Jeko Mizik : Yon “Fighter” k ap trase wout pa li nan mizik ayisyèn nan

Kouvèti Atik

Yo toujou di : chak moun ki ap viv gen yon rèv, yon objektif nan lavi. Chak moun fèt ak yon talan epi gen pasyon pou yon bagay. Nan sosyete ayisyèn nan, DJ, chantè, rapè epi foutbolè se modèl anpil jèn k ap grandi, ki depi tou piti toujou montre anpil lanmou pou metye sa yo.

Ebyen jodi a, Tapiwouj Magazine ap prezante nou Jeconias Josué Voltaire, yon rapè epi chantè anpil moun konnen sou non atis Jeko Mizik. Li se youn nan jèn atis k ap frape fò nan jenerasyon li a. Li fèt 18 novanm 2000, depi li te timoun, li te deja gen anpil  lanmou pou mizik.

Li leve  legliz, kote papa li te yon predikatè. Li te konn chante nan konsè, tankou anpil lòt atis, fanmi li te panse li t ap pèdi tan nan mizik. Men jodi a, yo vin fyè de li anpil.

Li te anrejistre premye mizik estidyo li a 14 an, men se lè li te rive nan peyi Repiblik Dominikèn li te vin pran mizik la pi oserye. “Tray Mwen” se grenn  mizik ki te fè anpil bri epi mete limyè sou talan li.

Jeko se yon atis konplè ki melanje afro, rap ak rit tradisyonèl ayisyen yo nan mizik li. Se  Sa ki fè sonnen trè orijinal, se enfliyans divès estil li t ap koute an kachèt lakay li, nan yon tan kote mizik ki pa evanjelik pa t aksepte. Li pa sèlman yon rapè, li fè tou montaj videyo. Se yon jèn ki mete tout enèji li nan chak pwojè li lanse.

Nan mwa Jiyè 2025 lan, li soti premye EP li ki rele “Fighter“, yon pwojè ki gen 6 mizik ak 2 kolaborasyon : Meek Slow ak Andy STM. Se yon pwojè li fè anpil sakrifis pou l reyalize l, men sa li di : “Se youn nan pi gwo fyète mwen.” Tit “Fighter” lan se pa ti bagay pou li, paske li wè tèt li kòm yon konbatan k ap goumen pou rèv li.

Rèv li ?  Li wè tèt  li sou sèn devan yon milyon moun, tankou Burna Boy  oswa Wizkid, pandan li ap pote drapo peyi li wo. Malgre li poko gen kolaborasyon entènasyonal, li kontinye kwè nan tèt li,  li kontinye ap goumen pou mete non li pi lwen nan HMI la.

Jeko Mizik, se pa ti efò, li fè pou kreye non sa a, el chaje ak  vizyon. nan 10 ane, li wè tèt li kòm yon referans, yon gran icon nan mizik Ayisyèn nan.

Rete konekte, paske konbatan sa a gen anpil sipriz pou nou !