Vicière Samuel, ki gen pou Non sèn Samy-GEE se yon atis ki fèt yon 17 dawout 1988 nan yon zòn ki rele Kòt-de-Fè, li grandi Pòtoprens. Li se yon chantè, konpozitè, aranjè epi mizisyen.
Samy-Gee te dekouvri talan li, lè l te gen 5 ane. Li te kòmanse chante nan koral legliz li, kote li te devlope kapasite li nan mizik. An 2008, li te kòmanse chante pwofesyonèl, depi lè sa a, li pa janm sispann travay sou karyè mizikal li. Atis ki enspire Samy-Gee pou l antre nan mizik se Reginald Cangé, li te fè anpil enpak sou Samy, pou fason li chante, jan li delivre sou sèn.
Mizik Ki Fè anpil moun Konnen Samy-GEE se yon mizik ki rele “Chofè Moto”, ke l te fè an kolaborasyon ak yon jèn rapè ki rele T-RIB mizik sa a te jwe anpil nan peyi a, e li te pèmèt li jwenn plis vizibilite nan endistri mizikal Ayisyen an. Se yon mizik li te fè pou valorize chofè moto yo, e li te gen yon mesaj sosyal ki fò ladann. Li te jwenn enspirasyon mizik sa a, aprè li te wè kòman fenomèn sa a te popilè epi li te chwazi sa kòm yon sijè pou l fè on mizik. Li te vle fè konnen tou ke sa a se yon metye ki pote anpil opòtinite pou jèn Ayisyen yo. Yon lòt fason anpil moun te dekouvri l, se aprè patisipasyon l 2 fwa nan Noël Caraïbes”. An 2019, li te rive Vis Champyon e an 2023, li te Champyon. Sa a te yon gwo etap nan karyè li, kote li te montre kapasite li kòm yon atis ki gen anpil potansyèl sitou lè l ap jwe sou sèn.
Li pa limite tèt li nan yon sèl estil mizik, paske li gen yon chan de konpetans trè divèsifye. Li chante mizik sosyal, mizik lanmou ak mizik ki gen mesaj kiltirèl ak sosyal ki enpòtan pou peyi a.
Jiska prezan, Samy-Gee sòti plis pase 10 mizik melanje ak kèk kanaval, e li kontinye ap travay sou nouvo pwojè mizikal. Malgre li poko sòti yon albòm oswa yon EP, atis la pa sispann ap travay sou karyè li e gen anpil bèl plan plan pou lavni.
Anplis de mizik, Samy-Gee se yon antreprenè. Li envesti nan sektè transpò moto a, kote li chèche kreye opòtinite pou lòt moun. Epitou, li patisipe nan lòt biznis, sa ki montre angajman li nan devlopman ekonomik kominote a.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine