Tag Archives: Mizik evanjelik

Sun Peter Tracka yon jèn Rapè ki trè talantye

Nan jenerasyon sa a, gen anpil jèn atis ki chaje ak talan, ki pote touch pa yo ak vwa yo sou anpil bèl mizik, san nou menm pa konnen se yo ki fè yo.Pami atis sa yo, m ap prezante nou Sun Peter Tracka, ki se yon jèn ki ap milite nan biznis mizik la depi kèk ane. Li abitye kolabore ak plizyè atis ki deja gen non nan HMI la, tankou Colmix ak Fantom, pou n site sa yo sèlman. Li deja mete deyò yon pakèt bèl mizik, san konte lòt jèn atis li bay kout men nan mizik pa yo. 

Vrè non li se Prospere Peterson.
Li fèt 29 jiyè 1997 nan komin Hinche, ki chita nan depatman Sant. Se nan lane 2013 li kòmanse chante ak rape, e depi lè sa a, li pa janm sispann pwodui bèl mizik.
Mizik ki ta pral pèmèt anpil moun dekouvri talan li se yon mizik ki rele “Pa Bat Kòw“.  yon mizik konsyans, ladann  li te pote anpil bèl mesaj pou  jèn  yo.

Sun Peter te fè tout etid klasik li Ayiti : depi nan preskolè jouk rive nan 6èm ane fondamantal nan Prebytéral, epi li kontinye nan Lise pou etid segondè, soti nan 7èm ane fondamantal pou rive nan filo. Li di li pa janm pouswiv okenn lòt pwofesyon : mizik se sèl chimen li chwazi, e li angaje tèt li ladan l pou lavi.

Travay Mizikal ak Pwodiksyon

Jiska prezan, Tracka gen 40 mizik nan karyè li, ki gen ladan 34 mizik solo, 6 kanaval, san konte kolaborasyon ak lòt atis. Li deja mete deyò 2 mixtape : Tou Gòl ak Immortel.  Sa montre n ke atis la pwodui anpil epi li Gen on repètwa ki rich anpil.

Kijan Koneksyon li ak Colmix epi Fantom Te rive  Fèt ?

Relasyon li ak Colmix te kòmanse pandan li t al fè yon kanaval nan Rooga Recordz  Colmix te renmen vayb li, epi Li te mete yon mizik sou yon mixtape  ko rele Rap Kreyòl Vibe, e se la koneksyon an te fèt. Yo te travay sou plizyè pwojè ansanm, sa ki te fè yo devlope yon bèl amitye.

Avèk Fantom, koneksyon an te fèt pandan Sun Peter t ap jwe nan yon pwogram kote Fantom te prezan. Fantom te remake talan li, e sa te mennen yo travay ansanm sou Mixtape Immortel la. Fantom te tou patisipe nan yon mizik li ki rele “Men Sak Hip Hop“. Se sa ki vin kreye lyen amikal ak mizikal ki genyen ant 2 Atis yo jodi a.

Sun Peter Tracka prezante tèt li kòm yon atis otantik, ki soti ak pwòp vizyon pa li. Se sa k fè fanatik yo vrèman apresye l. Malgre li pa twò jwe sou sèn rap la, li toujou ap pwodui mizik san kanpe. Li se yon atis ki trè talantye e ki kwè nan travay di.

Malgre tout efò li, li fè remake ke li, li pa jwenn ase sipò nan men medya ak blogè yo, men sa pa anpeche li kontinye pouse, mete vwa l deyò, e grandi chak jou.

Sun Peter Tracka, sou bon wout la, epi li pa gen entansyon lage.

 

Balouwis: yon jèn chantè evanjelik ki ofri vwa l bay Bondje

Nan mizik evanjelik ayisyen an, kèk vwa depase melodi pou vin mesaj ak gid espirityèl. Wislin Lubin, ke tout moun konnen sou non Balouwis, se youn nan yo. Avèk mizik li, li pote emosyon, leson, ak limyè pou moun k ap chèche laverite.

YON WOUT KI KÒMANSE NAN LEGLIZ

Balouwis grandi nan legliz kote li te pase pa divès koral avan li vin maestro. An 2016, li lanse karyè solo li, men li rete konekte ak rasin li yo. “Mwen vle fanatik yo idantifye m kòm yon chantè evanjelik,” li di.

MIZIK POU FÒME AK ENFÒME

Pou li, mizik se pa sèlman pèfòmans, men yon lekòl lavi. Li vle ede moun konprann Labib epi ranfòse lafwa yo. “Chak mo, chak nòt gen yon sans,” li eksplike.

MWEN KONTE SOU OU” : YON PRIYÈ AN MIZIK

Nan dènye mizik li “Mwen Konte Sou Ou”, li adrese Bondye dirèkteman. Se yon chante sou lafwa ak konfyans nan moman difikilte. Videyo ki akonpaye l ajoute plis emosyon ak espirasyon.

TRAVAY DI MALGRE DÈFI YO

Malgre mank sipò finansye, Balouwis kontinye ak detèminasyon. “Defi yo ap toujou la, men se yo ki pèmèt mwen grandi,” li di. Li vle kolabore ak Medjy ak Wendy epi gaye mizik li pi lwen pase Ayiti.

YON MESAJ POU JÈN ATIS YO

Pou jenerasyon k ap vini yo, li di: “Fòk nou gen pasyans epi pa kite anyen dekouraje nou.” Mizik li se pa sèlman yon chante, men yon misyon. Fanatik li yo ka swiv li sou YouTube.