MorganBeat, yon non ki kòmanse jwenn anpil popilarite nan HMI la nan sa ki gen rapò ak pwodiksyon mizik. Vrè non li se Marvens Pouloute, Li soti Pòtoprens, li gen 35 lane, Li se yon desinatè epi li Se yon achitèk.
MorganBeat kòmanse nan Koze fè beat nan Lane 2010. Sa vle di li gen plis pase 10 lane nan endistri mizik la depi ap pwodui, li gen anpil eksperyans nan sa li ap fè a. Li travay avèk anpil Jèn Talan, Men se aprè l fin pwodui yon kokennchen mizik pou Fantom ki fè anpil moun dekouvri l.
Kijan li rankontre ak Fantom?MorganBeat te fè premye rankont li ak Fantom pandan yon festival rap ki te fèt nan Sendomeng an 2022. Se apre festival sa a ke Mad-S te mennen l nan Studio Tapajè Record la, kote yo te kòmanse kolabore sou albòm Yo Hype la. Se te yon moman kle nan karyè li, paske li te gen opòtinite pou l te kontribye nan yon pwojè ki te atire anpil atansyon. Fantom tèlman renmen touch Morgan aprè l fin pwodui gwo Hit sa ki se Sa w ko wè ak diferan bèl enstrimantal sou Albòm Yo Hype la ak Albòm Tololo a.
Fantom te menm deklare aprè Zaktouch ki se yon Beatmaker li te renmem anpil, ki te pwodui plizyè hit pou li, Morgan se beatmaker ki fè l pi byen.
Lè MorganBeat te tande ke youn nan beat li te pwodui tounen yon hit, li te santi l fyè anpil. Li pataje ke li pa t sezi paske depi nan estidyo a, li te santi gen yon bagay espesyal nan mizik la. Li konnen li gen lòt pwodwi l ki mache tou deja, men li te toujou swete pou travay li yo touche plis moun.
Pandan ke MorganBeat se yon pwodiktè mizik ak yon beatmaker, li pa sèlman limite nan sa. Li te ajoute ke li gen yon lòt pasyon ki se desen. Li se yon achitèk de pwofesyon, yon aspè ki montre kapasite li pou l kreye nan diferan domèn.
Ki pi gwo rèv Morgan ?
Pi gwo rèv li, li te eksplike ke li deja ap viv rèv li kòm yon pwodiktè mizik. Sepandan, li toujou ap travay pou l vin youn nan pi gwo pwodiktè yo. Li swete atenn yon nivo kote tout moun nan endistri a ap tande travay li epi fè yon gwo enpak nan mond mizik la.
Pami tout estil beat li konn fè, MorganBeat pi alèz nan Hip-Hop. Se nan estil sa li santi l pi konfòtab e li ka eksprime tout kreyativite li. Li se yon jèn nan pwodiksyon mizik Ayisyen an, li ap kontinye kreye son ki inik ki ka konekte l ak jenerasyon jodi a.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine