MAXCY CÉANT YON JÈN FOTOGRAF EPI JOUNALIS KILTIRÈL KI AP FÈ ON TRAVAY REMAKAB NAN PEYIZAJ MEDYATIK AYISYEN AN

Maxcy Céant se yon jèn fotograf, jounalis kiltirèl epi reyalizatè Ayisyen ki gen yon pasyon san limit pou travay li. Li fèt Pòdepè yon 12 avril. Li  grandi nan yon anviwònman ki  ba li opòtinite pou devlope kapasite li nan plizyè domèn nan medya. Li etidye Sciences du Développement nan Inivèsite PAODES, kote li te aprann anpil sou sijè sosyal ak devlopman, konesans sa a ede l nan travay li kòm jounalis ak fotograf.

Maxcy Céant se fondatè ak jounalis nan Maxreports, yon medya li kreye pou pote enfòmasyon sou aktivite kiltirèl ak sosyal nan peyi a. Atravè Maxreports, li kouvri anpil evènman tankou bal, festival ak konferans pou laprès. Li se yon repòtè ak fotojounalis nan Gade Dodo, yon platfòm medya ki bay enfòmasyon sou aktivite ak aktyalite kiltirèl. Li se tou jounalis nan Aktyalite HMI, kote li fè rapò sou sa k ap pase nan HMI la akonpanye de  Billy Look ak Olfton Benoit . Li se yon fotojounalis ki te travay nan Media Levanjil , kote li te pran foto ak reyalize bèl montaj videyo ki te ede nan fè pwomosyon aktivite evanjelik yo. Li te travay tou kòm fotograf ak responsab miltimedya nan Chokarella , yon gwoup medya ki vrèman enpòtan nan peyi a. Maxcy te pote kontribisyon li nan MagHaïti , kote li te sèvi kòm fotojounalis.

Maxcy Céant pa sèlman yon fotograf ak jounalis, li se tou yon moun ki angaje nan devlopman jèn talan. Li toujou ap ankadre jèn ki gen potansyèl nan domèn medya, ofri yo espas pou yo eksprime tèt yo ak vann tèt yo. Li fè anpil bèl entèvyou ak jèn atis, mete yo an valè atravè platfòm li yo, e li toujou ap chèche mwayen pou ede yo grandi nan karyè yo. Èske w te konnen Max gen anpil pasyon pou Mizik ? Wi li se yon ansyen chantè kote li ekri ak chante plizyè bèl mizik lanmou lè l te pi jèn.

Maxcy jwe yon gwo wòl  nan HMI la (Haitian Music Industry). Li se youn nan jèn  jounalis ki enpòtan  nan endistri mizikal Ayisyen an.

Youn nan bagay ki pi enpòtan nan lavi Maxcy se fotografi. Li se yon fotograf ki gen anpil lanmou ak pasyon pou sa li fè, e li pa janm negosye sa. Li pran plezi nan kaptire moman enpòtan ak emosyon nan aktivite kiltirèl yo, li fè anpil bèl foto tou pou on pakèt gwo pèsonalite piblik atravè Maxfotografi .

 

 

DIMITRY CHARLES YOUN NAN PI GWO REDAKTÈ MEDYA AYISYEN AN GEN CHANS GENYEN

Dimitry Charles se yon jounalis, redaktè ak prezantatè Ayisyen ki soti nan Pòtoprens, Li fèt nan dat 4 dawout. Li se yon moun ki toujou ap chèche fè plis pou sosyete a atravè travay li nan medya. Dimitry te fè etid klasik li nan Lycée Anténor Firmin nan ane 2004 jiska 2011. Apre sa, li te pouswiv etid li nan Jounalis, kote li te kòmanse bati baz karyè li.

Li te kòmanse nan domèn jounalis kòm yon estajyè nan Chokarella an 2017, kote li te pran premye etap li nan mond medya a. Apre sa, li te travay kòm redaktè nan Presslakay kote li te kòmanse fè non li atravè atik li yo. Dimitry pa t rete la, li te kontinye ap grandi nan karyè li, li te travay nan Radyo Megastar kòm prezantatè jounal ak redaktè, li te fè pati ekip Coup D’Oeil TV a tou. Jodi a, Dimitry ap travay nan Juno7 kòm jounalis, redaktè ak prezantatè. Li se tou responsab relasyon medya nan Konbit San pou San.

Dimitry te kòmanse travay nan Juno7 an 2020, kote li te ekri yon bèl atik enpòtan sou “zonyon” nan lang kreyòl, atik sila te atire anpil atansyon. Depi lè sa a, li te kontinye ekri anpil bèl atik sou divès sijè ki gen rapò ak sosyete Ayiti, soti nan sante, edikasyon, kilti ak plis ankò.

Anpil moun konnen Dimitry Charles kòm yon jounalis ki gen kapasite pou li ekri sou sijè ki enterese moun. Avan l pale sou on sijè, li toujou bat pou l byen metrize l e chache plis enfòmasyon sou li. Li toujou bay bon jan enfòmason ki verifye. Li gen yon estil ekriti ki atire anpil lektè ak ti pawòl ki fè moun ri, pandan li ap bay enfòmasyon ki enpòtan ak itil. Li se yon jounalis ki pa sèlman ekri nouvèl, men li itilize vwa li pou ede sosyete a avanse.

Dimitry ekri sou anpil sijè ki gen enpòtans, tankou sante, kote li pote limyè sou pwoblèm ki bezwen plis atansyon, sou lekòl, legliz, e li toujou ap mete aksan sou travay pozitif anpil jèn atis. Chak ane, li ekri sou elèv ki fè bèl rezilta nan egzamen ofisyèl yo, e sa pèmèt anpil nan yo jwenn nouvo opòtinite. Dimitry se yon moun ki toujou ap bay jèn jounalis yo konsèy, edike yo e ankouraje yo pou yo kontinye fè sa y ap a pi byen.

Li pa sèlman yon bon jounalis, men Dimitry se yon bon konseye, yon bon lidè,  yon modèl pou anpil jèn Ayisyen.

 

 

PIBLIK J-PANESTY AK LI TOUJOU AN AMONI PATOU KOTE L AP PÈFÒME

Jethro Panerson Estiverne anpil moun konnen sou non J-Panesty, se yon chantè epi gitaris ki fèt yon 17 septanm, nan vil Pòtoprens.

J-Panesty kòmanse chante depi li tou piti legliz menm jan ak anpil atis. An 2018 li kòmanse chante pwofesyonèlman, pou lenstan li gen 6 mizik li mete deyò.

Mizik ki pral fè anpil moun dekouvri atis la s on mizik li te soti nan lane 2020 ki te rele “Map kenbe rèv mwen”.

Nan mizik sila li pote on motivasyon, on mesaj ankourajman pou sila ki gen yon rèv, yon detèminasyon.
Mizik sa depi w tande l, mesaj la paka pa rive sou ou, pou fason li chante, fason koral la ap byen depoze.

 

World music se estil mizik sa ke atis la fè men reggae se kè l, li gen anpil lanmou pou li. Tip de sijè li trete nan mizik li, se bagay ki pou fè w motive.

Mizik li se yon melanj de ritm mondyal ak mesaj ki touche moun, souvan ak tematik lanmou, espwa, ak devlopman pèsonèl. Atis la ap kontinye grandi nan endistri mizik la, e li montre yon kapasite pou fonn diferan estil ansanm, sa ki fè mizik li gen yon son inik.

An 2023, J-Panesty te soti yon EP ki rele Love And More. EP sa a gen yon melanj de mizik ki pote yon mesaj pozitif, e li pèmèt fanatik li yo konekte plis ak atis la atravè son li yo. Mizik sou EP sa a gen yon vayb ki fè moun danse, reflechi e santi emosyon pwofon. Li se yon atis ki toujou ap chèche amelyore epi ofri plis pou moun ki renmen mizik li.

J-Panesty se youn nan Atis ke anpil moun pran plezi tande ak gade lè l ap jwe layv, sitou nan pwogram akoustik yo. Li toujou bay meyè de li menm nan chak aktivite li pèfòme, se sa ki vin kreye lanmou ke Fanatik li yo genyen pou li a.

Li ak gita l toujou prezan tout kote pou mete lajwa nan kè melomàn yo. Lè w tande l k ap chante ou paka pa epate pou jan li gen jistès nan vwa l.

J-Panesty se youn nan jèn atis ki gen anpil potansyèl nan mizik. Avèk talan li, pasyon li pou mizik ak angajman li nan chante mizik ki touche kè moun.

 

 

MATO MUSIC YON ATIS POLIVALAN

Merzius Evenson ki gen pou non atis Mato Music, se yon atis  ki pote anpil enèji ak kreyativite nan mizik ayisyen an. Li soti Kenscoff, li se yon chantè, gitaris epi komedyen ki gen plis pase 20 lane eksperyans nan mizik.

Mato  kòmanse chante depi li te gen 8 lane. Li grandi nan legliz, depi li tou piti li Mayestro, li leve nan on anbyans mizikal kote li te jwe nan plizyè gwoup evanjelik tankou Vizyon Spirityèl, Revelasyon, Okes Benediksyon, ak Flamme Divine. Se la li te devlope talan li pou mizik, e sa te pèmèt li grandi kòm yon chantè ak yon mizisyen. Li te toujou angaje l nan koze legliz e li kontinye jwe mizik nan legliz jiska jounen jodi a.

Sa ki ta pral  fè anpil moun dekouvri Mato se patisipasyon li nan yon videyo BIC , kote li te jwe wòl yon Pastè, yon wòl enpòtan nan videyo mizik “Alelouya” a ladann li te atire atansyon on pakèt moun. Anpil moun te dekouvri l tou aprè patisipasyon l kòm mizisyen ak manm Jiri nan yon konkou Ministère Education National t ap òganize. Gen sila ki dekouvri Mato, nan mizik li te sòti ak  Revolve Haiti yo, kote li te chante  kòm lead Vokal.

 

Li kòmanse chante pwofesyonèlman depi plis pase 20 ane. Nan tout peryòd sa a, li te patisipe nan anpil pwojè mizikal e li te jwenn plis vizibilite ak kolaborasyon avèk gwoup BIC, kote li te fè pati ekip la kòm Mayestwo, basis ak koris. Li gen 17 lane depi l ap jwe Nan gwoup BIC. Mato se yon mizisyen polivalan ki jwe plizyè enstriman tankou gong, tanbou, batri, bas, gita ak kibòd. Li gen kapasite pou adapte l ak diferan gwoup ak estil mizikal.

Mato chante tout estil mizik, men sa ki plis pran kè li se mizik sosyal ak angaje. Se atravè mizik sa yo li pase fistrasyon li, mesaj li yo ak pale de sa ki pa bon k ap pase nan sosyete a.

 

Mato gen anviwon 10 mizik nan karyè li deja.
Nan ane 2024 la, nan mwa Mas Mato te soti yon EP ki rele Istwa m, ki gen 6 mizik sou li. EP sa a se yon etap enpòtan nan karyè li, li gen anpil bèl kolaborasyon ak lòt atis sou li. Anplis de sa, li deja gen yon albòm ki pare pou sòti an 2025, ki ap gen 16 mizik ak anpil  kolaborasyon avèk lòt Atis toujou. Prepare zòrèy ou, pou w kapab tann kokennchenn Albòm sa.

 

 

RITZAMARUM ZETRENNE YON JOUNALIS AVIZE AK YON GWO KILTI JENERAL

Ritzamarum Zetrenne se yon jounalis, redaktè ak prezantatè ki soti Tigwav. Li fè anpil enpak nan medya ayisyen an. Avèk yon vwa ki trè enpozan, yon plim ki trè enteresan Ritzamarum kapte atansyon ak enpresyone anpil moun ki ap tande l epi li atik li.

