Herby Fontal, ke anpil moun konnen sou non Herby FL, se yon chantè, pwodiktè epi videyomekè ki soti nan Pòtoprens. Li gen 26 lane e li ap chante depi li tou piti.
Herby se yon jèn atis ki gen anpil talan. Li fè anpil bèl mizik lanmou ki fè gwo enpak pozitif sou jèn yo. Lè li ap chante, ou ta ka kwè se li menm ki kreye Koze chante a, paske li fè li avèk jistès epi li pote bèl melodi. Jèn medam sou TikTok yo pa negosye Herby FL paske yo santi se de reyalite yo li ap pale nan chak mizik li soti.
Atis la ap chante pwofesyonèlman depi 2013. Jiska kounye a, li deja soti 5 mizik, ladan yo anpil ki te vin trè viral sou TikTok. Youn nan mizik ki te pèmèt anpil moun dekouvri jèn atis sa a se Promise. Mizik sa a te fè anpil moun tonbe damou atis la, e sou TikTok anpil moun te fè anpil challenge sou li. Promise te rive jwenn plis pase yon milyon moun ki gade l sou YouTube.
Aprè gwo siksè sa a, Herby te lage yon lòt mizik ki rele M ap toujou love ou. Kèk mwa apre, li te fè yon kokennchenn kolaborasyon avèk Salil Lira ki te gen pou tit Ala bèl. Mizik sa a fè anpil fanatik kontan paske li gen yon bèl melodi e li trè apresye. Apre sa, li te soti yon lòt mizik nan ane 2023, kise Pran ti kè m . li te chante l ansanm ak Ansito.
Pou ane 2024 la, nan mwa Septanm, li te lanse yon nouvo mizik an kolaborasyon ak Teddy Hashtagg ki rele M jalou. Nan mizik sa a, tou 2 atis yo pa neglije depoze vokal yo avèk bèl melodi ki soti nan kè yo.
Herby pa sèlman yon chantè, men li se yon videyomekè tou. Li ekri fim epi li travay ak lòt atis kòm pwodiktè. Li se yon atis ki gen anpil potansyèl, e li kontinye ap kreye bèl mizik pou jèn yo.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine