Valdory Valcin, anpil moun konnen sou non Valben se yon chantè, pent, ak manm gwoup mizikal Alezi. Li gen 29 ane, li fèt Delma.
Li te kòmanse chante legliz, nan koral depi l tou piti, se la li te dekouvri talan li genyen pou l chante. Depi lè sa a, mizik te tounen yon pati enpòtan nan lavi li.
li chante tout estil mizik, men li santi li pi alèz nan konpa ak R&B, kote li ka eksprime pi byen tout emosyon ak santiman li.
Anpil moun te dekouvri Valben nan lane 2023 avèk avèk yon mizik li ki te rele “Lanmou Sa”, yon mizik ki pale sou santiman li ak eksperyans li nan lanmou. Mizik sa te pèmèt li jwenn apresiyasyon ak admirasyon anpil moun.
Atis la te patisipe nan plizyè konkou mizik, men sa ki te make yon gwo etap nan karyè li se patisipasyon li nan yon konkou ke Institut Français t ap òganize, ladann li te chanpyon, e se la Manzè ki se chantez gwoup Boukman Eksperyans lan, te dekouvri talan Valben. Manzè te sezi ak kapasite vwa Valben, sa ki te pèmèt li entegre l nan gwoup lan. Se nan moman sa a Valben te kòmanse jwenn yon pi gwo vizibilite nan endistri mizikal la.
Aprè eksperyans sa a, Valben te kòmanse travay ak gwoup Alezi, kote li te pote nouvo enèji ak kreyativite. Li se yon atis ki renmen inove, e li gen yon lanmou pwofon pou mòd, sa ki fè l toujou ap chèche nouvo fason pou eksprime tèt li, swa nan mizik oswa nan estil pèsonèl li.
Li kolabore deja ak plizyè atis entènasyonal e li kontinye ap travay pi plis pou ale pi lwen. Li gen on bèl vwa ekstraòdinè ki atire anpil moun.
Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine