Category Archives: MIZIK

Dr. Steeve fè yon melanj ant talan l ak konesans li pou l fasilite n konnen pi byen jagon medikal yo ak son epi pwezi

Dr. Steeve se yon rapè, powèt epi ekriven ki etidye medsin. Depi kèk ane, Doktè Steeve pa sispann itilize mizik pou aprann moun anpil bagay yo pa t konnen nan domèn medsin. Travay Dòk la se yon enpòtans kle, paske anpil timoun ki nan lekòl klasik, oswa ki apèn ap antre nan medsin, itilize mizik Doktè Steeve yo pou aprann pi vit. Nou te bezwen yon modèl atis konsa depi lontan pou mete kèk bagay ke nou ta dwe etidye lekòl nan mizik. Se travay sa a Doktè Steeve ap fè, li melanje rap ak sa l ap aprann nan domèn medsin, sa ki fè l 2 fwa pi fò nan sektè sa a.

Bon non li se Steevenson Baptiste, li fèt yon 7 Desanm 1998 nan vil Jeremi. Li se yon rapè epi li etidye medsin nan inivèsite Saint-François d’Assise. Li kòmanse nan Koze mizik nan lane 2013 kote li te pibliye 2 mizik, youn ki se pran pasyans lòt la ki se Destination de Jérémie youn nan mizik ki te fè anpil bri nan zòn kote l soti.

Nan Lane 2021, li ta pral soti Le corps humain se mizik sila ki ta pral fè anpil moun dekouvri kokennchenn talan sa. Mizik sa a pale de diferan pati nan kò yon moun, e li se youn nan mizik jèn ki nan medsin yo tande anpil, paske li ede yo aprann pi fasil. Yon mizik ki pwodui pa BIC.

22 Me 2024 li te mete deyò yon nouvo mizik ak tout videyo an kolaborasyon avèk Michel Cinthia, yon bèl chantez. Mizik sa a pale de gwosès e li pote yon mesaj sou atansyon ak prekosyon pou fanm ansent pran, anvan, pandan ak apre gwosès.

Lè nou pale de kout plim, Doktè Steeve se youn nan rapè ki ekri byen. Lè l ap ekri, li pa fè rim fasil ki pa itil. Chak grenn ba li fè nan mizik li yo gen anpil sans. Se nòmal pou l konsa paske l jwenn benediksyon BIC depi nan premye mizik li, ki te jwe wòl pwofesè. E nou tout konnen ke BIC se yon atis trè egzijan ki renmen pèfeksyon.

Dr. Steeve se youn nan atis nou dwe bay anpil enpòtans pou n envite jèn yo tande plis, paske mizik li yo itil anpil pou sosyete a.
Li gen yon pwojè ke l ap prepare ki pa lwen soti.

Titi Congo yon atis ki chante mizik ki gen nanm

Steevens Dormil, anpil moun konnen sou non sèn Titi Congo se yon chantè epi konpozitè. Li leve nan yon fanmi kote mizik te toujou prezan, e se youn nan rezon ki fè yo te ba li prenon sa a ki se Steevens, yon non ki soti nan Stevie Wonder. Se te yon jenerasyon ki renmen mizik anpil, e sa te kontribye anpil nan fòmasyon atis la.

Kòm anpil lòt atis, Titi Congo te kòmanse chante nan legliz kote li te patisipe nan plizyè koral. Lè li te fè premye pèfòmans solo li, sa te fèt nan yon ti fèt ke klas li t ap òganize, kote li te chante yon mizik Wanito ki rele “Banm Parenn”. Se depi lè sa li te kòmanse pran chante plis o serye lè li te wè jan elèv yo te enpresyone.

Karyè pwofesyonèl Titi Congo te kòmanse nan lane 2012 lè li te fòme premye gwoup mizikal li, ki te pote non “Masters”. Apre sa, li te pase nan de lòt gwoup ankò, ki se “Amazone” ak “Ekilib”. Li te lanse karyè solo li nan lane 2018, e depi lè sa, li te kòmanse jwe nan anpil gwo evènman.

Kòman anpil moun te dekouvri l?

Titi Congo te lanse premye albòm li, “Transcendance”, ki te pèmèt anpil moun dekouvri l. Nan albòm sa a, li te gen 2 mizik ki te vin trè popilè, “J’ai trouvé ma reine” ak “Veye m avè yo”.

Nan fen ane 2024 ki sot pase a, atis la te lanse dezyèm albòm li ki se Nou Djougan, ki te soti premye novanm. Albòm espirityèl, li gen kat gwo atis nan HMI ki kolabore avèk li, li gen  Reginald Cange, BIC Tizon Dife, Belo ak Kebert Bastien. Sa a montre yon chanjman nan direksyon mizikal Titi Congo, kote li ap pwoche plis ak rasin mizikal li yo.

Nou jwenn nan albòm sa a yon melanj de mizik rasin ak mizik elektwonik, ki se Racitronix yon nouvo konsèp Titi Congo kreye epi pote sou nouvo albòm Nou Djougan an. Konsèp sa a montre yon melanj ant mizik tradisyonèl ayisyen an rasin  ak son modèn, ki fè l sonnen byen epi inik.

Men diferan pwodiktè ki travay sou pwojè sa : Mackendy Marcelain, Walky Pierre, Baby Auguste, RJ Beat, Nathanaël Cineus ak Angello Lizius. Se ansanm pwodiktè sa yo ki te ede fè konsèp Racitronix la sonnen byen nan zòrèy nou.

Titi Congo se yon atis ki gen anpil potansyèl e li enpòtan nan HMI la. Li toujou ap mete sou pye nouvo inisyativ mizikal ki fè l distenge tèt li nan endistri a.

TOU O ZANTIY YON NOUVO EP KRESH ANONSE POU AVRIL 2025

Tou O zantiy yon nouvo EP Kresh Prevwa soti nan mwa avril 2025 ki ap gen sou li 6 mizik, plis yon bonis track.
Dancehall music ak sonorite modèn se estil sa yo ki ap domine sou EP sa. Mizik yo prezante yon melanj de estil ki enspire pa mouvman Dancehall pandan y ap entegre yon son ki nouvo, sa ki fè mizik yo pral plis atire jèn ki nan ven ak trantèn yo.

Kresh chwazi non Tou O Zantiy a paske li gen anpil siyifikasyon. Pou li sa reprezante yon angajman nan defann kilti ayisyen an, franse ak karayibeyen an nan tout aspè, espesyalman lè li pale de Kreyòl. Kresh vle defann lang lan atravè Dancehall, e li kwè ke sa a se yon fason pou pote enèji pozitif nan peyi Dayiti epi fè Dancehall ayisyen an fè plis bri entènasyonalman. Li konsidere Tou O Zantiy kòm yon batay pou sa k ap viv nan vilaj yo, moun ki pa gen aksè fasil nan kapital la, men ki renmen Dancehall e ki sèvi ak li pou bay fòs.

Mesaj Kresh vle bay atravè EP sa se lanmou, koneksyon ant moun e pou bay lavi bon enèji. Li vle mete aksan sou lanati, lanmou moun ak moun, e defann koz sa ki pi  fèb yo, espesyalman pou bay black women yo lanmou ak sipò yo merite. Kresh ajoute yon ti touche espesyal, “Tell ’em seh waguann ti mal,” pou bay yon vibe pozitif nan mizik li yo.

Kresh kolabore ak anpil jèn talan nan EP sa, ki sòti nan Dancehall Family. Nou ap jwenn Chosen, Leidea, Myster-Z Greatman, Pitit Madanm nan, MCM, ak Tito Beatz. EP a benefisye de travay plizyè moun. Kòm grafis DJBest se te yon moun ki pote kontribisyon enpòtan nan aspè vizyèl la, pandan François Laurentz Vhansky, Badjo Clermont ak Bouzi Tcherry Snerlin (Kresh) te jwe yon wòl enpòtan nan direksyon atistik la. Li  gen plizyè pwodiktè ki travay sou li, tankou:

Tito Beatz
– Chosen
– BF
– Dhavaldy
– Horby
– Polo Guitar 

Ki mizik ou pi rennmen sou EP a ?

Kresh pataje ke chak mizik sou EP a gen yon enèji inik e se yon bagay ki touche l nan diferan fason. Li di:

– “Bonjou Soley” se mizik ki soti nan kè li, li konsidere l kòm nanm li, paske mizik sa a ap pote limyè e se yon envitasyon pou chanje peyi a.
– “Single Mada” se yon mizik ki rakonte istwa yon manman ki ap leve pitit san papa, yon mesaj pou defann fanmi monoparantal, ki gen pwoblèm yo.
– “Lejand” se yon lòt mizik kote Kresh onore moun k ap bay fòs, li salye lidegid yo ak karaktè yo ki kontinye enspire li sou wout li.

Majorite nan tèks yo se li menm ki ekri yo epi l jwenn sipò Mister9 ak kèk lòt atis sa ki montre angajman li nan pwojè a e kijan li santi sa li ap kreye.

Pwodiksyon EP a pa t pran twòp tan nan studio, paske li te deja planifye l pandan l ap travay sou pwojè album Mouin Ev3’w ki ta pral sòti nan Oktòb 2024. Li ajoute ke travay sou EP a te fèt pandan yon pwosesis ki pi detaye ki gen ladan analiz ak estrikti byen defini. Sa te pèmèt li kreye yon pwojè ki byen balanse anvan l lanse Tou O Zantiy.

Èske li te fasil ou difisi l pou w pwodui chak grenn mizik ?

Kresh konfime ke pwodiksyon an te fasil anpil paske li te konn sa l ap fè e li te gen yon ekip ki te pote enèji pozitif. Sepandan, li mansyone ke anpil difikilte ap vini nan lavi yon atis. Gen moman lè atis yo fè fas ak soufrans ak difikilte finansye, epi Kresh pataje eksperyans li sou sa, sou kijan li te nan moman difisil kote li menm te oblije viv nan kondisyon ki pa t fasil. Li remèsye tout moun ki te ede l atravè vwayaj sa a e li priye pou yo.

Avèk anpil pasyon, travay di ak lanmou, Tou O Zantiy rive fèt. EP sa a se pral yon nouvo etap nan karyè Kresh ki pral  pote nouvo vayb nan mizik Dancehall la. Li anonse l pou mwa Avril k ap vini la rete branche.

 

 

 

MORGAN BEAT JÈN PWODIKTÈ KI PWODUI DÈNYE HIT FANTOM NAN SA W KO WÈ

MorganBeat, yon non ki kòmanse jwenn anpil popilarite nan HMI la nan sa ki gen rapò ak pwodiksyon mizik. Vrè non li se Marvens Pouloute, Li soti Pòtoprens, li gen 35 lane, Li se yon desinatè epi li Se yon achitèk.

MorganBeat kòmanse nan Koze fè beat nan Lane 2010. Sa vle di li gen plis pase 10 lane nan endistri mizik la depi ap pwodui, li gen anpil eksperyans nan sa li ap fè a. Li travay avèk anpil Jèn Talan, Men se aprè l fin pwodui yon kokennchen mizik pou Fantom ki fè anpil moun dekouvri l.

Kijan li rankontre ak Fantom?MorganBeat te fè premye rankont li ak Fantom pandan yon festival rap ki te fèt nan Sendomeng an 2022. Se apre festival sa a ke Mad-S te mennen l nan Studio Tapajè Record la, kote yo te kòmanse kolabore sou albòm Yo Hype la. Se te yon moman kle nan karyè li, paske li te gen opòtinite pou l te kontribye nan yon pwojè ki te atire anpil atansyon. Fantom tèlman renmen touch Morgan aprè l fin pwodui gwo Hit sa ki se Sa w ko wè ak diferan bèl enstrimantal sou Albòm Yo Hype la ak Albòm Tololo a.

Fantom te menm deklare aprè Zaktouch ki se yon Beatmaker li te renmem anpil, ki te pwodui plizyè hit pou li, Morgan se beatmaker ki fè l pi byen.

Lè MorganBeat te tande ke youn nan beat li te pwodui tounen yon hit, li te santi l fyè anpil. Li pataje ke li pa t sezi paske depi nan estidyo a, li te santi gen yon bagay espesyal nan mizik la. Li konnen li gen lòt pwodwi l ki mache tou deja, men li te toujou swete pou travay li yo touche plis moun.

Pandan ke MorganBeat se yon pwodiktè mizik ak yon beatmaker, li pa sèlman limite nan sa. Li te ajoute ke li gen yon lòt pasyon ki se desen. Li se yon achitèk de pwofesyon, yon aspè ki montre kapasite li pou l kreye nan diferan domèn.

Ki pi gwo rèv Morgan ?

Pi gwo rèv li, li te eksplike ke li deja ap viv rèv li kòm yon pwodiktè mizik. Sepandan, li toujou ap travay pou l vin youn nan pi gwo pwodiktè yo. Li swete atenn yon nivo kote tout moun nan endistri a ap tande travay li epi fè yon gwo enpak nan mond mizik la.

Pami tout estil beat li konn fè, MorganBeat pi alèz nan Hip-Hop. Se nan estil sa li santi l pi konfòtab e li ka eksprime tout kreyativite li. Li se yon jèn nan pwodiksyon mizik Ayisyen an, li ap kontinye kreye son ki inik ki ka konekte l ak jenerasyon jodi a.

 

 

RV LAUTURE YON MIZISYEN PWOFESYONÈL KI GEN ANPIL LANMOU POU KILTI LAKAY LI

RV Lauture se yon chantè, konpozitè epi bitmekè ki soti Jakmèl. Li etidye mizik nan ENARTS e li se tou yon aranjè ak yon pwofesè mizik.

Li se yon mizisyen pwofesyonèl ki gen anpil eksperyans nan mond mizik la. Li te soti premye mizik li nan lane 2017, ki te rele Où vas le monde. Nan menm ane a, li te lanse yon lòt mizik ki te rele Balonnen, yon kolaborasyon avèk youn nan gwo atis Rasin yo, Samba Zao epi Teaga.

Mizik ki ta pral fè anpil moun dekouvri RV Lauture se te yon kanaval ki soti nan lane 2019, ki te rele Vanyan. Kanaval sa a te fè pati Platfòm Plezi Kanaval la. Genyen lòt moun ki ta pral dekouvri l atravè yon cover’li te fè sou yon mizik Youssoupha, ke li te rele Vodou Gospel.

 

 

Toujou nan ane 2019, li te lage yon lòt mizik ki rele Bwakayiman, yon kolaborasyon ak yon lòt gwo atis, ki se Steeve Valcourt.

Atis la te soti plizyè lòt bèl single ki deja disponib sou tout platfòm streaming yo. Nou envite w al tande atis sa a epi konsome mizik li yo, paske yo ap nouri nanm ou.

RV Lauture chante plizyè estil mizik, men Rasin se sa li santi l pi alèz ladan l. Mizik li yo gen nanm, yo fè nou pi pwòch kilti nou, yo fè nou santi n fò. RV kontinye ap travay san kanpe e li se youn nan moun ki enpòtan anpil pou peyi a.

 

 

HERBY FL PA JANM SISPANN CHAME MELOMÀN YO AK BÈL MELODI

Herby Fontal, ke anpil moun konnen sou non Herby FL, se yon chantè, pwodiktè epi videyomekè ki soti nan Pòtoprens. Li gen 26 lane e li ap chante depi li tou piti.

Herby se yon jèn atis ki gen anpil talan. Li fè anpil bèl mizik lanmou ki fè gwo enpak pozitif sou jèn yo. Lè li ap chante, ou ta ka kwè se li menm ki kreye Koze chante a, paske li fè li avèk jistès epi li pote bèl melodi. Jèn medam sou TikTok yo pa negosye Herby FL paske yo santi se de reyalite yo li ap pale nan chak mizik li soti.

Atis la ap chante pwofesyonèlman depi 2013. Jiska kounye a, li deja soti 5 mizik, ladan yo anpil ki te vin trè viral sou TikTok. Youn nan mizik ki te pèmèt anpil moun dekouvri jèn atis sa a se Promise. Mizik sa a te fè anpil moun tonbe damou atis la, e sou TikTok  anpil moun te fè anpil challenge sou li. Promise te rive jwenn plis pase yon milyon moun ki gade l sou YouTube.

 

 

Aprè gwo siksè sa a, Herby te lage yon lòt mizik ki rele M ap toujou love ou. Kèk mwa apre, li te fè yon kokennchenn kolaborasyon avèk Salil Lira ki te gen pou tit Ala bèl. Mizik sa a fè anpil fanatik kontan paske li gen yon bèl melodi e li trè apresye. Apre sa, li te soti yon lòt mizik nan ane 2023, kise Pran ti kè m . li te chante l ansanm ak Ansito.

Pou ane 2024 la, nan mwa Septanm, li te lanse yon nouvo mizik an kolaborasyon ak Teddy Hashtagg ki rele M jalou. Nan mizik sa a, tou 2 atis yo pa neglije depoze vokal yo avèk bèl melodi ki soti nan kè yo.

Herby pa sèlman yon chantè, men li se yon videyomekè tou. Li ekri fim epi li travay ak lòt atis kòm pwodiktè. Li se yon atis ki gen anpil potansyèl, e li kontinye ap kreye bèl mizik pou jèn yo.

 

 

 

PIBLIK J-PANESTY AK LI TOUJOU AN AMONI PATOU KOTE L AP PÈFÒME

Jethro Panerson Estiverne anpil moun konnen sou non J-Panesty, se yon chantè epi gitaris ki fèt yon 17 septanm, nan vil Pòtoprens.

J-Panesty kòmanse chante depi li tou piti legliz menm jan ak anpil atis. An 2018 li kòmanse chante pwofesyonèlman, pou lenstan li gen 6 mizik li mete deyò.

Mizik ki pral fè anpil moun dekouvri atis la s on mizik li te soti nan lane 2020 ki te rele “Map kenbe rèv mwen”.

Nan mizik sila li pote on motivasyon, on mesaj ankourajman pou sila ki gen yon rèv, yon detèminasyon.
Mizik sa depi w tande l, mesaj la paka pa rive sou ou, pou fason li chante, fason koral la ap byen depoze.

 

World music se estil mizik sa ke atis la fè men reggae se kè l, li gen anpil lanmou pou li. Tip de sijè li trete nan mizik li, se bagay ki pou fè w motive.

Mizik li se yon melanj de ritm mondyal ak mesaj ki touche moun, souvan ak tematik lanmou, espwa, ak devlopman pèsonèl. Atis la ap kontinye grandi nan endistri mizik la, e li montre yon kapasite pou fonn diferan estil ansanm, sa ki fè mizik li gen yon son inik.

An 2023, J-Panesty te soti yon EP ki rele Love And More. EP sa a gen yon melanj de mizik ki pote yon mesaj pozitif, e li pèmèt fanatik li yo konekte plis ak atis la atravè son li yo. Mizik sou EP sa a gen yon vayb ki fè moun danse, reflechi e santi emosyon pwofon. Li se yon atis ki toujou ap chèche amelyore epi ofri plis pou moun ki renmen mizik li.

J-Panesty se youn nan Atis ke anpil moun pran plezi tande ak gade lè l ap jwe layv, sitou nan pwogram akoustik yo. Li toujou bay meyè de li menm nan chak aktivite li pèfòme, se sa ki vin kreye lanmou ke Fanatik li yo genyen pou li a.

Li ak gita l toujou prezan tout kote pou mete lajwa nan kè melomàn yo. Lè w tande l k ap chante ou paka pa epate pou jan li gen jistès nan vwa l.

J-Panesty se youn nan jèn atis ki gen anpil potansyèl nan mizik. Avèk talan li, pasyon li pou mizik ak angajman li nan chante mizik ki touche kè moun.

 

 

MATO MUSIC YON ATIS POLIVALAN

Merzius Evenson ki gen pou non atis Mato Music, se yon atis  ki pote anpil enèji ak kreyativite nan mizik ayisyen an. Li soti Kenscoff, li se yon chantè, gitaris epi komedyen ki gen plis pase 20 lane eksperyans nan mizik.

Mato  kòmanse chante depi li te gen 8 lane. Li grandi nan legliz, depi li tou piti li Mayestro, li leve nan on anbyans mizikal kote li te jwe nan plizyè gwoup evanjelik tankou Vizyon Spirityèl, Revelasyon, Okes Benediksyon, ak Flamme Divine. Se la li te devlope talan li pou mizik, e sa te pèmèt li grandi kòm yon chantè ak yon mizisyen. Li te toujou angaje l nan koze legliz e li kontinye jwe mizik nan legliz jiska jounen jodi a.

Sa ki ta pral  fè anpil moun dekouvri Mato se patisipasyon li nan yon videyo BIC , kote li te jwe wòl yon Pastè, yon wòl enpòtan nan videyo mizik “Alelouya” a ladann li te atire atansyon on pakèt moun. Anpil moun te dekouvri l tou aprè patisipasyon l kòm mizisyen ak manm Jiri nan yon konkou Ministère Education National t ap òganize. Gen sila ki dekouvri Mato, nan mizik li te sòti ak  Revolve Haiti yo, kote li te chante  kòm lead Vokal.

 

Li kòmanse chante pwofesyonèlman depi plis pase 20 ane. Nan tout peryòd sa a, li te patisipe nan anpil pwojè mizikal e li te jwenn plis vizibilite ak kolaborasyon avèk gwoup BIC, kote li te fè pati ekip la kòm Mayestwo, basis ak koris. Li gen 17 lane depi l ap jwe Nan gwoup BIC. Mato se yon mizisyen polivalan ki jwe plizyè enstriman tankou gong, tanbou, batri, bas, gita ak kibòd. Li gen kapasite pou adapte l ak diferan gwoup ak estil mizikal.

Mato chante tout estil mizik, men sa ki plis pran kè li se mizik sosyal ak angaje. Se atravè mizik sa yo li pase fistrasyon li, mesaj li yo ak pale de sa ki pa bon k ap pase nan sosyete a.

 

Mato gen anviwon 10 mizik nan karyè li deja.
Nan ane 2024 la, nan mwa Mas Mato te soti yon EP ki rele Istwa m, ki gen 6 mizik sou li. EP sa a se yon etap enpòtan nan karyè li, li gen anpil bèl kolaborasyon ak lòt atis sou li. Anplis de sa, li deja gen yon albòm ki pare pou sòti an 2025, ki ap gen 16 mizik ak anpil  kolaborasyon avèk lòt Atis toujou. Prepare zòrèy ou, pou w kapab tann kokennchenn Albòm sa.

 

 

SAMY-GEE YON ATIS KI METE LAJWA NAN KÈ MELOMÀN YO CHAK FWA LI AP CHANTE SOU SÈN

Vicière Samuel, ki gen pou Non sèn Samy-GEE se yon atis ki  fèt yon   17 dawout 1988 nan yon zòn ki rele Kòt-de-Fè, li grandi Pòtoprens. Li se yon chantè, konpozitè, aranjè epi mizisyen.

Samy-Gee te dekouvri talan li, lè l te gen 5 ane. Li te kòmanse chante nan koral legliz li, kote li te devlope kapasite li nan mizik. An 2008, li te kòmanse chante pwofesyonèl, depi lè sa a, li pa janm sispann travay sou karyè mizikal li. Atis ki enspire Samy-Gee pou l antre  nan mizik se Reginald Cangé, li te fè anpil enpak sou Samy, pou fason li chante, jan li delivre sou sèn.

Mizik Ki Fè anpil moun  Konnen Samy-GEE  se yon mizik ki rele “Chofè Moto”, ke l te fè an kolaborasyon ak yon jèn rapè ki rele T-RIB mizik sa a te jwe anpil nan peyi a, e li te pèmèt li jwenn plis vizibilite nan endistri mizikal Ayisyen an. Se  yon mizik li te fè pou valorize chofè moto yo, e li te gen yon mesaj sosyal ki fò ladann. Li te jwenn enspirasyon mizik sa a, aprè li te wè kòman fenomèn sa a te popilè epi li te chwazi sa kòm yon sijè pou l fè on mizik. Li te vle fè konnen tou ke sa a se yon metye ki pote anpil opòtinite pou jèn Ayisyen yo. Yon lòt fason anpil moun te dekouvri l, se aprè patisipasyon l 2 fwa nan Noël Caraïbes”. An 2019, li te rive Vis Champyon e an 2023, li te Champyon. Sa a te yon gwo etap nan karyè li, kote li te montre kapasite li kòm yon atis ki gen anpil potansyèl sitou lè l ap jwe sou sèn.

Li pa limite tèt li nan yon sèl estil mizik, paske li gen yon chan de konpetans trè divèsifye. Li chante mizik sosyal, mizik lanmou ak mizik ki gen mesaj kiltirèl ak sosyal ki enpòtan pou peyi a.

Jiska prezan, Samy-Gee  sòti plis pase 10 mizik melanje ak kèk kanaval, e li kontinye ap travay sou nouvo pwojè mizikal. Malgre li poko sòti yon albòm oswa yon EP, atis la pa sispann ap travay sou karyè li e gen anpil bèl plan plan pou lavni.

Anplis de mizik, Samy-Gee se yon antreprenè. Li envesti nan sektè transpò moto a, kote li chèche kreye opòtinite pou lòt moun. Epitou, li patisipe nan lòt biznis, sa ki montre angajman li nan devlopman ekonomik kominote a.

 

 

VALBEN YON CHANTÈ KI GEN ANPIL LANMOU POU MÒD

Valdory Valcin, anpil moun konnen sou non Valben se yon chantè, pent, ak manm gwoup mizikal Alezi. Li gen 29 ane, li fèt Delma.

Li te kòmanse chante  legliz, nan koral depi l tou piti, se la li te dekouvri talan li genyen pou l chante. Depi lè sa a, mizik te tounen yon pati enpòtan nan lavi li.

li chante tout estil mizik, men li santi li pi alèz nan konpa ak R&B, kote li ka eksprime pi byen tout emosyon ak santiman li.

Anpil moun te dekouvri Valben nan lane 2023 avèk avèk yon mizik li ki te rele “Lanmou Sa”, yon mizik ki pale sou santiman li ak eksperyans li nan lanmou. Mizik sa te pèmèt li jwenn apresiyasyon ak admirasyon anpil moun.

 

 

Atis la te patisipe nan plizyè konkou mizik, men sa ki te make yon gwo etap nan karyè li se patisipasyon li nan yon konkou ke Institut Français t ap òganize, ladann li te chanpyon, e se la Manzè ki se chantez gwoup Boukman Eksperyans lan, te dekouvri talan Valben. Manzè te sezi ak kapasite vwa Valben, sa ki te pèmèt li entegre l nan  gwoup lan. Se nan moman sa a Valben te kòmanse jwenn yon pi gwo vizibilite nan endistri mizikal la.

Aprè eksperyans sa a, Valben te kòmanse travay ak gwoup  Alezi,  kote li te pote nouvo enèji ak kreyativite. Li se yon atis ki renmen inove, e li gen yon lanmou pwofon pou mòd, sa ki fè l toujou ap chèche nouvo fason pou eksprime tèt li, swa nan mizik oswa nan estil pèsonèl li.

Li kolabore deja ak plizyè atis entènasyonal e li kontinye ap travay pi plis pou ale pi lwen. Li gen on bèl vwa ekstraòdinè ki atire anpil moun.