Maxcy Céant se yon jèn fotograf, jounalis kiltirèl epi reyalizatè Ayisyen ki gen yon pasyon san limit pou travay li. Li fèt Pòdepè yon 12 avril. Li grandi nan yon anviwònman ki ba li opòtinite pou devlope kapasite li nan plizyè domèn nan medya. Li etidye Sciences du Développement nan Inivèsite PAODES, kote li te aprann anpil sou sijè sosyal ak devlopman, konesans sa a ede l nan travay li kòm jounalis ak fotograf.
Maxcy Céant se fondatè ak jounalis nan Maxreports, yon medya li kreye pou pote enfòmasyon sou aktivite kiltirèl ak sosyal nan peyi a. Atravè Maxreports, li kouvri anpil evènman tankou bal, festival ak konferans pou laprès. Li se yon repòtè ak fotojounalis nan Gade Dodo, yon platfòm medya ki bay enfòmasyon sou aktivite ak aktyalite kiltirèl. Li se tou jounalis nan Aktyalite HMI, kote li fè rapò sou sa k ap pase nan HMI la akonpanye de Billy Look ak Olfton Benoit . Li se yon fotojounalis ki te travay nan Media Levanjil , kote li te pran foto ak reyalize bèl montaj videyo ki te ede nan fè pwomosyon aktivite evanjelik yo. Li te travay tou kòm fotograf ak responsab miltimedya nan Chokarella , yon gwoup medya ki vrèman enpòtan nan peyi a. Maxcy te pote kontribisyon li nan MagHaïti , kote li te sèvi kòm fotojounalis.
Maxcy Céant pa sèlman yon fotograf ak jounalis, li se tou yon moun ki angaje nan devlopman jèn talan. Li toujou ap ankadre jèn ki gen potansyèl nan domèn medya, ofri yo espas pou yo eksprime tèt yo ak vann tèt yo. Li fè anpil bèl entèvyou ak jèn atis, mete yo an valè atravè platfòm li yo, e li toujou ap chèche mwayen pou ede yo grandi nan karyè yo. Èske w te konnen Max gen anpil pasyon pou Mizik ? Wi li se yon ansyen chantè kote li ekri ak chante plizyè bèl mizik lanmou lè l te pi jèn.
Maxcy jwe yon gwo wòl nan HMI la (Haitian Music Industry). Li se youn nan jèn jounalis ki enpòtan nan endistri mizikal Ayisyen an.
Youn nan bagay ki pi enpòtan nan lavi Maxcy se fotografi. Li se yon fotograf ki gen anpil lanmou ak pasyon pou sa li fè, e li pa janm negosye sa. Li pran plezi nan kaptire moman enpòtan ak emosyon nan aktivite kiltirèl yo, li fè anpil bèl foto tou pou on pakèt gwo pèsonalite piblik atravè Maxfotografi .
Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine