SPY: yon jèn Grafis Ayisyen k ap Epate moun ak travay li yo

Emritch Jacques, anpil konnen sou non “Spy”, fèt yon 27 Janvye 2003 nan komin kabarè, li se yon jèn dizaynè Ayisyen ki ap fè non l nan domèn sa. Li kòmanse nan sa a depi 2016, depi lè sa a, li pa sispann grandi, travay epi devlope kapasite li yo.

Spy se yon moun ki trè pasyone de  atizay vizyèl, li te toujou gen yon enterè nan sa ki gen rapò ak grafik. Avan l vin Grafis li te konn fè mizik epi fè cartoon. Se nan pibliye mizik epi fè postè pou yo, ki te pèmèt li dekouvri yon lòt talan nan li epi mennen l nan mond grafik la. Se avèk anpil detèminasyon li aprann travay grafik poukont li, e depi lè sa a, li kontinye ap pouse tèt li pi lwen.

Pandan vwayaj li nan domèn nan, Spy te enspire anpil pa kèk dizaynè Afriken ak Ikon Grafik. Sa yo pèmèt li bay plis enèji nan travay li epi toujou ap chèche nouvo estil ak teknik pou amelyore kreyasyon li yo. Li se yon atis ki toujou ap inove, toujou ap chèche nouvo fason pou eksprime tèt li.

Malgre li pa fè on  etid siperyè, Spy se yon jèn ki gen anpil konesans. Li ekri Mizik byen, li rap, li fè trap epi li menm eseye chante tou. Anplis de sa, li se yon moun ki enterese nan biznis elektwonik, kote li vann iPhone, kas ak lòt akseswa. Se pa sèlman grafik li travay, li gen plan pou aprann lòt bagay tankou pwogramasyon, animasyon, 3D nimerik, ak teknik enfòmatik.

Sa ki pi remakab nan Spy, se jan li evolye nan sa li ap fè yo. Kòm yon dizaynè, li travay sou kreyasyon flyer biznis, logo ak lòt materyèl grafik. Li jwenn anpil satisfaksyon nan sa li ap fè yo e chak fwa li fè yon nouvo kreyasyon, yon fyète pwofon anvayi l. Premye atis li te travay pou li se PIC, li gen anpil fyète nan travay li te fè pou li a. Men jiskaprezan, se kreyasyon logo ak flyer biznis ki plis  fè  fyète l.

Spy fè konnen ke li te aprann grafik poukont li san èd moun, epi kounya li kapab bay kou  anliy oswa prezansyèl sou grafik. Sa a montre jan li travay di pou devlope kapasite li nan domèn nan.

Andeyò grafik, Spy se yon gwo machann epi li se moun ki ede moun kreye kat pou achte sou entènèt. Li  gen yon konesans nan fotografi, men li di se pa sa ki se pi gwo pasyon li.

Pi gwo rèv Spy se aprann sikoloji epi jwenn estabilite finansyèman nan sa l ap antreprann yo. Li gen yon vizyon klè pou lavni li e li toujou ap travay di pou atenn objektif li yo.

Spy, ki se yon jèn ki te gen anpil potansyèl depi byen bonè, li ap make non l nan endistri grafik la epi vin  yon egzanp pou lòt jèn Ayisyen ki vle pouswiv pasyon yo. Li se yon moun ki pa janm sispann aprann.