Nou tout konnen nan HMI la chaje ak bèl Talan ke anpil moun pa t konnen ke Fantom mete limyè sou yo. Pami yo nou Jwenn Alain Valdonis anpil moun konnen sou non CZA ofisyèl ki se yon rapè epi Fotograf ki soti Delma. Li te kòmanse karyè mizikal li nan lane 2017 avèk yon mizik ki te rele Manzè Touye M. Apre yon ti poz pou aprann plis sou mizik, li te retounen an 2024 avèk yon kolaborasyon sou album Tololo Fantom nan, sou yon mizik ki rele apa li papa.
Anpil moun ta pral fè Konesans ak CZA lè Li te fè pati on gwoup mizikal Delma 83. Pou sa ki konsène etid, Li etidye fotografi ak jesyon depo, li abitye travay nan Sinema avèk anpil Gwo reyalizatè Ayisyen. CZA se yon Atis ki chaje ak Talan. Li pa sèlman yon Rapè men li se tou yon Reyalizatè, fotograf epi konpozitè.
Rankont li ak Fantom
Li te rankontre ak Fantom pandan li t ap travay kòm teknisyen sinematografi nan ClearshotEntertainment avèk Direktè RobinsonLauvince. Sa te pèmèt li devlope yon relasyon pwofesyonèl ak Fantom, papa l tou te zanmi ak Onorab la. lè l vin konn sa, sa te vin yon lòt konsiderasyon pou li, ki fè Jodi a li se youn nan Atis ki fè Pati de Team Tapajè.
kote enpispirasyon AIRBNB a soti
Mizik se yon zouti ki bay CZA anpil koneksyon enpòtan nan lavi li.
Enspirasyon Dènye mizik li an AIRBNB vini apre plizyè fwa li te pase tan nan yon Airbnb ak kèlke zanmi l. mizik Sila fè nou dekouvri tout bon ke CZA se yon Talan konfime, yon atis ki alèz sou tout estil enstrimantal.
moun ki pwodui mizik sa se MorganBeatzzz epi Vibe sa Drol pote yon touch espesyal nan pwojè a.
CZA se youn nan Atis ki trè pwomèt e ki gen pou fè Gwo bagay nan HMI la paske l s on foul Talan.
CZA ap travay sou yon nouvo demo, e li espere ke piblik la ap renmen li. Li kontinye ap pouswiv rèv li nan mizik, avèk yon vizyon klè pou avni li.
Sinema Ayisyen an ap viv yon revolisyon gras a teknoloji a ki avanse ak itilizasyon rezo sosyo. Lontan, pou yon moun te reyalize yon fim, sa te mande anpil resous ak ekipman chè. Men, jounen jodi a, tout sa chanje. Teknoloji a vin rann li pi fasil pou nenpòt moun ki gen pasyon pou sinema pran kèk imaj epi pibliye kontni yo sou rezo sosyo, espesyalman sou YouTube. Se nan fason sa nou fè konesans ak Ritchy Mix Fòkè, yon jèn reyalizatè epi DJ ki gen yon gwo pasyon pou sinema.
Ritchy Mix Fòkè, fèt yon 11 mas 2002 nan komin Kwadèboukè, vrè non li se Steeve Despeines. Li te kòmanse nan mond sinema a nan Lane 2018, lè li te reyalize premye seri li ki rele Timoun 2000, ki te fè anpil bri nan endistri a. Atravè seri sa, anpil moun te dekouvri talan li kòm yon reyalizatè. E Timoun 2000 te touche anpil kè e li te pèmèt Ritchy Mix vin pi popilè nan sinema Ayisyen an.
Yon DJ ki Tounen Yon Reyalizatè
Avan li te antre nan mond sinema a, Ritchy Mix te yon DJ ki te fè non li nan kominote Kwadèboukè. Li te kolabore ak youn nan DJ ki pi popilè nan zòn nan, DJ Swagg. Sepandan, yon jou pandan li t ap soti jwe nan yon pwogram, bandi te kidnape l, e sa te fòse li ralanti sou aktivite DJ a. Sa a te yon pwen depa pou li, paske li te pran desizyon pou l konsantre l plis sou sinema, sa ki te pouse l lanse pwòp prodiksyon li, Ritchy MixProduction.
Kreye Pwòp Prodiksyon Li
Ritchy Mix te fè eksperyans avèk anpil aktè ak atis, men apre anpil defi ak eksperyans, li deside lanse pwòp pwodiksyon li. Li te gen moman difisil kote kèk moun nan staf li te vire do ba li, men sa pa t janm sispann li. Li te toujou kenbe tèt li fò e se sa ki fè li rive kote li ye jodi a. Li se tou yon Aktè li jwe nan Li Domine m yon feyton ke MaestroKerwill te reyalize ki te fè anpil bri nan peyi a. Li te jwe ankò nan Secret Du Mariage yon Feyton Fednaelle François te fè. Nou ka di jounen jodi a Li se Youn nan Moun k ap pibliye feyton sou YouTube nan peyi a, ki gen plis moun ki ap gade l.
Enspirzsyon l soti nan MAESTRO KERWILL
Youn nan moun ki enpòtan anpil nan karyè li, e ki te ede li devlope kapasite li nan sinema, se MK. Ritchy Mix gen anpil respè pou MK, ki se youn nan pi gwo modèl li. Li te aprann anpil nan men MK, e sa te pèmèt li amelyore kapasite li nan reyalizasyon ak direksyon sinema. Li travay tou ak anpil moun ki deja gen non nan endistri a, tankou Lion, Fednaelle, Youslande, ak Malpougra.
Pi Gwo Esplwa Ak Rèv Ritchy Mix
Pi gwo eksplwa Ritchy Mix nan sinema se te lè li te kòmanse ak pwodiksyon pa li, sa ki te pèmèt li vin plis konsyan de kapasite li. Malgre anpil difikilte, li pa janm lage. Sinema se sa ki fè l viv, se li ki mete lajan nan pòch li epi pouse l pousuiv rèv li. Li pèmèt li grandi ak kontinye avanse.
Ritchy Mix Fòkè gen anpil pwojè nan wout, epi li toujou ap travay di pou li rive pi lwen. Li gen anpil rèv pou avni karyè li e li kwè ke li kapab fè gwo bagay nan sinema Ayisyen an. Li se yon jèn ki mete pasyon li nan tout sa l ap fè, e nou ka sèten ke li ap fè anpil pale de li nan endistri a nan ane k ap vini yo.
Emritch Jacques, anpil konnen sou non “Spy”, fèt yon 27 Janvye 2003 nan komin kabarè, li se yon jèn dizaynè Ayisyen ki ap fè non l nan domèn sa. Li kòmanse nan sa a depi 2016, depi lè sa a, li pa sispann grandi, travay epi devlope kapasite li yo.
Spy se yon moun ki trè pasyone de atizay vizyèl, li te toujou gen yon enterè nan sa ki gen rapò ak grafik. Avan l vin Grafis li te konn fè mizik epi fè cartoon. Se nan pibliye mizik epi fè postè pou yo, ki te pèmèt li dekouvri yon lòt talan nan li epi mennen l nan mond grafik la. Se avèk anpil detèminasyon li aprann travay grafik poukont li, e depi lè sa a, li kontinye ap pouse tèt li pi lwen.
Pandan vwayaj li nan domèn nan, Spy te enspire anpil pa kèk dizaynè Afriken ak Ikon Grafik. Sa yo pèmèt li bay plis enèji nan travay li epi toujou ap chèche nouvo estil ak teknik pou amelyore kreyasyon li yo. Li se yon atis ki toujou ap inove, toujou ap chèche nouvo fason pou eksprime tèt li.
Malgre li pa fè on etid siperyè, Spy se yon jèn ki gen anpil konesans. Li ekri Mizik byen, li rap, li fè trap epi li menm eseye chante tou. Anplis de sa, li se yon moun ki enterese nan biznis elektwonik, kote li vann iPhone, kas ak lòt akseswa. Se pa sèlman grafik li travay, li gen plan pou aprann lòt bagay tankou pwogramasyon, animasyon, 3D nimerik, ak teknik enfòmatik.
