DJ Gens: Yon jèn Dj k ap fè fyète komin kwadèboukè patou kote l al jwe
Disc-Jockey yo se moun ki enpòtan anpil nan endistri mizikal ayisyen an. Se yo ki pote plezi ak animasyon nan tout kalite aktivite k ap fèt atravè peyi a. Nan chak kwen, gen DJ k ap mete bon vayb, k ap fè moun souri, pote bonè. Jodi a, nou pote pou ou yon jèn DJ ki soti Kwadèboukè: vrè non li se Pheguens Brevil, men anpil moun konnen li sou Non Dj Gens
Li fèt epi grandi Laplèn, nan yon lokalite ki rele Despinòs, e li selebre fèt li chak 25 jiyè. DJ Gens te mete pye nan mond DJ a nan lane 2018, e jan li di sa, li te dekouvri talan sa “nan tande mizik” paske li se yon gwo melomàn. Mizik te vin tounen yon pasyon pou li, li te tou itilize pasyon sa nan mikse mizik.
Lè DJ Gens ap jwe, w ap remake jan li konekte ak piblik la, jan li chwazi mizik li yo ak anpil presizyon, epi jan li mete bon vayb nan tout sa l ap fè. Se youn nan jèn DJ ke anpil moun apresye pou touch orijinal li, ak chwa mizik li ki toujou frape dwat nan kè moun. Li deja mete plizyè mix sou rezo sosyal, epi l ap kontinye kreye bon jan kontni pou fanatik li yo.
DJ Gens gen eksperyans nan jwe live ak plizyè atis, tankou Mechans-T, 2SSA, elatriye. Kolaborasyon sa yo mete non li nan on lòt nivo epi louvri plis pòt pou li tou.
Lè n mande DJ Gens ki DJ ki enspire li, li site Valmix ak DJ Jack kòm modèl li. DJ sa yo gen estil pa yo e yo chaje ak eksperyans, se egzanp sa yo li chwazi suiv pou li kapab ale pi lwen e kenbe orijinalite l.
Pi gwo rèv li?
“Kraze mond Deejay la,” se sa DJ Gens swete. Avèk disiplin, pasyon epi lanmou pou sa l ap fè a, li kwè l ap rive fè rèv sa tounen reyalite.
Pwojè k ap vini yo ?
Li gen yon nouvo mixtape an preparasyon:
“Gen yon mix m kòmanse travay sou li. M panse nan 2 mwa ankò l ap disponib. Nou poko gen yon non fiks pou li, men l ap gen anpil bèl mizik ladan l.”
DJ Gens se egzanp yon jèn ki kwè nan tèt li, ki pa ret tann moun pote ba li. Li ap bati karyè li chak jou ak lanmou, konsistans epi determinasyon. Rete konekte, paske DJ Gens gen anpil bon bagay k ap vini!

Fondatè & Redaktè Tapiwouj Magazine
