Dimitry Charles se yon jounalis, redaktè ak prezantatè Ayisyen ki soti nan Pòtoprens, Li fèt nan dat 4 dawout. Li se yon moun ki toujou ap chèche fè plis pou sosyete a atravè travay li nan medya. Dimitry te fè etid klasik li nan Lycée Anténor Firmin nan ane 2004 jiska 2011. Apre sa, li te pouswiv etid li nan Jounalis, kote li te kòmanse bati baz karyè li.
Li te kòmanse nan domèn jounalis kòm yon estajyè nan Chokarella an 2017, kote li te pran premye etap li nan mond medya a. Apre sa, li te travay kòm redaktè nan Presslakay kote li te kòmanse fè non li atravè atik li yo. Dimitry pa t rete la, li te kontinye ap grandi nan karyè li, li te travay nan Radyo Megastar kòm prezantatè jounal ak redaktè, li te fè pati ekip Coup D’Oeil TV a tou. Jodi a, Dimitry ap travay nan Juno7 kòm jounalis, redaktè ak prezantatè. Li se tou responsab relasyon medya nan Konbit San pou San.
Dimitry te kòmanse travay nan Juno7 an 2020, kote li te ekri yon bèl atik enpòtan sou “zonyon” nan lang kreyòl, atik sila te atire anpil atansyon. Depi lè sa a, li te kontinye ekri anpil bèl atik sou divès sijè ki gen rapò ak sosyete Ayiti, soti nan sante, edikasyon, kilti ak plis ankò.
Anpil moun konnen Dimitry Charles kòm yon jounalis ki gen kapasite pou li ekri sou sijè ki enterese moun. Avan l pale sou on sijè, li toujou bat pou l byen metrize l e chache plis enfòmasyon sou li. Li toujou bay bon jan enfòmason ki verifye. Li gen yon estil ekriti ki atire anpil lektè ak ti pawòl ki fè moun ri, pandan li ap bay enfòmasyon ki enpòtan ak itil. Li se yon jounalis ki pa sèlman ekri nouvèl, men li itilize vwa li pou ede sosyete a avanse.
Dimitry ekri sou anpil sijè ki gen enpòtans, tankou sante, kote li pote limyè sou pwoblèm ki bezwen plis atansyon, sou lekòl, legliz, e li toujou ap mete aksan sou travay pozitif anpil jèn atis. Chak ane, li ekri sou elèv ki fè bèl rezilta nan egzamen ofisyèl yo, e sa pèmèt anpil nan yo jwenn nouvo opòtinite. Dimitry se yon moun ki toujou ap bay jèn jounalis yo konsèy, edike yo e ankouraje yo pou yo kontinye fè sa y ap a pi byen.
Li pa sèlman yon bon jounalis, men Dimitry se yon bon konseye, yon bon lidè, yon modèl pou anpil jèn Ayisyen.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine