Tou O zantiy yon nouvo EP Kresh Prevwa soti nan mwa avril 2025 ki ap gen sou li 6 mizik, plis yon bonis track.
Dancehall music ak sonorite modèn se estil sa yo ki ap domine sou EP sa. Mizik yo prezante yon melanj de estil ki enspire pa mouvman Dancehall pandan y ap entegre yon son ki nouvo, sa ki fè mizik yo pral plis atire jèn ki nan ven ak trantèn yo.
Kresh chwazi non Tou O Zantiy a paske li gen anpil siyifikasyon. Pou li sa reprezante yon angajman nan defann kilti ayisyen an, franse ak karayibeyen an nan tout aspè, espesyalman lè li pale de Kreyòl. Kresh vle defann lang lan atravè Dancehall, e li kwè ke sa a se yon fason pou pote enèji pozitif nan peyi Dayiti epi fè Dancehall ayisyen an fè plis bri entènasyonalman. Li konsidere Tou O Zantiy kòm yon batay pou sa k ap viv nan vilaj yo, moun ki pa gen aksè fasil nan kapital la, men ki renmen Dancehall e ki sèvi ak li pou bay fòs.
Mesaj Kresh vle bay atravè EP sa se lanmou, koneksyon ant moun e pou bay lavi bon enèji. Li vle mete aksan sou lanati, lanmou moun ak moun, e defann koz sa ki pi fèb yo, espesyalman pou bay black women yo lanmou ak sipò yo merite. Kresh ajoute yon ti touche espesyal, “Tell ’em seh waguann ti mal,” pou bay yon vibe pozitif nan mizik li yo.
Kresh kolabore ak anpil jèn talan nan EP sa, ki sòti nan Dancehall Family. Nou ap jwenn Chosen, Leidea, Myster-Z Greatman, Pitit Madanm nan, MCM, ak Tito Beatz. EP a benefisye de travay plizyè moun. Kòm grafis DJBest se te yon moun ki pote kontribisyon enpòtan nan aspè vizyèl la, pandan François Laurentz Vhansky, Badjo Clermont ak Bouzi Tcherry Snerlin (Kresh) te jwe yon wòl enpòtan nan direksyon atistik la. Li gen plizyè pwodiktè ki travay sou li, tankou:
– Tito Beatz
– Chosen
– BF
– Dhavaldy
– Horby
– Polo Guitar
Ki mizik ou pi rennmen sou EP a ?
Kresh pataje ke chak mizik sou EP a gen yon enèji inik e se yon bagay ki touche l nan diferan fason. Li di:
– “Bonjou Soley” se mizik ki soti nan kè li, li konsidere l kòm nanm li, paske mizik sa a ap pote limyè e se yon envitasyon pou chanje peyi a.
– “Single Mada” se yon mizik ki rakonte istwa yon manman ki ap leve pitit san papa, yon mesaj pou defann fanmi monoparantal, ki gen pwoblèm yo.
– “Lejand” se yon lòt mizik kote Kresh onore moun k ap bay fòs, li salye lidegid yo ak karaktè yo ki kontinye enspire li sou wout li.
Majorite nan tèks yo se li menm ki ekri yo epi l jwenn sipò Mister9 ak kèk lòt atis sa ki montre angajman li nan pwojè a e kijan li santi sa li ap kreye.
Pwodiksyon EP a pa t pran twòp tan nan studio, paske li te deja planifye l pandan l ap travay sou pwojè album Mouin Ev3’w ki ta pral sòti nan Oktòb 2024. Li ajoute ke travay sou EP a te fèt pandan yon pwosesis ki pi detaye ki gen ladan analiz ak estrikti byen defini. Sa te pèmèt li kreye yon pwojè ki byen balanse anvan l lanse Tou O Zantiy.
Èske li te fasil ou difisi l pou w pwodui chak grenn mizik ?
Kresh konfime ke pwodiksyon an te fasil anpil paske li te konn sa l ap fè e li te gen yon ekip ki te pote enèji pozitif. Sepandan, li mansyone ke anpil difikilte ap vini nan lavi yon atis. Gen moman lè atis yo fè fas ak soufrans ak difikilte finansye, epi Kresh pataje eksperyans li sou sa, sou kijan li te nan moman difisil kote li menm te oblije viv nan kondisyon ki pa t fasil. Li remèsye tout moun ki te ede l atravè vwayaj sa a e li priye pou yo.
Avèk anpil pasyon, travay di ak lanmou, Tou O Zantiy rive fèt. EP sa a se pral yon nouvo etap nan karyè Kresh ki pral pote nouvo vayb nan mizik Dancehall la. Li anonse l pou mwa Avril k ap vini la rete branche.
Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine