Nan mizik evanjelik ayisyen an, kèk vwa depase melodi pou vin mesaj ak gid espirityèl. Wislin Lubin, ke tout moun konnen sou non Balouwis, se youn nan yo. Avèk mizik li, li pote emosyon, leson, ak limyè pou moun k ap chèche laverite.
YON WOUT KI KÒMANSE NAN LEGLIZ
Balouwis grandi nan legliz kote li te pase pa divès koral avan li vin maestro. An 2016, li lanse karyè solo li, men li rete konekte ak rasin li yo. “Mwen vle fanatik yo idantifye m kòm yon chantè evanjelik,” li di.
MIZIK POU FÒME AK ENFÒME
Pou li, mizik se pa sèlman pèfòmans, men yon lekòl lavi. Li vle ede moun konprann Labib epi ranfòse lafwa yo. “Chak mo, chak nòt gen yon sans,” li eksplike.
“MWEN KONTE SOU OU” : YON PRIYÈ AN MIZIK
Nan dènye mizik li “Mwen Konte Sou Ou”, li adrese Bondye dirèkteman. Se yon chante sou lafwa ak konfyans nan moman difikilte. Videyo ki akonpaye l ajoute plis emosyon ak espirasyon.
TRAVAY DI MALGRE DÈFI YO
Malgre mank sipò finansye, Balouwis kontinye ak detèminasyon. “Defi yo ap toujou la, men se yo ki pèmèt mwen grandi,” li di. Li vle kolabore ak Medjy ak Wendy epi gaye mizik li pi lwen pase Ayiti.
YON MESAJ POU JÈN ATIS YO
Pou jenerasyon k ap vini yo, li di: “Fòk nou gen pasyans epi pa kite anyen dekouraje nou.” Mizik li se pa sèlman yon chante, men yon misyon. Fanatik li yo ka swiv li sou YouTube.
Wenzor PIERRE fèt yon 8 fevriye nan kapital peyi Dayiti, Pòtoprens. Lap viv nan depatman sant, Mibalè. Li te etidye syans Jesyon nan inivèsite INUKA.
Wenzor se yon mizisyen, redaktè, pwofesè lang ak biyoloji epi yon biznisman.