John Erlens Petit-Homme, tout moun konnen sou non Full Technic le Kirikou, se yon rapè, chantè, lirisis epi eslamè ki fèt Pòtoprens, ki gen 30 lane. Li grandi ak tout sans ekriti a, depi l te tou piti li te konn jwe ak mo yo, e se sa k fè jodi a li se yon mastè nan koze ekri.
Full Technic le Kirikou, anpil moun te vle konnen kisa non sa vle di, ebyen men sa atis la di nou sou non an: “Non sa gen anpil sans pou mwen. Yo te konn rele m Kirikou poutèt mwen te kout anpil. Lè m analize, mwen wè Kirikou se yon pèsonaj ki entèlijan, ki gen anpil teknik ak kouraj. Se konsa mwen chwazi non Full-Technic le Kirikou, pou montre fòs ak teknik mwen nan rap ak nan lavi.”
Atis la ap fè mizik depi yon bon bout tan, li te pase nan yon gwoup ki te rele “VNP Crew,” se la li te fè premye eksperyans li, epi li ta pral soti plizyè lòt mizik poukont li. Grenn mizik ki ta pral fè anpil moun konnen atis la, se yon mizik ki te rele “571 mo nan on minit.” Si n ka suiv byen sou rezo a, tout gwo rapè ki fò yo konnen Full Technic se yon jeni nan koze ekri mizik.
Travay atis la te tèlman fè enpak sou anpil moun, youn nan pi gwo pwodiktè/bitmekè nan rap kreyòl la, ki se Fred Hype, te vle travay avè l paske atis la te vrèman rive sou li. Men sa pa t gentan rive fèt.
Full Technic pa sèlman yon rapè, li pale tou de lòt talan li genyen: “Apa de rap, mwen gen kapasite pou ekri ak konpoze mizik nan plizyè lòt estil. Mwen ka kreye tèks ki pwofon, fè bèl melodi epi fè aranjman mizik pou lòt atis. Mwen se yon lirisis ki konn jwe ak mo pou eksprime emosyon nan plizyè fòm. Anplis, mwen gen talan pou rakonte istwa (storytelling), sa vle di mwen ka fè mizik mwen rakonte bagay ki touche kè moun epi konekte ak yo. Sa fè m wè tèt mwen pa sèlman kòm yon rapè, men kòm yon atis konplè.”
Atis la poko soti albòm ak EP, men li gen 19 mizik li soti deja ak mizik lòt atis li kolabore tou. Li gen yon EP k ap kuit nan estidyo ki pa lwen soti, li ban nou randevou pou mwa k ap vini.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine