“Met Granmoun Sou Ou” de Herby Julien & JPrince: Yon Mesaj Ki Touche Tout Jenerasyon

Kouvèti Atik

“Met granmoun sou ou pou w afronte vi an, paske timoun pa al nan jandam depi lontan.” Depi w tande pawòl sa yo, ou deja gen yon lide de kiyès ki di yo. Se yon fraz ki frape fò anpil, ki motivan.  Plizyè moun ki ap viv moman difisil oswa ki nan mitan batay pèsonèl yo, itilize pawòl sa yo pou rekonfòte tèt yo, pou bay tèt yo fòs, pou pa lage.

Ebyen, otè pawòl sa yo se Herby Julien, yon jèn atis trè pwomèt ki gen yon vwa ekstraòdinè. Anpil moun te dekouvri li sou TikTok, kote li pa janm sispann epate n ak bèl entèpretasyon li fè sou divès mizik, espesyalman nan “open verse” ak “challenge“.

Si n ap byen gade pami tout atis ki viral sou tiktok yo ki konn fè entèpretasyon ak Open verse n ap remake Herby Julien se youn nan atis ki pi alèz nan sa, e fè l pi byen tou.

De 17 Mas 2014 a jodi a, sa fè egzakteman 11 lane depi lejand vivan JBeatz te mete deyò mizik “Tou Pare”, yon mizik ke anpil moun te apresye. Nan fen lane 2024 la pou antre 2025, yon ekip jèn talan ki trè viral sou TikTok te chwazi entèprete mizik sa e mete yon lòt koulè sou li.

Pami ekip sa a, nou jwenn Herby Julien, ki te bay yon vèsyon ekstraòdinè. Kelkeswa laj moun k ap tande, yo paka tande open verse Herby a sou “Tou Pare” san yo pa  epate. Vèsyon li a kontabilize plis pase 90 mil challenge sou Tiktok, yon reyalizasyon ki pa fasil ditou pou yon jèn atis.

Aprè tout siksè ak felisitasyon li resevwa sou rezo yo, Herby Julien te pwofite lanse yon vèsyon ofisyèl an kolaborasyon avèk JPrince, ke l te mete deyò 16 Jen 2025.

Kijan li te enspire pou ekri bèl pawòl sa yo?
Daprè Herby, enspirasyon an soti “nan lanati, pandan l t ap patisipe nan challenge la.” Li fè konnen li pa t sèlman fè yon rimix, men li soti yon vèsyon orijinal, kote li retire “Lavi pa konplike a” pou mete pwòp pawòl pa li.

Si w ap byen tande, w ap remake nan vèsyon orijinal ke Herby mete deyò a, pa gen okenn pawòl ki sòti dirèkteman nan mizik JBeatz la. Tout sa w tande se pawòl orijinal li, e yo  chaje ak sans epi emosyon. Herby ale pi lwen pou l eksplike sa li te vle fè pase nan kokennchenn tèks sa a.

Daprè sa li di : 
Met Granmoun sou ou, se yon reyalite ki esplike yon moun ki pè pwoblèm. Mwen menm, mwen ba l konsèy, mwen motive l. Se pawòl pa m tou. Dè pawòl, mwen tou m konn  anvi tande moun di m. That’s it.”

Herby Julien pa sèl atis ki mete vwa li sou mizik la. Li fè mizik la an kolaborasyon ak yon lòt jèn talan ki rele JPrince, ki fè yon kokennchenn travay sou li.

Men sa Herby di sou chwa li fè pou kolabore ak JPrince :
Mizik se lanmou, se pasyon. JPrince se yon frè mizikal pou mwen. Se li ki te mande m sa. Mwen pa t ezite. Se lanmou ki konekte nou deja, epi nou frape.”

Jiskaprezan, fidbak yo sou mizik la trè pozitif. Li ap mache trè byen sou tout platfòm yo, e Herby trè satisfè de sa li ak JPrince reyalize ansanm nan.

Mizik sa se dezyèm mizik estidyo Herby mete deyò, e li deja pwomèt fanatik li yo lòt single ki gen pou  soti byento.

Met Granmoun Sou Ou” disponib tout kote.