Tag Archives: Nouvo Albòm

Titi Congo yon atis ki chante mizik ki gen nanm

Steevens Dormil, anpil moun konnen sou non sèn Titi Congo se yon chantè epi konpozitè. Li leve nan yon fanmi kote mizik te toujou prezan, e se youn nan rezon ki fè yo te ba li prenon sa a ki se Steevens, yon non ki soti nan Stevie Wonder. Se te yon jenerasyon ki renmen mizik anpil, e sa te kontribye anpil nan fòmasyon atis la.

Kòm anpil lòt atis, Titi Congo te kòmanse chante nan legliz kote li te patisipe nan plizyè koral. Lè li te fè premye pèfòmans solo li, sa te fèt nan yon ti fèt ke klas li t ap òganize, kote li te chante yon mizik Wanito ki rele “Banm Parenn”. Se depi lè sa li te kòmanse pran chante plis o serye lè li te wè jan elèv yo te enpresyone.

Karyè pwofesyonèl Titi Congo te kòmanse nan lane 2012 lè li te fòme premye gwoup mizikal li, ki te pote non “Masters”. Apre sa, li te pase nan de lòt gwoup ankò, ki se “Amazone” ak “Ekilib”. Li te lanse karyè solo li nan lane 2018, e depi lè sa, li te kòmanse jwe nan anpil gwo evènman.

Kòman anpil moun te dekouvri l?

Titi Congo te lanse premye albòm li, “Transcendance”, ki te pèmèt anpil moun dekouvri l. Nan albòm sa a, li te gen 2 mizik ki te vin trè popilè, “J’ai trouvé ma reine” ak “Veye m avè yo”.

Nan fen ane 2024 ki sot pase a, atis la te lanse dezyèm albòm li ki se Nou Djougan, ki te soti premye novanm. Albòm espirityèl, li gen kat gwo atis nan HMI ki kolabore avèk li, li gen  Reginald Cange, BIC Tizon Dife, Belo ak Kebert Bastien. Sa a montre yon chanjman nan direksyon mizikal Titi Congo, kote li ap pwoche plis ak rasin mizikal li yo.

Nou jwenn nan albòm sa a yon melanj de mizik rasin ak mizik elektwonik, ki se Racitronix yon nouvo konsèp Titi Congo kreye epi pote sou nouvo albòm Nou Djougan an. Konsèp sa a montre yon melanj ant mizik tradisyonèl ayisyen an rasin  ak son modèn, ki fè l sonnen byen epi inik.

Men diferan pwodiktè ki travay sou pwojè sa : Mackendy Marcelain, Walky Pierre, Baby Auguste, RJ Beat, Nathanaël Cineus ak Angello Lizius. Se ansanm pwodiktè sa yo ki te ede fè konsèp Racitronix la sonnen byen nan zòrèy nou.

Titi Congo se yon atis ki gen anpil potansyèl e li enpòtan nan HMI la. Li toujou ap mete sou pye nouvo inisyativ mizikal ki fè l distenge tèt li nan endistri a.