James Antoine ak Super Images Entertainment fè nou wè pi klè ak bèl videyo l yo

Kouvèti Atik


Yo toujou di “yon imaj vo mil mo”, jounen Jodi a, nou ka wè pawòl sa s on gwo verite. Atravè on senp foto ou videyo, anpil mesaj kapab pase. Se sa ki koz travay fotograf, videyograf, desenatè, grafis ak moun ki fè montaj videyo yo vin pi enpòtan de jou an jou. Lontan nou te konn gade videyo nwa e blan, men jodi a, gras ak devlopman teknoloji, imaj yo vin pi klè, pi bèl, epi plis pwofesyonèl. Nan tan modèn sa a, chak atis ki mete yon mizik deyò, oblije gen yon videyo pou mete mizik la an valè.

Nan endistri mizikal ayisyen an, gen kèk jèn k ap fè diferans ak kreyativite epi vizyon yo. Youn nan yo se James Antoine, yon jèn videyomekè ki soti Bèladè, nan Plato Santral. Li fèt an 1996. Li deja reyalize anpil bèl videyo ki make prezans li nan HMI la. Se pa ti bouskilad li mete nan travay li yo, e se sa ki fè non li ap vin pi enpòtan chak jou.

James Antoine kòmanse nan fè videyo nan lane 2018. Li te parèt ak tout orijinalite l paske li pa t vini pou fè menm bagay ak tout lòt moun. Se chanjman koulè li te vin pote nan videyo li yo ansanm ak nouvo “plugins” epi efè. Se ansanm inovasyon sa yo li te prezante ki te mete je kominote a sou li. Atravè Super Images Entertainment, li kontinye mete kalite anvan tout bagay.

Li fè tout etid klasik li nan lekòl Nozirel Lérisson nan Ba Delmas epi li etidye Syans Konptabilite pandan 4 lane nan Inivèsite UNUKA. Malgre sa, li chwazi swiv pasyon li nan domèn videyografi, yon domèn li te antre ladan l depi legliz kote li te konn travay sou videyo gospel.

Pou anpil jèn k ap antre nan yon domèn ki pa bay anpil lajan anAyiti, paran yo souvan ezite bay sipò. Men pou James, sa te diferan. Depi li te kòmanse, li te jwenn sipò fanmi li, espesyalman papa li, Elien Jean Meruis, ki toujou kanpe avè l. “Se pi gwo sponsor mwen,” James deklare ak fyète.

Premye videyo ki te atire anpil atansyon sou li se “Mwen avè w”, yon videyo li te reyalize pou Prettykatty. Depi lè sa, li pa janm sispann resevwa demann moun ki vle gen bèl imaj ak bon kalite travay. Pami tout gwo videyomaker k ap fè yon travay ekstraòdinè nan endistri a, Smith Étienne (Trillions Production) se moun ki enspire li e ki se modèl li nan metye a.

Youn nan videyo ki fè James Antoine santi l fyè se “Manvi Fè Tattoo”. Se yon pwojè li reyalize ak anpil pasyon, epi chak fwa li gade l, li souri. Men, videyo ki te parèt pi difisil pou li, se te “Rezilta” li t ap fè pou atis Blaze One. Li te fè fas ak anpil obstak akoz kriz peyi a: lari te bloke, pa t gen kouran, e sitiyasyon an te vrèman konplike. Malgre sa, li te rive mennen pwojè a jiska bout ak detèminasyon.

Li renmen travay ak atis tankou Fredelin François ak Kemberly, li pa limite tèt li ak okenn estil mizik. “Mwen renmen tout tandans yo,” li di — sòti nan konpa, afrokonpa, trap, rive nan rap kreyòl.

Li pa kapab konte konbyen atis li deja kolabore ak yo, men li di chak eksperyans li fè mennen l pi lwen. Pami tout bèl kote k gen nan peyi a Jakmèl se nan youn nan vil li renmen  fè tounaj, paske moun yo toujou resevwa l ak kè kontan.

Li wè tèt li nan 10 ane kòm yon videyomaker entènasyonal ki ap leve drapo Ayiti anlè pandan li ap filme atis etranje. Sa deja kòmanse: li te fè yon videyo pou yon Dominiken nan Santo Domingo, e li travay sou montaj ak “color grading” pou plizyè reyalizatè entènasyonal.

Rèv li? Fè Super Images Entertainment tounen yon lekòl videyografi an Ayiti. Avèk pasyon li, disiplin li  epi  lanmou l pou sa l ap fè a, James Antoine deja ap ekri non li nan listwa videyomaker peyi a.