FredGuitar: yon Jèn Gitaris ki Ap Fè Zòrèy Nou Plezi ak dwèt Majik li a

Kouvèti Atik

Nan jèn jenerasyon mizikal ayisyen an, gen anpil gwo talan ki ap monte ak fòs, ki pa sispann fè pale de yo, parapò ak sa yo fè e sa y ap kontinye reyalize. Youn nan mizisyen ki epate anpil moun lè l ap jwe se FredGuitar, ki se yon chantè epi gitaris. Vrè non li se Charité Fredo, li fèt 22 avril 2003 nan vil Pòtoprens.

Li te kòmanse jwe gita lè li te gen 14 an, e se lè sa tou li te kòmanse etidye mizik nan lekòl Melody School of Music. Menm jan ak anpil lòt mizisyen, se legliz li te fè premye pa li: se la li te kòmanse jwe epi chante, yon tradisyon ke li toujou kenbe jiskaprezan.

Yon Mizisyen ak Plizyè Dimansyon Akademik

FredGuitar pa sèlman yon mizisyen, li se yon jèn etidyan ki ap pouswiv plizyè chimen akademik:
– Li etidye Jounalis nan ISNAC.
– Li se etidyan 2èm ane nan École Nationale des Arts (ENARTS).
– Li ap etidye tou Sikoloji nan Faculté d’Ethnologie.

Sa montre Fredo se pa yon senp gitaris, men l se yon mizisyen pwofesyonèl ki gen anpil lòt kapasite entèlektyèl.

Enspirasyon ak Modèl

Mizisyen ki te enspire Fredo pou li vin yon gitaris se Paulson Alexandre, tandiske John Mayer ak Pat Metheny  se modèl 2 li nan jwe  gita.

Gen anpil mizisyen ki pa t gen yon kòmansman fasil nan mizik, yo te rankontre anpil difikilte ak gwo brimad nan men paran yo. Men pou Fredo, se pa te ka li. Fanmi li toujou sipòte li, yo renmen sa l ap fè a epi yo toujou voye bon enèji pou li.


Jounen jodi a, si w ap swiv byen, w ap remake li se youn nan jèn gitaris ki jwe ak plizyè gwoup mizikal epi  jèn atis nan kapital la. Pòt sa yo te kòmanse louvri pou li gras ak profesè li, Paulson Alexandre.

Se adaptabilite li, bon vayb  li pote lè l ap jwe, epi jan li fè travay li ak pwofesyonalis, ki fè anpil atis ak gwoup kontakte li sou rezo oswa atravè referans.

Kolaborasyon ak Gwoup Mizikal

Souvan nou tande gwoup oswa atis ap jwe live, men nou pa toujou bay atansyon ak  mizisyen yo ki ap fè yon travay ekstraòdinè. Ebyen, FredGuitar pote touch pa li nan plizyè gwoup tankou:
Family Band
– *KEB Band
– *Mr Pass x Scandy Band, elatriye.

Li jwe tou ak plizyè DJ epi jèn chantè an akoustik.

Rèv ak Vizyon Fredo 

Nan 10 ane, FredGuitar wè tèt li kòm yon bon gitaris ki ap kontinye fè plis zòrèy moun plezi.
Rèv li se: “Travay anpil, jwe pi byen toujou, epi bay plezi atravè mizik mwen.”

Konsèy li pou Jèn Mizisyen yo

Rete fokis, pa dekouraje. Depi w gen lanmou pou mizik epi w ap fè l byen, w ap jwenn limyè.

Peyi a pa manke talan, men se disiplin, lanmou ak respè pou sa li ap fè a ki mete FredGuitar nan nivo li ye jodi a.
Li se yon egzanp vivan pou tout jèn ki ta renmen pran chemen mizik la ak detèminasyon.