Jonas Charles se yon jounalis ki fèt Dikini, yon zòn nan Kafou, se youn nan jèn jounalis, ki bay plis jèn talan viziblite atravè platfòm li yo an Ayiti. Li fèt yon 30 avril 1997, li grandi Miragwàn, se la li te devlope yon pasyon pou kominikasyon depi nan jèn laj li.
Jonas te dekouvri ke li te ka fè jounalis, se atravè legliz kote li te mache, kote li te enplike l nan anpil aktivite nan legliz la. Li te toujou ap pran lapawòl nan legliz la, pou pale ak pataje enfòmasyon ak fidèl yo. Se la li te reyalize ke jounalis te yon Metye li ka fè epi li te tou pran wout la.
Jonas etidye Jounalis nan @ifjhaiti , kote li te jwenn fòmasyon pwofesyonèl ki te ede l devlope kapasite li nan jounalis. Sa a te pèmèt li amelyore konesans li nan domèn medya ak aprann teknik jounalis ki nesesè pou reyisi nan endistri a.
Karyè li kòm jounalis kòmanse nan lane 2019, nan Radio Télé Détente Créole, yon Medya nan Fon dè nèg, nan depatman nip. Aprè kèk ane, yon zanmi l te kontakte l, e ta pral pèmèt li entegre Gwoup Pacific, paske zanmi an te wè potansyèl li gen lakay li. Se lè sa Jonas te jwenn opòtinite pou li prezante emisyon Viv Ayiti, epi l te tou fè pati ekip la. Sa a se te yon gwo etap nan karyè li, kote li te kòmanse jwenn plis vizibilite nan medya Ayisyen an.
Jonas se yon Jounalis Polivalan, li pa sèlman yon jounalis kiltirèl, men tou li se yon jounalis ki gen kapasite nan plizyè domèn nan jounalis. Li se yon jounalis espòtif, kiltirèl ak politik epi li prezante jounal tou.
Li prezante plizyè emisyon sou Radio Tele Pacific, tankou :
Viv Ayiti ki pase 9è AM pou 11è AM,
Enpresyon Kise on emisyon politik ki pase a 11è nan aswè pou minwi, Stade Pacific yon emisyon espòtif ki pase a 5è15 PM pou 6è PM epi yon
Jounal Fransè ki fèt chak samdi a 7è AM pou 8è AM, kote li prezante nouvèl nan lang franse.
Li se yon jounalis ki toujou angaje l nan mete an valè jèn talan ki nan diferan domèn, espesyalman kilti. Youn nan kalite ki fè Jonas Charles inik, se kapasite pou li dekouvri jèn talan nan plizyè sektè. Li pran tan pou ankadre yo, ba yo espas epi ede yo grandi nan karyè yo. Platfòm li yo sèvi kòm yon avni pou jèn sa yo.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine