Nan jenerasyon sa a, gen anpil jèn atis ki chaje ak talan, ki pote touch pa yo ak vwa yo sou anpil bèl mizik, san nou menm pa konnen se yo ki fè yo.Pami atis sa yo, m ap prezante nou Sun Peter Tracka, ki se yon jèn ki ap milite nan biznis mizik la depi kèk ane. Li abitye kolabore ak plizyè atis ki deja gen non nan HMI la, tankou Colmix ak Fantom, pou n site sa yo sèlman. Li deja mete deyò yon pakèt bèl mizik, san konte lòt jèn atis li bay kout men nan mizik pa yo.
Vrè non li se Prospere Peterson.
Li fèt 29 jiyè 1997 nan komin Hinche, ki chita nan depatman Sant. Se nan lane 2013 li kòmanse chante ak rape, e depi lè sa a, li pa janm sispann pwodui bèl mizik.
Mizik ki ta pral pèmèt anpil moun dekouvri talan li se yon mizik ki rele “Pa Bat Kòw“. yon mizik konsyans, ladann li te pote anpil bèl mesaj pou jèn yo.
Sun Peter te fè tout etid klasik li Ayiti : depi nan preskolè jouk rive nan 6èm ane fondamantal nan Prebytéral, epi li kontinye nan Lise pou etid segondè, soti nan 7èm ane fondamantal pou rive nan filo. Li di li pa janm pouswiv okenn lòt pwofesyon : mizik se sèl chimen li chwazi, e li angaje tèt li ladan l pou lavi.
Travay Mizikal ak Pwodiksyon
Jiska prezan, Tracka gen 40 mizik nan karyè li, ki gen ladan 34 mizik solo, 6 kanaval, san konte kolaborasyon ak lòt atis. Li deja mete deyò 2 mixtape : Tou Gòl ak Immortel. Sa montre n ke atis la pwodui anpil epi li Gen on repètwa ki rich anpil.
Kijan Koneksyon li ak Colmix epi Fantom Te rive Fèt ?
Relasyon li ak Colmix te kòmanse pandan li t al fè yon kanaval nan Rooga Recordz Colmix te renmen vayb li, epi Li te mete yon mizik sou yon mixtape ko rele Rap Kreyòl Vibe, e se la koneksyon an te fèt. Yo te travay sou plizyè pwojè ansanm, sa ki te fè yo devlope yon bèl amitye.
Avèk Fantom, koneksyon an te fèt pandan Sun Peter t ap jwe nan yon pwogram kote Fantom te prezan. Fantom te remake talan li, e sa te mennen yo travay ansanm sou Mixtape Immortel la. Fantom te tou patisipe nan yon mizik li ki rele “Men Sak Hip Hop“. Se sa ki vin kreye lyen amikal ak mizikal ki genyen ant 2 Atis yo jodi a.
Sun Peter Tracka prezante tèt li kòm yon atis otantik, ki soti ak pwòp vizyon pa li. Se sa k fè fanatik yo vrèman apresye l. Malgre li pa twò jwe sou sèn rap la, li toujou ap pwodui mizik san kanpe. Li se yon atis ki trè talantye e ki kwè nan travay di.
Malgre tout efò li, li fè remake ke li, li pa jwenn ase sipò nan men medya ak blogè yo, men sa pa anpeche li kontinye pouse, mete vwa l deyò, e grandi chak jou.
Sun Peter Tracka, sou bon wout la, epi li pa gen entansyon lage.

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine