Kouvèti Atik

Nan mitan jenerasyon atis ki pote ritm Rabòday la sou do yo ak fyète, nou jwenn Joseph Garry, nou plis konnen sou non Ti Gary Suspens. Li se yon atis ki soti Delmas 65, ki deja make tras li nan HMI la ak enèji li, pasyon li epi talan li kòm chantè.

Li  etidye  mekanik nan École Sainte Trinité, men li pa janm kache ke mizik se premye lanmou li. Anpil moun te panse Ti Gary te animatè, men li mete sa klè: “M pa animatè non, mwen plis chante Rabòday.”
Se nan imite  Pouchon Duverger ki te premye pouse l antre nan mizik. Se nan entèprete anpil mizik konpa, moun te kòmanse dekouvri kapasite atistik li.

Popilarite l ta pral ogmante nan lane 2012 ak gwoup Suspens Rabòday ak mizik “ Ti blòdè pa nan bese triye, Kite kraze peyi a. Depi lè sa, li menm ak gwoup li te kontinye  lage plizyè lòt mizik ak kanaval ki te fè anpil hit tankou Ozana nan kay la,  yon kolaborasyon remakab ak Olivier Martelly ki te rele Gad on bwa. Nan koze mizik Gary se youn nan atis ki pwodui anpil.
Li di sa li klè:
M tèlman  gen mizik, m pa ka kontwole.”
Malgre li poko gen albòm solo, men ak Suspens Rabòday li te deja mete deyò yon albòm, epi li fè konnen l ap prepare premye EP pa li pandan li ap viv Ozetazini ki ap soti nan mwa k ap vini yo la.

Kijan Suspens Rabòday Te Fòme epi kijan li te rankontre ak G-Dolph

Ti Gary ak G-Dolph te rankontre pandan yo te lekòl. Yo te nan menm klas, yo te gen menm vizyon. Se sa ki te mennen yo mete sou pye gwoup Suspens Rabòday. Malgre gwoup la pa aktif ankò, yo toujou kenbe bon relasyon. Gary fè konnen li ak G-Dolph ap chèche fason pou re mete Suspens sou pye.

Enspirasyon ak Rèv

Apre Pochon, atis ki te plis enspire li se Top AdlerMan. Rèv li klè:
M vle wè m ap jwe nan gwo konsè entènasyonal, pou m voye kilti ayisyèn nan monte, sitou Rabòday.”

Malgre difikilte, li pa dekouraje
Pandan l ap viv lòtbò dlo, li kontinye batay pou mete Rabòday sou pi gwo sèn.

Joseph Garry, AKA Ti Gary Suspens, se prèv ke Rabòday pa sèlman mizik pou danse, men li kapab pote refleksyon, lespwa, ak valè pou tout jenerasyon.