Jethro Panerson Estiverne anpil moun konnen sou non J-Panesty, se yon chantè epi gitaris ki fèt yon 17 septanm, nan vil Pòtoprens.
J-Panesty kòmanse chante depi li tou piti legliz menm jan ak anpil atis. An 2018 li kòmanse chante pwofesyonèlman, pou lenstan li gen 6 mizik li mete deyò.
Mizik ki pral fè anpil moun dekouvri atis la s on mizik li te soti nan lane 2020 ki te rele “Map kenbe rèv mwen”.
Nan mizik sila li pote on motivasyon, on mesaj ankourajman pou sila ki gen yon rèv, yon detèminasyon.
Mizik sa depi w tande l, mesaj la paka pa rive sou ou, pou fason li chante, fason koral la ap byen depoze.
World music se estil mizik sa ke atis la fè men reggae se kè l, li gen anpil lanmou pou li. Tip de sijè li trete nan mizik li, se bagay ki pou fè w motive.
Mizik li se yon melanj de ritm mondyal ak mesaj ki touche moun, souvan ak tematik lanmou, espwa, ak devlopman pèsonèl. Atis la ap kontinye grandi nan endistri mizik la, e li montre yon kapasite pou fonn diferan estil ansanm, sa ki fè mizik li gen yon son inik.
An 2023, J-Panesty te soti yon EP ki rele Love And More. EP sa a gen yon melanj de mizik ki pote yon mesaj pozitif, e li pèmèt fanatik li yo konekte plis ak atis la atravè son li yo. Mizik sou EP sa a gen yon vayb ki fè moun danse, reflechi e santi emosyon pwofon. Li se yon atis ki toujou ap chèche amelyore epi ofri plis pou moun ki renmen mizik li.
J-Panesty se youn nan Atis ke anpil moun pran plezi tande ak gade lè l ap jwe layv, sitou nan pwogram akoustik yo. Li toujou bay meyè de li menm nan chak aktivite li pèfòme, se sa ki vin kreye lanmou ke Fanatik li yo genyen pou li a.
Li ak gita l toujou prezan tout kote pou mete lajwa nan kè melomàn yo. Lè w tande l k ap chante ou paka pa epate pou jan li gen jistès nan vwa l.
J-Panesty se youn nan jèn atis ki gen anpil potansyèl nan mizik. Avèk talan li, pasyon li pou mizik ak angajman li nan chante mizik ki touche kè moun.
Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine