All posts by Marco Frantz Pierre

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine

JONAS CHARLES YON JOUNALIS KI BAY ANPIL JÈN TALAN BOURAD

Jonas Charles se yon jounalis ki fèt Dikini, yon zòn nan Kafou, se youn nan jèn jounalis, ki bay plis jèn talan viziblite atravè platfòm li yo an Ayiti. Li fèt yon 30 avril 1997,  li grandi  Miragwàn, se la li te devlope yon pasyon pou kominikasyon depi nan jèn laj li.

Jonas te dekouvri ke li te ka fè jounalis, se atravè legliz kote li te mache, kote li te enplike l nan anpil aktivite nan legliz la. Li te toujou ap pran lapawòl nan legliz la, pou pale ak pataje enfòmasyon ak fidèl yo. Se la li te reyalize ke jounalis te yon  Metye li ka fè epi li te tou pran wout la.

Jonas etidye Jounalis nan @ifjhaiti , kote li te jwenn fòmasyon pwofesyonèl ki te ede l devlope kapasite li nan jounalis. Sa a te pèmèt li amelyore konesans li nan domèn medya ak aprann teknik jounalis ki nesesè pou reyisi nan endistri a.

Karyè li kòm jounalis kòmanse nan lane 2019, nan Radio Télé Détente Créole, yon Medya nan Fon dè nèg, nan depatman nip.  Aprè kèk ane, yon zanmi l te kontakte l, e ta pral pèmèt li entegre Gwoup Pacific, paske zanmi an te wè potansyèl li gen lakay li. Se lè sa Jonas te jwenn opòtinite pou li prezante emisyon Viv Ayiti, epi l te tou fè pati ekip la. Sa a se te yon gwo etap nan karyè li, kote li te kòmanse jwenn plis vizibilite nan  medya Ayisyen an.

Jonas se yon Jounalis Polivalan, li pa sèlman yon jounalis kiltirèl, men tou li se yon jounalis ki gen kapasite nan plizyè domèn nan jounalis. Li se yon jounalis espòtif,  kiltirèl ak politik epi li prezante jounal tou.

Li prezante plizyè emisyon sou Radio Tele Pacific, tankou :
Viv Ayiti ki pase 9è AM pou 11è AM,
Enpresyon Kise on emisyon politik ki pase a 11è nan aswè pou minwi, Stade Pacific yon emisyon espòtif ki pase a 5è15 PM pou 6è PM epi yon
Jounal Fransè ki fèt chak samdi a 7è AM pou 8è AM, kote li prezante nouvèl nan lang franse.

Li se yon jounalis ki toujou angaje l nan mete an valè jèn talan ki  nan diferan domèn, espesyalman kilti. Youn nan kalite ki fè Jonas Charles inik, se kapasite pou li dekouvri jèn talan nan plizyè sektè. Li pran tan pou ankadre yo, ba yo espas epi ede yo grandi nan karyè yo. Platfòm li yo sèvi kòm yon avni pou jèn sa yo.

VALBEN YON CHANTÈ KI GEN ANPIL LANMOU POU MÒD

Valdory Valcin, anpil moun konnen sou non Valben se yon chantè, pent, ak manm gwoup mizikal Alezi. Li gen 29 ane, li fèt Delma.

Li te kòmanse chante  legliz, nan koral depi l tou piti, se la li te dekouvri talan li genyen pou l chante. Depi lè sa a, mizik te tounen yon pati enpòtan nan lavi li.

li chante tout estil mizik, men li santi li pi alèz nan konpa ak R&B, kote li ka eksprime pi byen tout emosyon ak santiman li.

Anpil moun te dekouvri Valben nan lane 2023 avèk avèk yon mizik li ki te rele “Lanmou Sa”, yon mizik ki pale sou santiman li ak eksperyans li nan lanmou. Mizik sa te pèmèt li jwenn apresiyasyon ak admirasyon anpil moun.

Atis la te patisipe nan plizyè konkou mizik, men sa ki te make yon gwo etap nan karyè li se patisipasyon li nan yon konkou ke Institut Français t ap òganize, ladann li te chanpyon, e se la Manzè ki se chantez gwoup Boukman Eksperyans lan, te dekouvri talan Valben. Manzè te sezi ak kapasite vwa Valben, sa ki te pèmèt li entegre l nan  gwoup lan. Se nan moman sa a Valben te kòmanse jwenn yon pi gwo vizibilite nan endistri mizikal la.

Aprè eksperyans sa a, Valben te kòmanse travay ak gwoup  Alezi,  kote li te pote nouvo enèji ak kreyativite. Li se yon atis ki renmen inove, e li gen yon lanmou pwofon pou mòd, sa ki fè l toujou ap chèche nouvo fason pou eksprime tèt li, swa nan mizik oswa nan estil pèsonèl li.

Li kolabore deja ak plizyè atis entènasyonal e li kontinye ap travay pi plis pou ale pi lwen. Li gen on bèl vwa ekstraòdinè ki atire anpil moun.

BOBBY LAST ONE AP EPATE NOU AK BÈL MIZIK DEPI LONTAN

Laurent Nelson tout moun konnen sou non Bobby Last One, se yon  atis ki soti Jakmèl, ki fèt yon 17 septanm 1987. Li se yon chantè, rapè,  yon atis polivalan ki gen anpil talan.

Se yon  atis k ap frape depi on bon bout tan  nan endistri mizikal Ayisyen an. Li epate anpil moun ak vwa li, vayb li lè l ap chante, emosyon li degaje, fason l ekri tèks mizik li yo.

Bobby te dekouvri talan li nan mizik depi li te gen 9 ane,  an 1996. Li te kòmanse chante nan legliz kote li te patisipe nan plizyè koral Menm jan ak  anpil atis. Se legliz  li te devlope kapasite l plis nan chante.

Li te kòmanse chante pwofesyonèlman an 1999,  li te kreye premye gwoup mizikal li an 2001. Se nan ane sa yo anpil moun ta pral kòmanse wè Talan k lakay li.

Youn nan mizik ki te pèmèt Bobby Last One fè anpil moun konnen li se “M PATI M PADI MOUN SI MANZÈ SON CHAT”. Mizik sa a a, te pèmèt li jwenn plis vizibilite nan HMI la.

Bobby te enspire pa anpil atis nan endistri mizikal la tankou B.O.P, F-NER, MONEY MIC ak FULLBASS. Se atis sa  yo ki te enfliyanse li plis pou l antre nan koze mizik. Li te aprann anpil nan chante  mizik yo e sa te ede l devlope pwòp estil li.

Se yon Atis polivalan ki fè  Rap, Reggae ak Dancehall. Bobby te kòmanse karyè l ak rap, men  nan mitan karyè li, li te vin fè  reggae ak dancehall. Daprè sa l di,  Li santi li pi alèz nan estil sa yo, men li toujou kontinye fè ni Rap, ni Reggae, ni Dancehall. Li konnen kijan pou l adapte l ak diferan ritm ak melodi, e sa se yon bagay ki fè l inik nan HMI la.

Yon anekdot enteresan nan karyè Bobby se lè moun te panse ke se Roody Roodboy ki te fè mizik “M M PATI M PA DI MOUN SI MANZÈ S ON CHAT”. Li di ke sa pa t twò chokan pou li, paske li te kontan pou yo tande vwa li. Se vwa li yo t ap  tande k ap chante, se pa vwa Roody Roodboy.

Andeyò mizik, Bobby se yon antreprenè li gen yon pasyon pou pentire. Li epate anpil moun nan kelkeswa domèn li ye, e li kontinye ap devlope karyè li nan diferan sektè. Li se yon atis ki gen anpil talan, e li toujou ap chèche nouvo fason pou ekspoze kapasite li.

https://www.instagram.com/p/DEada5EvRqC/?igsh=YTVrYnRtODlwYWl4

Kiyès Cherubin Esau ye ?

Cherubin Esau se yon jèn jounalis, animatè ak prezantatè kiltirèl ki kòmanse depi l tou piti nan koze radyo.

Li fèt nan yon fanmi kretyèn, nan dat 14 septanm 1998, nan komin Dèlma epi li leve nan komin kwadèboukè. Li etidye Kominikasyon nan ECOMTEL epi Jounalis nan IFJ.

Cherubin ta pral dekouvri ke li gen talan pou l  prezante nan radyo, apre yon direktè lekòl li te pwopoze l pou anime yon fèt Filozòf. Se la li te dekouvri gwo talan sa li te genyen. Apre bèl eksperyans sa a ki te yon reyisit pou Cherubin, menm direktè lekòl la te pwopoze li pou li antre nan yon lekòl jounalis.

Premye eksperyans li nan radyo kòmanse nan lane 2018 nan yon radyo lokal ki nan anviwònman kote li ap viv. Apre sa, li pral entegre Radyo Sodec FM nan lane 2019, kote li te kòmanse epate moun ak kapasite li genyen pou fè entèvyou, anime ak prezante emisyon kiltirèl. Li pral travay nan de lòt radyo tankou : Model FM ak Radyo 10. Li te kontinye ap bay  gwo enpresyon nan radyo sa yo ak orijinalite li epi atitid li.

Anpil moun te dekouvri kokennchenn jounalis sa a lè li te entegre Radyo Storm TV ak gwo emisyon odyo-vizyèl li a, ki rele “Real Talk Show 509”. Cherubin parèt avèk tout fòs li; li pa eseye pran plas pèsòn. Li itilize mikwo li pou mete limyè sou anpil jèn atis ki ap fè yon travay pozitif nan sektè kiltirèl la.

Jounen jodi a, si w ap chèche yon jounalis avize, ki respekte anpil prensip nan domèn jounalis la, ki prezante byen, epi ki gen yon gran kilti jeneral, ou ka pran Cherubin san kè sote. 

Li se yon jounalis ki  enpresyone anpil moun ak pèfòmans li. Cherubin pran kòm modèl anpil lejann nan domèn radyo ak televizyon tankou Carel Pedre, Guy Wewe, Claudy Ciar, Wendel Theodor ak Bregard Anderson.

Lè Cherubin ap fè entèvyou ak yon pèsonalite, li pasyan, li mete envite a alèz, li ba li espas pou vann tèt li epi pou li di ak tout frankte sa ki fè l byen oswa mal.

DEKOUVRI AK NOU MOUN KI MC-99 LA

ETIENNE Thildon Se yon jèn rapè epi konpozitè ki gen pou non sèn MC-99. Li fèt yon 11 desanm 2000 nan vil pòtoprens, li etidye Syans Adminitratif. 

Li  kòmanse karyè mizikal li  nan lane 2020 kote li ta pral soti premye mizik li ki  rele Jamè m p ap bay vag. Mizik sila te pèmèt anpil moun kòmanse rekonèt li nan mond mizikal la. 
Jiska kounye a, li soti 4 Mizik. Chak single li soti li pwouve pi plis talan li nan koze rape.
Li te pran on ti poz akoz de etid li ebyen li tounen nan fen ane 2024 pi wouye, pi koupe.

Daprè sa l di:

Premye fwa mwen rape se te nan yon konkou bò lakay mwen. Se la mwen te dekouvri ke mizik te toujou nan mwen, tankou yon san k ap koule nan venn mwen. Mizik te toujou yon pati de mwen, e sa te fè m konnen ke mwen fèt pou sa. Se nan sa k te pase nan konkou sa a ke mwen te santi mwen konfime ke mizik se sa mwen vle fè”.

Li pran 2 nan pi gwo rapè ayisyen pou modèl Wendy Traka ak Baky. 
Pawòl Atis la :

Se 2 atis ki sèvi m kòm modèl pou mwen. Mwen te toujou ap obsève kijan yo ap grandi nan mizik, e sa te pouse mwen travay plis pou m devlope kapasite mwen.”

Lè w ap tande byen lè l ap rape w ap santi vre ke jèn Atis la gen vayb tou 2 rapè e sitou Wendy.
E daprè sa atis la di se Atis sa yo ki te fè l pi vit antre nan mizik.
Pawòl Atis la: “Sa k te motive m antre nan mizik se pwogrè mwen te toujou ap fè nan lekòl mwen. Mwen te toujou youn nan elèv ki te gen pi bèl kout plim nan lekòl mwen, e sa te pèmèt mwen devlope yon pasyon pou ekriti. Lè mwen te wè Wendy Traka ap fè gwo pa nan mizik, sa te fè mwen di tèt mwen: “Mwen dwe depase sa.” Se konsa mwen te deside lanse karyè mizikal mwen nan 2020.

MC-99 se yon jèn atis ki ap fè wout li nan mond mizikal Ayisyen an. Avèk anpil detèminasyon, li kontinye ap pouse travay bèl mizik, tout pandan li ap chèche nouvo fason pou li pote mesaj pou  jèn yo atravè rap. Avèk karyè ki ap devlope, li pare pou fè yon gwo enpak nan endistri mizik ayisyen an. MC-99 gen anpil bagay nan tèt li pou ofri.