Sa ki pi remakab nan Spy, se jan li evolye nan sa li ap fè yo. Kòm yon dizaynè, li travay sou kreyasyon flyer biznis, logo ak lòt materyèl grafik. Li jwenn anpil satisfaksyon nan sa li ap fè yo e chak fwa li fè yon nouvo kreyasyon, yon fyète pwofon anvayi l. Premye atis li te travay pou li se PIC, li gen anpil fyète nan travay li te fè pou li a. Men jiskaprezan, se kreyasyon logo ak flyer biznis ki plis fè fyète l.
Spy fè konnen ke li te aprann grafik poukont li san èd moun, epi kounya li kapab bay kou anliy oswa prezansyèl sou grafik. Sa a montre jan li travay di pou devlope kapasite li nan domèn nan.
Andeyò grafik, Spy se yon gwo machann epi li se moun ki ede moun kreye kat pou achte sou entènèt. Li gen yon konesans nan fotografi, men li di se pa sa ki se pi gwo pasyon li.
Pi gwo rèv Spy se aprann sikoloji epi jwenn estabilite finansyèman nan sa l ap antreprann yo. Li gen yon vizyon klè pou lavni li e li toujou ap travay di pou atenn objektif li yo.
Spy, ki se yon jèn ki te gen anpil potansyèl depi byen bonè, li ap make non l nan endistri grafik la epi vin yon egzanp pou lòt jèn Ayisyen ki vle pouswiv pasyon yo. Li se yon moun ki pa janm sispann aprann.
Kanaval se yon tradisyon ke anpil Ayisyen pa janm negosye. Nan moman sa a, moun nan diferan domèn fè anpil kòb, sitou bò kote atis nou yo. Epòk sa pote anpil bèl opòtinite, e se nan moman sa anpil atis pwouve kapasite yo plis, sa ki pèmèt gran piblik la fè konesans ak yo atravè mereng kanavalès yo sou pakou a. Si yon atis soti yon bèl kanaval epi li fè yon gwo hit nan yon ane, li ka tou di ke rès ane a ap bèl nan men l paske nan epòk sa, nou souvan dekouvri anpil atis nan HMI la.
Sa fè plizyè ane depi pèp Ayisyen an pa t ka danse kanaval akoz pwoblèm ensekirite ki te grav anpil. Pèp la te gen yon nostalji, yo te anvi danse. Ebyen, Ministè Kilti a te anonse ke pou ane 2025 lan, kanaval la ap fèt nan vil Fòlibète.
Aprè anons sa a, plizyè atis ak gwoup mizikal te pran chemen estidyo pou yo kapab mete deyò mereng kanavalès yo. Pami yo, nou jwenn Mr. Blue Haiti, yon jèn atis k ap milite depi kèk ane nan HMI la, ki mete deyò premye mereng kanavalès li.
“Nou Pèdi” se tit Mr. Blue chwazi avèk anpil atansyon. Selon Mr. Blue Haiti, kanaval sa a se yon referans a sa peyi a te pèdi pandan tan lontan. Kanaval “Nou Pèdi”, premye kanaval solo Mr. Blue Haiti, li se yon omaj a tout tradisyon nou pèdi yo.
Kanaval ayisyen an se pa sèlman yon selebrasyon mizikal, men se yon moman pou sonje, selebre eritaj epi reflechi sou sa nou ye kòm nasyon. Se nan kad sa, atis la, Mr. Blue Haiti, vrè non li se Moise Marcel Junior, soti premye kanaval solo li: “Nou Pèdi”. Tit sa a li pa t chwazi l o aza; li pote yon chay emosyonèl ki rann omaj a tout sa peyi a te pèdi pandan tan lontan, soti nan tradisyon kiltirèl, eritaj, e menm lespri kolektif ki te fè nasyon an inik. Mr. Blue Haiti pa sèlman ap selebre kanaval la, men li sezi yon opòtinite pou pote yon mesaj fò sou enpòtans sa yo ki te fè peyi a inik ak sa ki ka toujou genyen valè.Tit “Nou Pèdi” pa sèlman pale de yon mank, li se yon apèl pou rekonstwi sa peyi a te genyen, e li se yon plededwaye pou restorasyon nan tout sa nou te pèdi pandan tan difisil yo.
“Nou Pèdi” se yon tit ki sòti nan kè Mr. Blue Haiti, yon atis ki santi anpil kè sote sou sa peyi a te ye nan tan lontan, e ki pa ka fèmen je sou jan n ap inyore yon seri tradisyon ki te fè fyète nou kòm pèp. Kanaval sa a se pa sèlman yon selebrasyon mizikal, men se yon apèl fò pou refleksyon sou jan anpil bagay nan kilti nou ap disparèt. Mr. Blue Haiti eksplike, “Pou janm wè peyi a pèdi tout sa li te posede kòm tradisyon ak eritaj. Mwen te di, si m ap fè yon kanaval, se tit sa sèlman m te ka bay. E menm si m te bay yon lòt tit, li toujou t ap sanble avèk tit ‘Nou Pèdi’ a.” Li se yon fason pou fè sonje tout sa ki te fè peyi a inik e ki sòti nan tradisyon nou yo. Li se yon refleksyon sou sa nou te genyen, sa nou pèdi, ak sa nou dwe kontinye prezève.
Se premye fwa Mr. Blue Haiti pwopoze yon kanaval solo, e sa gen anpil siyifikasyon pou li. Li soti nan yon anviwònman kote li te toujou renmen tande kanaval, men li te deside ke ane sa a ta dwe moman pou li pwouve tèt li kòm yon atis endepandan. Nan pwen sa a, li te deside mete sou pye yon kanaval pou tout moun wè ke li kapab pote yon nouvo valè nan tradisyon kanaval la.
Malgre sitiyasyon peyi a ak mank de sipò finansye, Mr. Blue Haiti te fè kanaval la poukont li. “Non, mwen pa jwenn sipò antrepriz; tout bagay fèt a fòs mwen,” li fè konnen. Sa se yon temwanyaj de detèminasyon, paske li te vle fè yon kanaval ki pou make istwa, yon kanaval ki pote yon mesaj fò. Se yon kanaval ki sòti dirèkteman nan kè li, nan pasyon li ak nan sa li kwè kòm yon misyon pou prezève sa peyi a te ye anvan tout bagay te kòmanse vin lèd konsa nan peyi a.
Mr. Blue Haiti te toujou renmen tande kanaval ki te deja fèt yo, men li pa t pran sa k te deja fèt kòm yon modèl. “Non, mwen pa t enspire pa okenn atis oswa gwoup. Mwen pa t tande okenn kanaval jiskaske mwen ka fè yon bagay ki inik, yon kanaval ki soti nan kè mwen e ki pote pwòp mesaj mwen.” Sa ki te enpòtan pou li se pa sèlman pote bèl mesaj nan mizik la, men tou sa li te vle di ak kanaval sa a. Li te montre anpil moun kapasite li kòm yon atis pou l fè on kanaval, e malgre difikilte yo, li te montre ke li ka fè yon kanaval avèk fòs pèsonèl li ak talan l. Kanaval li a gen yon vayb ki vrèman bèl e li akonpanye l ak yon bèl videyo tou.
Mr. Blue Haiti se yon enjenyè son ak beatmaker, li fè konnen ke se pa li ki fè enstrimantal kanaval la, men se li menm ki travay dirèkteman nan miksaj la. “Se pa mwen ki fè enstrimantal kanaval la, men se mwen ki mixer kanaval la,” li di.
Nou Pèdi sèvi kòm yon kanaval ki renouvle, ki onore tradisyon nou yo epi ki pèmèt tout moun sonje sa ki te bon nan peyi a. Mr. Blue Haiti montre ke, malgre tout defi ak obstak, toujou genyen espwa – yon dezi pou rann sa yo te pèdi tounen nan lavi ak nan tradisyon. Se yon apèl fò pou tout Ayisyen, pou nou pa janm bliye sa ki fè nou inik kòm pèp, e pou n kontinye lite pou sa nou kwè.
“Nou Pèdi” se yon kanaval ki pwouve ke atis yo toujou gen kapasite pou pote chanjman, menm nan pi gwo defi.