Nan mizik ayisyen an, gen anpil DJ ki fò, ki toujou kite tras yo chak kote yo al jwe. Youn nan yo se DJ G-Lens, ki te kòmanse nan djing an 2021, ak yon pasyon ki soti nan lanmou li pou mizik depi li te timoun.
Vrè non li se Teddy Andrew. Li grandi nan Kwadèboukè, e li fèt nan Site solèy nan dat 25 oktòb 2000. Anpil ayisyen k ap viv Repiblik Dominikèn gen yon lanmou espesyal pou DJ G-Lens, paske li toujou mete plezi nan chak pwogram li ap jwe. Si w vle fè yon bèl pwogram RD ki pou atire anpil moun, DJ GLens se yon bon chwa nan koze atire moun pou vin nan pwogram. Lè yo afiche li, li bay pwogram yo yon lòt valè.
2021 se ane li te kòmanse jwe antanke DJ. Youn nan moun ki te enfliyanse li pou antre nan domèn sa a se DJ Bullet, yon DJ ki gen anpil eksperyans. Men BMIXX se DJ li pran kòm modèl, paske li toujou ap inove, sa ki fè jounen jodi a, DJ GLens kapab kreye pwòp non pa l atravè bon pèfòmans li toujou bay nan tout aktivite li ale jwe yo.
Anpil atis ki p ap jwe ak yon band toujou bezwen prezans yon DJ pou akonpanye yo, pou fè prestasyon yo pi bèl. Nan ka sa a, DJ G-Lens se yon DJ eksepsyonèl ke anpil moun renmen, paske li gen anpil kapasite, bon sans ak anpil pwofesyonalis lè li akonpaye ak atis yo sou sèn. Nan HMI la, gen anpil chantè ak chantez ki gen yon lanmou espesyal pou DJ G-Lens, depi yo ap jwe, yo toujou vle se li ki pou akonpanye yo. Atis tankou Djouly, Teddy Hashtag, Marc Rebel ak Pierre Jean toujou fè lwanj kapasite epi pasyon.
Daprè sa li di, ki fè atis sa yo toujou vle jwe avèk li: “Se kapasite ak pasyon mwen ki fè anpil atis gen konfyans nan mwen. Yo konnen mwen toujou pare pou bay pi bon pèfòmans.”
Avèk ki atis nan HMI a ou afiche nan pwogram deja?
« Mwen afiche ak anpil atis enpòtan nan endistri a. Mwen abitye jwe ak Rutshelle, Fatima, Darline Desca, Charly Black, DJ Puffy, Tony Mix, Alan Cave, Oswald, Kreyol La, Baky, Teddy Hashtag, Maestro (T Ansysto), Pierre Jean, Charlin Bato, BMIxx, Afriken An, DJ Bullet, Manito Nation, elatriye. »
Ki pi gwo eksplwa ou fè deja nan DJing?
« Pi gwo eksplwa mwen nan DJing se lè mwen te jwe nan yon festival nan Croix des Bouquets devan plis pase 800 moun. Sa a te yon eksperyans enpòtan nan karyè mwen. Yon lòt gwo eksplwa se lè mwen te jwe nan Punta Cana devan plis pase 600 moun ansanm ak Tonymix . »
Ki pi gwo rèv ou?
« Pi gwo rèv mwen se pou HMI la vin pi rantab e pou plis atis gen opòtinite pou yo grandi nan endistri a. Mwen ta renmen wè plis ti gwoup yo jwenn chans yo epi fè siksè nan sa yo renmen. »
DJ GLens se youn nan jèn DJ ayisyen k ap monte avèk fòs nan endistri mizikal ayisyen an. Ak yon pasyon ki sòti depi lè l te timoun, li te itilize mizik kòm yon zouti pou kreye espas pou lòt moun pran plezi. Li se yon DJ ki toujou ap travay di pou l grandi plis nan domèn nan epi pote inovasyon nan melanje ritm ak melodi.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine