke li kapab fè gwo bagay nan sinema Ayisyen an. Li se yon jèn ki mete pasyon li nan tout sa l ap fè, e nou ka sèten ke li ap fè anpil pale de li  nan endistri a nan ane k ap vini yo.

SPY: yon jèn Grafis Ayisyen k ap Epate moun ak travay li yo

Emritch Jacques, anpil konnen sou non “Spy”, fèt yon 27 Janvye 2003 nan komin kabarè, li se yon jèn dizaynè Ayisyen ki ap fè non l nan domèn sa. Li kòmanse nan sa a depi 2016, depi lè sa a, li pa sispann grandi, travay epi devlope kapasite li yo.

Spy se yon moun ki trè pasyone de  atizay vizyèl, li te toujou gen yon enterè nan sa ki gen rapò ak grafik. Avan l vin Grafis li te konn fè mizik epi fè cartoon. Se nan pibliye mizik epi fè postè pou yo, ki te pèmèt li dekouvri yon lòt talan nan li epi mennen l nan mond grafik la. Se avèk anpil detèminasyon li aprann travay grafik poukont li, e depi lè sa a, li kontinye ap pouse tèt li pi lwen.

Pandan vwayaj li nan domèn nan, Spy te enspire anpil pa kèk dizaynè Afriken ak Ikon Grafik. Sa yo pèmèt li bay plis enèji nan travay li epi toujou ap chèche nouvo estil ak teknik pou amelyore kreyasyon li yo. Li se yon atis ki toujou ap inove, toujou ap chèche nouvo fason pou eksprime tèt li.

Malgre li pa fè on  etid siperyè, Spy se yon jèn ki gen anpil konesans. Li ekri Mizik byen, li rap, li fè trap epi li menm eseye chante tou. Anplis de sa, li se yon moun ki enterese nan biznis elektwonik, kote li vann iPhone, kas ak lòt akseswa. Se pa sèlman grafik li travay, li gen plan pou aprann lòt bagay tankou pwogramasyon, animasyon, 3D nimerik, ak teknik enfòmatik.

Sa ki pi remakab nan Spy, se jan li evolye nan sa li ap fè yo. Kòm yon dizaynè, li travay sou kreyasyon flyer biznis, logo ak lòt materyèl grafik. Li jwenn anpil satisfaksyon nan sa li ap fè yo e chak fwa li fè yon nouvo kreyasyon, yon fyète pwofon anvayi l. Premye atis li te travay pou li se PIC, li gen anpil fyète nan travay li te fè pou li a. Men jiskaprezan, se kreyasyon logo ak flyer biznis ki plis  fè  fyète l.

Spy fè konnen ke li te aprann grafik poukont li san èd moun, epi kounya li kapab bay kou  anliy oswa prezansyèl sou grafik. Sa a montre jan li travay di pou devlope kapasite li nan domèn nan.

Andeyò grafik, Spy se yon gwo machann epi li se moun ki ede moun kreye kat pou achte sou entènèt. Li  gen yon konesans nan fotografi, men li di se pa sa ki se pi gwo pasyon li.

Pi gwo rèv Spy se aprann sikoloji epi jwenn estabilite finansyèman nan sa l ap antreprann yo. Li gen yon vizyon klè pou lavni li e li toujou ap travay di pou atenn objektif li yo.

Spy, ki se yon jèn ki te gen anpil potansyèl depi byen bonè, li ap make non l nan endistri grafik la epi vin  yon egzanp pou lòt jèn Ayisyen ki vle pouswiv pasyon yo. Li se yon moun ki pa janm sispann aprann.

Nou Pèdi premye kanaval solo Mr. Blue Haiti: se yon omaj ak tout tradisyon nou pèdi yo

Kanaval se yon tradisyon ke anpil Ayisyen pa janm negosye. Nan moman sa a, moun nan diferan domèn fè anpil kòb, sitou bò kote atis nou yo. Epòk sa pote anpil bèl opòtinite, e se nan moman sa anpil atis pwouve kapasite yo plis, sa ki pèmèt gran piblik la fè konesans ak yo atravè mereng kanavalès yo sou pakou a. Si yon atis soti yon bèl kanaval epi li fè yon gwo hit nan yon ane, li ka tou di ke rès ane a ap bèl nan men l paske nan epòk sa, nou souvan dekouvri anpil atis nan HMI la.

Sa fè plizyè ane depi pèp Ayisyen an pa t ka danse kanaval akoz pwoblèm ensekirite ki te grav anpil. Pèp la te gen yon nostalji, yo te anvi danse. Ebyen, Ministè Kilti a te anonse ke pou ane 2025 lan, kanaval la ap fèt nan vil Fòlibète.

Aprè anons sa a, plizyè atis ak gwoup mizikal te pran chemen estidyo pou yo kapab mete deyò mereng kanavalès yo. Pami yo, nou jwenn Mr. Blue Haiti, yon jèn atis k ap milite depi kèk ane nan HMI la, ki mete deyò premye mereng kanavalès li.

Nou Pèdi” se tit Mr. Blue chwazi avèk anpil atansyon. Selon Mr. Blue Haiti, kanaval sa a se yon referans a sa peyi a te pèdi pandan tan lontan. Kanaval “Nou Pèdi”, premye kanaval solo Mr. Blue Haiti, li se yon omaj a tout tradisyon nou pèdi yo.

Kanaval ayisyen an se pa sèlman yon selebrasyon mizikal, men se yon moman pou sonje, selebre eritaj epi reflechi sou sa nou ye kòm nasyon. Se nan kad sa, atis la, Mr. Blue Haiti, vrè non li se Moise Marcel Junior, soti premye kanaval solo li: “Nou Pèdi”. Tit sa a li pa t chwazi l o aza; li pote yon chay emosyonèl ki rann omaj a tout sa peyi a te pèdi pandan tan lontan, soti nan tradisyon kiltirèl, eritaj, e menm lespri kolektif ki te fè nasyon an inik. Mr. Blue Haiti pa sèlman ap selebre kanaval la, men li sezi yon opòtinite pou pote yon mesaj fò sou enpòtans sa yo ki te fè peyi a inik ak sa ki ka toujou genyen valè. Tit “Nou Pèdi” pa sèlman pale de yon mank, li se yon apèl pou rekonstwi sa peyi a te genyen, e li se yon plededwaye pou restorasyon nan tout sa nou te pèdi pandan tan difisil yo.

“Nou Pèdi” se yon tit ki sòti nan kè Mr. Blue Haiti, yon atis ki santi anpil kè sote sou sa peyi a te ye nan tan lontan, e ki pa ka fèmen je sou jan n ap inyore yon seri tradisyon ki te fè fyète nou kòm pèp. Kanaval sa a se pa sèlman yon selebrasyon mizikal, men se yon apèl fò pou refleksyon sou jan anpil bagay nan kilti nou ap disparèt. Mr. Blue Haiti eksplike, “Pou janm wè peyi a pèdi tout sa li te posede kòm tradisyon ak eritaj. Mwen te di, si m ap fè yon kanaval, se tit sa sèlman m te ka bay. E menm si m te bay yon lòt tit, li toujou t ap sanble avèk tit ‘Nou Pèdi’ a.” Li se yon fason pou fè sonje tout sa ki te fè peyi a inik e ki sòti nan tradisyon nou yo. Li se yon refleksyon sou sa nou te genyen, sa nou pèdi, ak sa nou dwe kontinye prezève.

Se premye fwa Mr. Blue Haiti pwopoze yon kanaval solo, e sa gen anpil siyifikasyon pou li. Li soti nan yon anviwònman kote li te toujou renmen tande kanaval, men li te deside ke ane sa a ta dwe moman pou li pwouve tèt li kòm yon atis endepandan. Nan pwen sa a, li te deside mete sou pye yon kanaval pou tout moun wè ke li kapab pote yon nouvo valè nan tradisyon kanaval la.

Malgre sitiyasyon peyi a ak mank de sipò finansye, Mr. Blue Haiti te fè kanaval la poukont li. “Non, mwen pa jwenn sipò antrepriz; tout bagay fèt a fòs mwen,” li fè konnen. Sa se yon temwanyaj de detèminasyon, paske li te vle fè yon kanaval ki pou make istwa, yon kanaval ki pote yon mesaj fò. Se yon kanaval ki sòti dirèkteman nan kè li, nan pasyon li ak nan sa li kwè kòm yon misyon pou prezève sa peyi a te ye anvan tout bagay te kòmanse vin lèd konsa nan peyi a.

Mr. Blue Haiti te toujou renmen tande kanaval ki te deja fèt yo, men li pa t pran sa k te deja fèt kòm yon modèl. “Non, mwen pa t enspire pa okenn atis oswa gwoup. Mwen pa t tande okenn kanaval jiskaske mwen ka fè yon bagay ki inik, yon kanaval ki soti nan kè mwen e ki pote pwòp mesaj mwen.” Sa ki te enpòtan pou li se pa sèlman pote bèl mesaj nan mizik la, men tou sa li te vle di ak kanaval sa a. Li te montre anpil moun kapasite li kòm yon atis pou l fè on kanaval, e malgre difikilte yo, li te montre ke li ka fè yon kanaval avèk fòs pèsonèl li ak talan l. Kanaval li a gen yon vayb ki vrèman bèl e li akonpanye l ak yon bèl videyo tou.

Mr. Blue Haiti se yon enjenyè son ak beat maker, li fè konnen ke se pa li ki fè enstrimantal kanaval la, men se li menm ki travay dirèkteman nan miksaj la. “Se pa mwen ki fè enstrimantal kanaval la, men se mwen ki mixer kanaval la,” li di.

Nou Pèdi  sèvi kòm yon kanaval ki renouvle, ki onore tradisyon nou yo epi ki pèmèt tout moun sonje sa ki te bon nan peyi a. Mr. Blue Haiti montre ke, malgre tout defi ak obstak, toujou genyen espwa – yon dezi pou rann sa yo te pèdi tounen nan lavi ak nan tradisyon. Se yon apèl fò pou tout Ayisyen, pou nou pa janm bliye sa ki fè nou inik kòm pèp, e pou n kontinye lite pou sa nou kwè.

“Nou Pèdi” se yon kanaval ki pwouve ke atis yo toujou gen kapasite pou pote chanjman, menm nan pi gwo defi.

 

Jay Ti Tanbou: Yon jèn Tanbourinè ki degaje anpil enèji lè l ap jwe

Mizik Ayisyèn nan se yon richès kiltirèl ki sòti nan yon melanj ak estil tradisyonèl epi modèn. Pou yon gwoup mizikal byen jwe on estil mizik, li bezwen prezans tout mizisyen ki jwe enstriman de baz yo pou konbine son yo ansanm, pou bay yon son ki agreyab. Se pou sa, Jay Ti Tanbou, yon tanbourinè ki soti Jakmèl e ki gen yon lanmou espesyal pou tanbou, toujou bay tout li menm nan kèlkeswa aktivite l ap jwe a, e li toujou kite tras li.

Vrè non li se Jerry Roy, li fèt nan Pòtoprens Ayiti, nan dat 18 novanm 1987. Se depi an 1997, lè li te tou piti, li kòmanse jwe nan legliz St. Anne. Se la li te dekouvri ke li gen yon pasyon pou tanbou. E depi nan legliz sa, Jay Ti Tanbou te jwenn espas pou devlope kapasite li nan jwe. La, li te fè premye eksperyans li nan jwe tanbou, e sa pa t pran l tan pou l adapte rapidman paske li te gen lanmou pou li depi l te tou piti.

Li kòmanse jwe pwofesyonèlman an 2015, lè li te fè pati de yon gwoup ki pote anpil anbyans e trè popilè nan endistri a, ki se SOFAR BAND. Nan gwoup sa a, Jay Ti Tanbou te kòmanse montre kapasite li kòm yon tanbourinè ki gen yon sans ak yon gou ekstraòdinè ki te fasilite l jwe lòt mizik ak lòt estil. Aktivite sa yo te pèmèt li jwenn gwo popilarite, sa ki te pèmèt li kolabore ak anpil lòt atis.

Li fè pati de plizyè djaz ak bann ki gen gwo renome nan endistri a. Lè l ap jwe, li toujou ap pote nouvo kreyativite, espesyalman nan jwe konpa ak tandans bann a pye yo. Li te jwe nan djaz tankou: Bèl Konpa de Jakmèl,  Bèl Groom, Take-off  ak anpil lòt ankò.

Se pa sèlman mizisyen legliz ki te enspire Jay Ti Tanbou. Li te enfliyanse pa anpil  gwo mizisyen ki te ba li anpil enspirasyon, tankou Shaba. Enspirasyon sa yo te pèmèt li devlope yon estil pwòp a li menm epi li te kontinye travay sou teknik li ak inovasyon nan jwe tanbou.

Jay Ti Tanbou se yon atis ki renmen diferan estil mizikal. Li se yon moun ki konnen kijan pou l balanse ant konpa ak tandans band à pied, ki se yon estil ke li bay plis enèji lè l ap jwe  yo. Jay Ti Tanbou ka jwe nenpòt estil ki mande yon ritm ki fò ak yon gwo kapasite pou kontwole tanbou a.

Jay Ti Tanbou pa limite sèlman nan mizik. Li fè anpil lòt bagay andeyò mizik la tou. Li gen yon diplòm nan Elektrisite, sa ki montre ke li gen kapasite nan lòt domèn tou. Anplis de sa, li gen yon talan nan videyografi, li fè anpil bèl videyo tou.

Jay Ti Tanbou se youn nan jèn tanbourinè ki ap monte ak fòs nan endistri mizikal la. Li ap travay chak jou pou l ka bay pi bon pèfòmans. Avèk pasyon li, devouman ak kapasite inik li nan jwe tanbou, li kontinye kite yon gwo mak nan mizik ayisyen an.

G-Lens: yon jèn Dj ki trè kreyatif k ap monte ak fòs nan HMI la

Nan mizik ayisyen an, gen anpil DJ ki fò, ki toujou kite tras yo chak kote yo al jwe. Youn nan yo se DJ G-Lens, ki te kòmanse nan djing an 2021, ak yon pasyon ki soti nan lanmou li pou mizik depi li te timoun.

Vrè non li se Teddy Andrew. Li grandi nan Kwadèboukè, e li fèt nan Site solèy nan dat 25 oktòb 2000. Anpil ayisyen k ap viv Repiblik Dominikèn gen yon lanmou espesyal pou DJ G-Lens, paske li toujou mete plezi nan chak pwogram li ap jwe. Si w vle fè yon bèl pwogram RD ki pou atire anpil moun, DJ GLens se yon bon chwa nan koze atire moun pou vin nan pwogram. Lè yo afiche li, li bay pwogram yo  yon lòt valè.

2021 se ane li te kòmanse jwe antanke DJ. Youn nan moun ki te enfliyanse li pou  antre nan domèn sa a se DJ Bullet, yon DJ ki gen anpil eksperyans. Men BMIXX se DJ li pran kòm modèl, paske li toujou ap inove, sa ki fè jounen jodi a, DJ GLens kapab kreye pwòp non pa l atravè bon pèfòmans li toujou bay nan tout aktivite li ale jwe yo.

Anpil atis ki p ap jwe ak yon band toujou bezwen prezans yon DJ pou akonpanye yo, pou fè prestasyon yo pi bèl. Nan ka sa a, DJ G-Lens se yon DJ eksepsyonèl ke anpil moun renmen, paske li gen anpil kapasite, bon sans ak anpil  pwofesyonalis lè li akonpaye ak atis yo sou sèn. Nan HMI la, gen anpil chantè ak chantez ki gen yon lanmou espesyal pou DJ G-Lens, depi yo ap jwe, yo toujou vle se li ki pou akonpanye yo. Atis tankou Djouly, Teddy Hashtag, Marc Rebel ak Pierre  Jean toujou fè lwanj kapasite epi pasyon.

MIXTAPE HOT SHOT 2024 BY DJ G-LENS by Dj_Glenshaiti

Daprè sa li di, ki fè  atis sa yo  toujou vle jwe avèk  li: “Se kapasite ak pasyon mwen ki fè anpil atis gen konfyans nan mwen. Yo konnen mwen toujou pare pou bay pi bon pèfòmans.”

Avèk ki atis nan HMI a ou afiche nan pwogram deja?

« Mwen afiche ak anpil atis enpòtan nan endistri a. Mwen abitye jwe ak Rutshelle, Fatima, Darline Desca, Charly Black, DJ Puffy, Tony Mix, Alan Cave, Oswald, Kreyol La, Baky, Teddy Hashtag, Maestro (T Ansysto), Pierre Jean, Charlin Bato, BMIxx, Afriken An, DJ Bullet, Manito Nation, elatriye. »

Ki pi gwo eksplwa ou fè deja nan DJing?

« Pi gwo eksplwa mwen nan DJing se lè mwen te jwe nan yon festival nan Croix des Bouquets devan plis pase 800 moun. Sa a te yon eksperyans enpòtan nan karyè mwen. Yon lòt gwo eksplwa se lè mwen te jwe nan Punta Cana devan plis pase 600 moun ansanm ak Tonymix . »

Ki pi gwo rèv ou?

« Pi gwo rèv mwen se pou HMI la vin pi rantab e pou plis atis gen opòtinite pou yo grandi nan endistri a. Mwen ta renmen wè plis ti gwoup yo jwenn chans yo epi fè siksè nan sa yo renmen. »

DJ GLens se youn nan jèn DJ ayisyen k ap  monte  avèk fòs nan endistri mizikal ayisyen an. Ak yon pasyon ki sòti depi lè l te timoun, li te itilize mizik kòm yon zouti pou kreye espas pou lòt moun pran plezi. Li se yon DJ ki toujou ap travay di pou l grandi plis nan domèn nan epi pote inovasyon nan melanje ritm ak melodi.

 

 

 

Milot Joseph: Jèn Beatmaker ki pwodui anpil bèl mizik k ap fè nou danse ak kè kontan

Pami tout pwodiktè ak bitmekè ki pèmèt atis ayisyen yo sonnen byen nan mizik yo, nou jwenn Milot Joseph, yon jèn pwodiktè ki gen yon touch eksepsyonèl. Youn nan pwodiktè ou ka fè konfyans san rezèv, pou w  kreye yon mizik konplè ak yon  kalite remakab.

Milot fèt yon 12 septanm 1996, li grandi nan yon anviwònman kote mizik te toujou prezan. Li se yon jèn pwodiktè ak chantè, ki pote yon kontribisyon inik sou anpil bèl mizik ki ap soti nan HMI la. Kòm yon pwofesyonèl, li travay ak jèn Atis  epi sa ki deja byen etabli nan endistri a, sa ki fè travay li toujou fè gwo enpak.

Li kòmanse nan koze fè beat nan lane 2019,  depi lè sa a, anpil moun te kòmanse dekouvri gwo talan sa a. Milot travay avèk anpil atis popilè nan HMI la, e mizik li pwodui yo, fanatik yo toujou byen akeyi yo. Mizik  li pwodui yo se sa k ap fè moun danse, se sa k ap fè kè moun  kontan epi se sa k ap byen sonnen ak bèl  koral epi beat ki ladann yo.

Èske w te konnen li te fè koral nan mizik “KriyeKenny Haiti a ? Sa se jis yon egzanp nan bèl travay li nan mond mizik la. Li travay tou ak anpil lòt atis tankou Mebel Brun, D-Perfect, Franco Love, Steevy.A, Wid Music ak anpil lòt atis nan sektè evanjelik la. Li gen yon touch ekstraòdinè pou melanje diferan estil mizikal, sa ki fè mizik li yo toujou inik.

Milot pa sèlman yon pwodiktè, men se yon vizyonè. Li travay an kolaborasyon avèk Salil Lirah nan pwodiksyon li an, e ansanm yo kreye mizik ki rete nan memwa moun. Se li ki dèyè anpil bèl mizik ke anpil moun renmen nan HMI la.

Anpil fwa, nou tande mizik yo, nou renmen beat yo,  melodi a,  koral la, men nou pa toujou konnen kiyès ki fè tout sa yo. Li se youn nan moun sa yo ki fè mizik ayisyen an bèl ak tout pasyon li mete nan chak pwodiksyon li.

Milot ap kontinye travay di pou pote inovasyon nan sektè a. Se pou l kontinye travay sa a, pou pwodui mizik ki pote espwa, ki enfliyanse e ki konekte tout moun nan tout kwen peyi a. san dout  li se yon pwodiktè ki gen yon avni briyan devan li.

Full Technic Le kirikou: yon rapè ki konn jwe ak mo yo

John Erlens Petit-Homme, tout moun konnen sou non Full Technic le Kirikou, se yon rapè, chantè, lirisis epi eslamè ki fèt Pòtoprens, ki gen 30 lane. Li grandi ak tout sans ekriti a, depi l te tou piti li te konn jwe ak mo yo, e se sa k fè jodi a li se yon mastè nan koze ekri.

Full Technic le Kirikou, anpil moun te vle konnen kisa non sa vle di, ebyen men sa atis la di nou sou non an: “Non sa gen anpil sans pou mwen. Yo te konn rele m Kirikou poutèt mwen te kout anpil. Lè m analize, mwen wè Kirikou se yon pèsonaj ki entèlijan, ki gen anpil teknik ak kouraj. Se konsa mwen chwazi non Full-Technic le Kirikou, pou montre fòs ak teknik mwen nan rap ak nan lavi.”

Atis la ap fè mizik depi yon bon bout tan, li te pase nan yon gwoup ki te rele “VNP Crew,” se la li te fè premye eksperyans li, epi li ta pral soti plizyè lòt mizik poukont li. Grenn mizik ki ta pral fè anpil moun konnen atis la, se yon mizik ki te rele “571 mo nan on minit.” Si n ka suiv byen sou rezo a, tout gwo rapè ki fò yo konnen Full Technic se yon jeni nan koze ekri mizik.

Travay atis la te tèlman fè enpak sou anpil moun, youn nan pi gwo pwodiktè/bitmekè nan rap kreyòl la, ki se Fred Hype, te vle travay avè l paske atis la te vrèman rive sou li. Men sa pa t gentan rive fèt.

Full Technic pa sèlman yon rapè, li pale tou de lòt talan li genyen: “Apa de rap, mwen gen kapasite pou ekri ak konpoze mizik nan plizyè lòt estil. Mwen ka kreye tèks ki pwofon, fè bèl melodi epi fè aranjman mizik pou lòt atis. Mwen se yon lirisis ki konn jwe ak mo pou eksprime emosyon nan plizyè fòm. Anplis, mwen gen talan pou rakonte istwa (storytelling), sa vle di mwen ka fè mizik mwen rakonte bagay ki touche kè moun epi konekte ak yo. Sa fè m wè tèt mwen pa sèlman kòm yon rapè, men kòm yon atis konplè.”

Atis la poko soti albòm ak EP, men li gen 19 mizik li soti deja ak mizik lòt atis li kolabore tou. Li gen yon EP k ap kuit nan estidyo ki pa lwen soti, li ban nou randevou pou mwa k ap vini.

 

Dr. Steeve fè yon melanj ant talan l ak konesans li pou l fasilite n konnen pi byen jagon medikal yo ak son epi pwezi

Dr. Steeve se yon rapè, powèt epi ekriven ki etidye medsin. Depi kèk ane, Doktè Steeve pa sispann itilize mizik pou aprann moun anpil bagay yo pa t konnen nan domèn medsin. Travay Dòk la se yon enpòtans kle, paske anpil timoun ki nan lekòl klasik, oswa ki apèn ap antre nan medsin, itilize mizik Doktè Steeve yo pou aprann pi vit. Nou te bezwen yon modèl atis konsa depi lontan pou mete kèk bagay ke nou ta dwe etidye lekòl nan mizik. Se travay sa a Doktè Steeve ap fè, li melanje rap ak sa l ap aprann nan domèn medsin, sa ki fè l 2 fwa pi fò nan sektè sa a.

Bon non li se Steevenson Baptiste, li fèt yon 7 Desanm 1998 nan vil Jeremi. Li se yon rapè epi li etidye medsin nan inivèsite Saint-François d’Assise. Li kòmanse nan Koze mizik nan lane 2013 kote li te pibliye 2 mizik, youn ki se pran pasyans lòt la ki se Destination de Jérémie youn nan mizik ki te fè anpil bri nan zòn kote l soti.

