< Tounen Nan Akèy

RV LAUTURE YON MIZISYEN PWOFESYONÈL KI GEN ANPIL LANMOU POU KILTI LAKAY LI

RV LAUTURE YON MIZISYEN PWOFESYONÈL KI GEN ANPIL LANMOU POU KILTI LAKAY LI

RV Lauture se yon chantè, konpozitè epi bitmekè ki soti Jakmèl. Li etidye mizik nan ENARTS e li se tou yon aranjè ak yon pwofesè mizik.

Li se yon mizisyen pwofesyonèl ki gen anpil eksperyans nan mond mizik la. Li te soti premye mizik li nan lane 2017, ki te rele Où vas le monde. Nan menm ane a, li te lanse yon lòt mizik ki te rele Balonnen, yon kolaborasyon avèk youn nan gwo atis Rasin yo, Samba Zao epi Teaga.

Mizik ki ta pral fè anpil moun dekouvri RV Lauture se te yon kanaval ki soti nan lane 2019, ki te rele Vanyan. Kanaval sa a te fè pati Platfòm Plezi Kanaval la. Genyen lòt moun ki ta pral dekouvri l atravè yon cover’li te fè sou yon mizik Youssoupha, ke li te rele Vodou Gospel.

 

 

Toujou nan ane 2019, li te lage yon lòt mizik ki rele Bwakayiman, yon kolaborasyon ak yon lòt gwo atis, ki se Steeve Valcourt.

Atis la te soti plizyè lòt bèl single ki deja disponib sou tout platfòm streaming yo. Nou envite w al tande atis sa a epi konsome mizik li yo, paske yo ap nouri nanm ou.

RV Lauture chante plizyè estil mizik, men Rasin se sa li santi l pi alèz ladan l. Mizik li yo gen nanm, yo fè nou pi pwòch kilti nou, yo fè nou santi n fò. RV kontinye ap travay san kanpe e li se youn nan moun ki enpòtan anpil pou peyi a.

 

 

ESPAS PIBLISITE

Abone pou nou ka resevwa tout dènye nouvèl TapiWoujMagazine.

    Wap enskri, sa vle di ou dakò ak tèm nou yo ak akò Règleman sou Konfidansyalite nou an.