Dr. Steeve fè yon melanj ant talan l ak konesans li pou l fasilite n konnen pi byen jagon medikal yo ak son epi pwezi

Dr. Steeve se yon rapè, powèt epi ekriven ki etidye medsin. Depi kèk ane, Doktè Steeve pa sispann itilize mizik pou aprann moun anpil bagay yo pa t konnen nan domèn medsin. Travay Dòk la se yon enpòtans kle, paske anpil timoun ki nan lekòl klasik, oswa ki apèn ap antre nan medsin, itilize mizik Doktè Steeve yo pou aprann pi vit. Nou te bezwen yon modèl atis konsa depi lontan pou mete kèk bagay ke nou ta dwe etidye lekòl nan mizik. Se travay sa a Doktè Steeve ap fè, li melanje rap ak sa l ap aprann nan domèn medsin, sa ki fè l 2 fwa pi fò nan sektè sa a.

Bon non li se Steevenson Baptiste, li fèt yon 7 Desanm 1998 nan vil Jeremi. Li se yon rapè epi li etidye medsin nan inivèsite Saint-François d’Assise. Li kòmanse nan Koze mizik nan lane 2013 kote li te pibliye 2 mizik, youn ki se pran pasyans lòt la ki se Destination de Jérémie youn nan mizik ki te fè anpil bri nan zòn kote l soti.

Nan Lane 2021, li ta pral soti Le corps humain se mizik sila ki ta pral fè anpil moun dekouvri kokennchenn talan sa. Mizik sa a pale de diferan pati nan kò yon moun, e li se youn nan mizik jèn ki nan medsin yo tande anpil, paske li ede yo aprann pi fasil. Yon mizik ki pwodui pa BIC.

22 Me 2024 li te mete deyò yon nouvo mizik ak tout videyo an kolaborasyon avèk Michel Cinthia, yon bèl chantez. Mizik sa a pale de gwosès e li pote yon mesaj sou atansyon ak prekosyon pou fanm ansent pran, anvan, pandan ak apre gwosès.

Lè nou pale de kout plim, Doktè Steeve se youn nan rapè ki ekri byen. Lè l ap ekri, li pa fè rim fasil ki pa itil. Chak grenn ba li fè nan mizik li yo gen anpil sans. Se nòmal pou l konsa paske l jwenn benediksyon BIC depi nan premye mizik li, ki te jwe wòl pwofesè. E nou tout konnen ke BIC se yon atis trè egzijan ki renmen pèfeksyon.

Dr. Steeve se youn nan atis nou dwe bay anpil enpòtans pou n envite jèn yo tande plis, paske mizik li yo itil anpil pou sosyete a.
Li gen yon pwojè ke l ap prepare ki pa lwen soti.