Nan Lane 2021, li ta pral soti Le corps humain se mizik sila ki ta pral fè anpil moun dekouvri kokennchenn talan sa. Mizik sa a pale de diferan pati nan kò yon moun, e li se youn nan mizik jèn ki nan medsin yo tande anpil, paske li ede yo aprann pi fasil. Yon mizik ki pwodui pa BIC.

22 Me 2024 li te mete deyò yon nouvo mizik ak tout videyo an kolaborasyon avèk Michel Cinthia, yon bèl chantez. Mizik sa a pale de gwosès e li pote yon mesaj sou atansyon ak prekosyon pou fanm ansent pran, anvan, pandan ak apre gwosès.

Lè nou pale de kout plim, Doktè Steeve se youn nan rapè ki ekri byen. Lè l ap ekri, li pa fè rim fasil ki pa itil. Chak grenn ba li fè nan mizik li yo gen anpil sans. Se nòmal pou l konsa paske l jwenn benediksyon BIC depi nan premye mizik li, ki te jwe wòl pwofesè. E nou tout konnen ke BIC se yon atis trè egzijan ki renmen pèfeksyon.

Dr. Steeve se youn nan atis nou dwe bay anpil enpòtans pou n envite jèn yo tande plis, paske mizik li yo itil anpil pou sosyete a.
Li gen yon pwojè ke l ap prepare ki pa lwen soti.

Titi Congo yon atis ki chante mizik ki gen nanm

Steevens Dormil, anpil moun konnen sou non sèn Titi Congo se yon chantè epi konpozitè. Li leve nan yon fanmi kote mizik te toujou prezan, e se youn nan rezon ki fè yo te ba li prenon sa a ki se Steevens, yon non ki soti nan Stevie Wonder. Se te yon jenerasyon ki renmen mizik anpil, e sa te kontribye anpil nan fòmasyon atis la.

Kòm anpil lòt atis, Titi Congo te kòmanse chante nan legliz kote li te patisipe nan plizyè koral. Lè li te fè premye pèfòmans solo li, sa te fèt nan yon ti fèt ke klas li t ap òganize, kote li te chante yon mizik Wanito ki rele “Banm Parenn”. Se depi lè sa li te kòmanse pran chante plis o serye lè li te wè jan elèv yo te enpresyone.

Karyè pwofesyonèl Titi Congo te kòmanse nan lane 2012 lè li te fòme premye gwoup mizikal li, ki te pote non “Masters”. Apre sa, li te pase nan de lòt gwoup ankò, ki se “Amazone” ak “Ekilib”. Li te lanse karyè solo li nan lane 2018, e depi lè sa, li te kòmanse jwe nan anpil gwo evènman.

Kòman anpil moun te dekouvri l?

Titi Congo te lanse premye albòm li, “Transcendance”, ki te pèmèt anpil moun dekouvri l. Nan albòm sa a, li te gen 2 mizik ki te vin trè popilè, “J’ai trouvé ma reine” ak “Veye m avè yo”.

Nan fen ane 2024 ki sot pase a, atis la te lanse dezyèm albòm li ki se Nou Djougan, ki te soti premye novanm. Albòm espirityèl, li gen kat gwo atis nan HMI ki kolabore avèk li, li gen  Reginald Cange, BIC Tizon Dife, Belo ak Kebert Bastien. Sa a montre yon chanjman nan direksyon mizikal Titi Congo, kote li ap pwoche plis ak rasin mizikal li yo.

Nou jwenn nan albòm sa a yon melanj de mizik rasin ak mizik elektwonik, ki se Racitronix yon nouvo konsèp Titi Congo kreye epi pote sou nouvo albòm Nou Djougan an. Konsèp sa a montre yon melanj ant mizik tradisyonèl ayisyen an rasin  ak son modèn, ki fè l sonnen byen epi inik.

Men diferan pwodiktè ki travay sou pwojè sa : Mackendy Marcelain, Walky Pierre, Baby Auguste, RJ Beat, Nathanaël Cineus ak Angello Lizius. Se ansanm pwodiktè sa yo ki te ede fè konsèp Racitronix la sonnen byen nan zòrèy nou.

Titi Congo se yon atis ki gen anpil potansyèl e li enpòtan nan HMI la. Li toujou ap mete sou pye nouvo inisyativ mizikal ki fè l distenge tèt li nan endistri a.