Se nan moman Zétrenne t ap fè etid li, yon pwofesè jeyoloji l te dekouvri ke li gen kapasite  nan kominikasyon, li te dekouvri ke l gen vwa radyo epi li te tou mete l travay nan radyo Echo 2000 inter. Depi lò Zetrenne kòmanse ap fè anpil pale de li nan koze prezantasyon ak animasyon nan radyo. Li te kòmanse anime yon emisyon ki rele Priorité-Culture, kote li te bay enfòmasyon sou kilti ak lòt sijè enpòtan pou sosyete a.

An 2015 li pral  fè premye eksperyans li nan koze ekri Atik, lè li te kòmanse travay nan jounal  Lenational . Pandan tan sa a, Zétrenne te toujou ap travay pou reyalize rèv li, ki se  travay nan Radio France Internationale (RFI). Ebyen Nan lane 2021 Zétrenne ta pral reyalize   gran rèv sa, lè li te seleksyone pou anime emisyon kiltirèl Koze Kilti sou RFI an Ayiti. Li te pote yon nouvo fòma nan emisyon an, kote li te ajoute segman tankou revizyon nouvèl kiltirèl, repòtaj chak semèn ak sekans ki mete an valè fanm nan sektè kiltirèl  Ayisyen an. Anba direksyon li, Koze Kilti te vin pi dinamik, pandan li te kenbe esans kilti Ayisyen an.

Zetrenne fè on pati nan etid li nan Fakilte Syans Imèn Malgre li te resevwa admisyon nan Fakilte Dwa ak nan lekòll Nòmal Siperyè, Zétrenne te fè chwa pou kontinye etid li nan Fakilte Syans Imèn pou l te ka  konsantre l sou kominikasyon plis. Li te fini etid li nan université lille
kote li te jwenn yon Master 2 nan “management des Medias” , yon fòmasyon ki te pèmèt li devlope kapasite li plis nan jere medya ak konprann pi byen fonksyònman endistri medya a.

Ritzamarum Zétrenne se yon jounalis ak prezantatè ki fè anpil pwogrè nan karyè li pandan dènye ane sa yo. Li se yon figi enpòtan nan medyasyon kilti Ayisyen an, e li enpresyone anpil moun ak kapasite li pou enfòme, edike. Li ede anpil jèn ki gen talan jwenn viziblite atravè platfòm li yo. Se yon moun ki vrèman enpòtan pou sosyete nou an.

 

 

ANSKY HILAIRE YON EKRIVEN KI PA EKRI AN VEN KOUT PLIM LI TOUJOU ITIL

 


Ansky Hilaire fèt yon 22 jiyè 1995 nan vil Leyogàn, li se yon ekriven, powèt epi redaktè. Li te dekouvri pasyon li pou ekriti ak pwezi depi li te tou piti, e li kontinye ap epate moun ak bèl kout plim.

 

 

Ansky Hilaire etidye Syans Jiridik nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) nan Inivèsite Leta ayiti a (UEH). Li te itilize sa li aprann nan lekòl la pou eksplore pi fon nan ekriti ak pwezi, e li te toujou angaje nan reflechi sou sijè sosyal ki enpòtan.

 

 

Ansky Hilaire pibliye plizyè rekèy pwezi ak woman ki te pèmèt li jwenn rekonesans nasyonal ak entènasyonal. Li te pibliye Kan n ale, yon rekèy pwezi kolektif ki soti nan atelye PIKLIZ an 2018. Atravè travay sa yo, li montre l gen yon kapasite pou reflechi sou mond lan ak sou pwòp sosyete l.
Pami liv li yo, nou jwenn Lakou Zando li pibliye nan lane 2020, ak Les Fêlures et cinq autres poèmes li pibliye an 2022. Se 2 travay sa yo ki fè l vin plis remakab nan literati Ayisyèn nan . Li te ekri tou La convergence de l’amour, yon woman otowòde ki soti an 2018, ak Le Condamné li soti an 2021, ki te fè anpil enpak tou.

