Merzius Evenson ki gen pou non atis Mato Music, se yon atis ki pote anpil enèji ak kreyativite nan mizik ayisyen an. Li soti Kenscoff, li se yon chantè, gitaris epi komedyen ki gen plis pase 20 lane eksperyans nan mizik.
Mato kòmanse chante depi li te gen 8 lane. Li grandi nan legliz, depi li tou piti li Mayestro, li leve nan on anbyans mizikal kote li te jwe nan plizyè gwoup evanjelik tankou Vizyon Spirityèl, Revelasyon, Okes Benediksyon, ak Flamme Divine. Se la li te devlope talan li pou mizik, e sa te pèmèt li grandi kòm yon chantè ak yon mizisyen. Li te toujou angaje l nan koze legliz e li kontinye jwe mizik nan legliz jiska jounen jodi a.
Sa ki ta pral fè anpil moun dekouvri Mato se patisipasyon li nan yon videyo BIC , kote li te jwe wòl yon Pastè, yon wòl enpòtan nan videyo mizik “Alelouya” a ladann li te atire atansyon on pakèt moun. Anpil moun te dekouvri l tou aprè patisipasyon l kòm mizisyen ak manm Jiri nan yon konkou Ministère Education National t ap òganize. Gen sila ki dekouvri Mato, nan mizik li te sòti ak Revolve Haiti yo, kote li te chante kòm lead Vokal.
Li kòmanse chante pwofesyonèlman depi plis pase 20 ane. Nan tout peryòd sa a, li te patisipe nan anpil pwojè mizikal e li te jwenn plis vizibilite ak kolaborasyon avèk gwoup BIC, kote li te fè pati ekip la kòm Mayestwo, basis ak koris. Li gen 17 lane depi l ap jwe Nan gwoup BIC. Mato se yon mizisyen polivalan ki jwe plizyè enstriman tankou gong, tanbou, batri, bas, gita ak kibòd. Li gen kapasite pou adapte l ak diferan gwoup ak estil mizikal.
Mato chante tout estil mizik, men sa ki plis pran kè li se mizik sosyal ak angaje. Se atravè mizik sa yo li pase fistrasyon li, mesaj li yo ak pale de sa ki pa bon k ap pase nan sosyete a.
Mato gen anviwon 10 mizik nan karyè li deja.
Nan ane 2024 la, nan mwa Mas Mato te soti yon EP ki rele Istwa m, ki gen 6 mizik sou li. EP sa a se yon etap enpòtan nan karyè li, li gen anpil bèl kolaborasyon ak lòt atis sou li. Anplis de sa, li deja gen yon albòm ki pare pou sòti an 2025, ki ap gen 16 mizik ak anpil kolaborasyon avèk lòt Atis toujou. Prepare zòrèy ou, pou w kapab tann kokennchenn Albòm sa.
Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine