Tag Archives: D-ELy Haïti

“Pou Li” : Yon Nouvo Mizik D-Ely pou lane Anivèsè PNH la

St. Dimanche Elysee, anpil moun konnen sou non D-Ely, se yon polisye epi chantè ki fè pati 31èm pwomosyon PNH la. Nan okazyon 30 lane Polis Nasyonal Ayiti a ap selebre, li lage yon nouvo mizik ki rele “Pou Li”.

Mizik sa, D-Ely mete li deyò espesyalman pou l swete tout polisye bòn fèt ak bon kouraj   paske travay yap fè a gen anpil risk ladann. Nan tèks mizik la, li mete anpil aksan sou diferan difikilte polisye yo ap rankontre, e li soulinye sakrifis y ap fè chak jou pou pwoteje ak sèvi popilasyon ayisyèn nan.

Li fè konnen tou, li menm pèsonèlman, li fè anpil sakrifis pou PNH la. Li riske lavi l, li resevwa menas, men malgre sa, pèp la pa toujou bay efò sa yo valè. Yo souvan pa respekte ni rekonèt sa polisye yo ap fè pou peyi a.

Si n ap byen gade, nan dènye ane yo gen anpil polisye ki pèdi lavi yo. Pami popilasyon an, genyen ki vin santi yo pi alèz ak bandi k ap sekirize yo. E gen lè yo menm plis bay bandi yo valè pase PNH la, ki se sèl fòs legal ki la pou pwoteje ak sèvi.

Tout sa yo se reyalite ki enspire D-Ely pou l ekri mizik sa a.

Mizik sa se pa premye mizik li mete deyò pou l pale de enstitisyon li fè pati de li a. Nan dat 17 desanm 2022, li te deja mete deyò yon mizik ki te rele “Alo Lapolis“.

Sa montre ke D-Ely pa sèlman yon polisye k ap sèvi peyi li nan sekirize, men li se tou yon atis ki sèvi ak vwa li pou pale sou diferan pwoblèm polisye yo ap viv, epi pou mete valè sou travay y ap fè.

D-Ely lanse karyè li nan mizik depi nan lane 2008. Li deja mete deyò plizyè mizik  santimantal ak sosyal. Estil li pi renmen se dancehall, men sa pa anpeche l se yon atis versatil ki fè tout estil mizik.

Atis la di li pap janm sispann travay pou kontinye voye mesaj enpòtan atravè mizik li yo.