 

 

Li te resevwa plizyè pri pou travay literè li. An 2020, li te gànyan Prix de la littérature Palmes Magazine. Li te seleksyone pou Prix René Depeste an 2024 ak Prix Jean Metellus la tou, sa ki montre enpak li nan literati entènasyonal la.

 

 

Ansky Hilaire se yon ekriven ak powèt Ayisyen ki pa sèlman sèvi ak mo pou kreye, men ki itilize ekriti li pou fè refleksyon sou sosyete a. Li angaje nan kritik sosyal ak rechèch sou reyalite Ayiti, e travay li yo kontinye fè yon gwo enpak sou literati Ayisyen an ak entènasyonal.
Li se tou yon Rapè ki gen anpil pasyon pou mizik, se sa ki ba l tout kilti laj sa pou l opine sou kèlkeswa sijè a ki gen rapò ak mizik.
Li se youn nan pèsonalite piblik ki trè prezan sou
facebook ak enfliyan. Li itil anpil nan kominote nou an,li se yon moun ki vrèman enpòtan. Li gen yon Medya li mete sou pye ladann, li mete limyè sou plizyè Atis ak pèsonalite piblik k ap fè on gwo travay nan kominote ayisyèn nan.

 

 

SAMY-GEE YON ATIS KI METE LAJWA NAN KÈ MELOMÀN YO CHAK FWA LI AP CHANTE SOU SÈN

Vicière Samuel, ki gen pou Non sèn Samy-GEE se yon atis ki  fèt yon   17 dawout 1988 nan yon zòn ki rele Kòt-de-Fè, li grandi Pòtoprens. Li se yon chantè, konpozitè, aranjè epi mizisyen.

Samy-Gee te dekouvri talan li, lè l te gen 5 ane. Li te kòmanse chante nan koral legliz li, kote li te devlope kapasite li nan mizik. An 2008, li te kòmanse chante pwofesyonèl, depi lè sa a, li pa janm sispann travay sou karyè mizikal li. Atis ki enspire Samy-Gee pou l antre  nan mizik se Reginald Cangé, li te fè anpil enpak sou Samy, pou fason li chante, jan li delivre sou sèn.

Mizik Ki Fè anpil moun  Konnen Samy-GEE  se yon mizik ki rele “Chofè Moto”, ke l te fè an kolaborasyon ak yon jèn rapè ki rele T-RIB mizik sa a te jwe anpil nan peyi a, e li te pèmèt li jwenn plis vizibilite nan endistri mizikal Ayisyen an. Se  yon mizik li te fè pou valorize chofè moto yo, e li te gen yon mesaj sosyal ki fò ladann. Li te jwenn enspirasyon mizik sa a, aprè li te wè kòman fenomèn sa a te popilè epi li te chwazi sa kòm yon sijè pou l fè on mizik. Li te vle fè konnen tou ke sa a se yon metye ki pote anpil opòtinite pou jèn Ayisyen yo. Yon lòt fason anpil moun te dekouvri l, se aprè patisipasyon l 2 fwa nan Noël Caraïbes”. An 2019, li te rive Vis Champyon e an 2023, li te Champyon. Sa a te yon gwo etap nan karyè li, kote li te montre kapasite li kòm yon atis ki gen anpil potansyèl sitou lè l ap jwe sou sèn.

Li pa limite tèt li nan yon sèl estil mizik, paske li gen yon chan de konpetans trè divèsifye. Li chante mizik sosyal, mizik lanmou ak mizik ki gen mesaj kiltirèl ak sosyal ki enpòtan pou peyi a.

Jiska prezan, Samy-Gee  sòti plis pase 10 mizik melanje ak kèk kanaval, e li kontinye ap travay sou nouvo pwojè mizikal. Malgre li poko sòti yon albòm oswa yon EP, atis la pa sispann ap travay sou karyè li e gen anpil bèl plan plan pou lavni.

Anplis de mizik, Samy-Gee se yon antreprenè. Li envesti nan sektè transpò moto a, kote li chèche kreye opòtinite pou lòt moun. Epitou, li patisipe nan lòt biznis, sa ki montre angajman li nan devlopman ekonomik kominote a.

 

 

JONAS CHARLES YON JOUNALIS KI BAY ANPIL JÈN TALAN BOURAD

Jonas Charles se yon jounalis ki fèt Dikini, yon zòn nan Kafou, se youn nan jèn jounalis, ki bay plis jèn talan viziblite atravè platfòm li yo an Ayiti. Li fèt yon 30 avril 1997,  li grandi  Miragwàn, se la li te devlope yon pasyon pou kominikasyon depi nan jèn laj li.

Jonas te dekouvri ke li te ka fè jounalis, se atravè legliz kote li te mache, kote li te enplike l nan anpil aktivite nan legliz la. Li te toujou ap pran lapawòl nan legliz la, pou pale ak pataje enfòmasyon ak fidèl yo. Se la li te reyalize ke jounalis te yon  Metye li ka fè epi li te tou pran wout la.

Jonas etidye Jounalis nan @ifjhaiti , kote li te jwenn fòmasyon pwofesyonèl ki te ede l devlope kapasite li nan jounalis. Sa a te pèmèt li amelyore konesans li nan domèn medya ak aprann teknik jounalis ki nesesè pou reyisi nan endistri a.

Karyè li kòm jounalis kòmanse nan lane 2019, nan Radio Télé Détente Créole, yon Medya nan Fon dè nèg, nan depatman nip.  Aprè kèk ane, yon zanmi l te kontakte l, e ta pral pèmèt li entegre Gwoup Pacific, paske zanmi an te wè potansyèl li gen lakay li. Se lè sa Jonas te jwenn opòtinite pou li prezante emisyon Viv Ayiti, epi l te tou fè pati ekip la. Sa a se te yon gwo etap nan karyè li, kote li te kòmanse jwenn plis vizibilite nan  medya Ayisyen an.

Jonas se yon Jounalis Polivalan, li pa sèlman yon jounalis kiltirèl, men tou li se yon jounalis ki gen kapasite nan plizyè domèn nan jounalis. Li se yon jounalis espòtif,  kiltirèl ak politik epi li prezante jounal tou.

Li prezante plizyè emisyon sou Radio Tele Pacific, tankou :
Viv Ayiti ki pase 9è AM pou 11è AM,
Enpresyon Kise on emisyon politik ki pase a 11è nan aswè pou minwi, Stade Pacific yon emisyon espòtif ki pase a 5è15 PM pou 6è PM epi yon
Jounal Fransè ki fèt chak samdi a 7è AM pou 8è AM, kote li prezante nouvèl nan lang franse.

Li se yon jounalis ki toujou angaje l nan mete an valè jèn talan ki  nan diferan domèn, espesyalman kilti. Youn nan kalite ki fè Jonas Charles inik, se kapasite pou li dekouvri jèn talan nan plizyè sektè. Li pran tan pou ankadre yo, ba yo espas epi ede yo grandi nan karyè yo. Platfòm li yo sèvi kòm yon avni pou jèn sa yo.

 

 

 

VALBEN YON CHANTÈ KI GEN ANPIL LANMOU POU MÒD

Valdory Valcin, anpil moun konnen sou non Valben se yon chantè, pent, ak manm gwoup mizikal Alezi. Li gen 29 ane, li fèt Delma.

Li te kòmanse chante  legliz, nan koral depi l tou piti, se la li te dekouvri talan li genyen pou l chante. Depi lè sa a, mizik te tounen yon pati enpòtan nan lavi li.

li chante tout estil mizik, men li santi li pi alèz nan konpa ak R&B, kote li ka eksprime pi byen tout emosyon ak santiman li.

Anpil moun te dekouvri Valben nan lane 2023 avèk avèk yon mizik li ki te rele “Lanmou Sa”, yon mizik ki pale sou santiman li ak eksperyans li nan lanmou. Mizik sa te pèmèt li jwenn apresiyasyon ak admirasyon anpil moun.

 

 

Atis la te patisipe nan plizyè konkou mizik, men sa ki te make yon gwo etap nan karyè li se patisipasyon li nan yon konkou ke Institut Français t ap òganize, ladann li te chanpyon, e se la Manzè ki se chantez gwoup Boukman Eksperyans lan, te dekouvri talan Valben. Manzè te sezi ak kapasite vwa Valben, sa ki te pèmèt li entegre l nan  gwoup lan. Se nan moman sa a Valben te kòmanse jwenn yon pi gwo vizibilite nan endistri mizikal la.

Aprè eksperyans sa a, Valben te kòmanse travay ak gwoup  Alezi,  kote li te pote nouvo enèji ak kreyativite. Li se yon atis ki renmen inove, e li gen yon lanmou pwofon pou mòd, sa ki fè l toujou ap chèche nouvo fason pou eksprime tèt li, swa nan mizik oswa nan estil pèsonèl li.

Li kolabore deja ak plizyè atis entènasyonal e li kontinye ap travay pi plis pou ale pi lwen. Li gen on bèl vwa ekstraòdinè ki atire anpil moun.

 

 

BOBBY LAST ONE AP EPATE NOU AK BÈL MIZIK DEPI LONTAN

Laurent Nelson tout moun konnen sou non Bobby Last One, se yon  atis ki soti Jakmèl, ki fèt yon 17 septanm 1987. Li se yon chantè, rapè,  yon atis polivalan ki gen anpil talan.

Se yon  atis k ap frape depi on bon bout tan  nan endistri mizikal Ayisyen an. Li epate anpil moun ak vwa li, vayb li lè l ap chante, emosyon li degaje, fason l ekri tèks mizik li yo.

Bobby te dekouvri talan li nan mizik depi li te gen 9 ane,  an 1996. Li te kòmanse chante nan legliz kote li te patisipe nan plizyè koral Menm jan ak  anpil atis. Se legliz  li te devlope kapasite l plis nan chante.

Li te kòmanse chante pwofesyonèlman an 1999,  li te kreye premye gwoup mizikal li an 2001. Se nan ane sa yo anpil moun ta pral kòmanse wè Talan k lakay li.

Youn nan mizik ki te pèmèt Bobby Last One fè anpil moun konnen li se “M PATI M PADI MOUN SI MANZÈ SON CHAT”. Mizik sa a a, te pèmèt li jwenn plis vizibilite nan HMI la.

 

Bobby te enspire pa anpil atis nan endistri mizikal la tankou B.O.P, F-NER, MONEY MIC ak FULLBASS. Se atis sa  yo ki te enfliyanse li plis pou l antre nan koze mizik. Li te aprann anpil nan chante  mizik yo e sa te ede l devlope pwòp estil li.

Se yon Atis polivalan ki fè  Rap, Reggae ak Dancehall. Bobby te kòmanse karyè l ak rap, men  nan mitan karyè li, li te vin fè  reggae ak dancehall. Daprè sa l di,  Li santi li pi alèz nan estil sa yo, men li toujou kontinye fè ni Rap, ni Reggae, ni Dancehall. Li konnen kijan pou l adapte l ak diferan ritm ak melodi, e sa se yon bagay ki fè l inik nan HMI la.

Yon anekdot enteresan nan karyè Bobby se lè moun te panse ke se Roody Roodboy ki te fè mizik “M M PATI M PA DI MOUN SI MANZÈ S ON CHAT”. Li di ke sa pa t twò chokan pou li, paske li te kontan pou yo tande vwa li. Se vwa li yo t ap  tande k ap chante, se pa vwa Roody Roodboy.

Andeyò mizik, Bobby se yon antreprenè li gen yon pasyon pou pentire. Li epate anpil moun nan kelkeswa domèn li ye, e li kontinye ap devlope karyè li nan diferan sektè. Li se yon atis ki gen anpil talan, e li toujou ap chèche nouvo fason pou ekspoze kapasite li.

https://www.instagram.com/p/DEada5EvRqC/?igsh=YTVrYnRtODlwYWl4

 

Exit mobile version